BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 70
  • Yona ak yon gwo pwason

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yona ak yon gwo pwason
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Jewova te pran pasyans ak Jonas
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Li te aprann nan erè l te fè yo
    Annou imite lafwa yo
  • Jonas — Sa ki gen nan liv sa a
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Li te aprann sa k rele mizèrikòd
    Annou imite lafwa yo
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 70
Yon gwo pwason pral vale Yona.

ISTWA 70

Yona ak yon gwo pwason

GADE mesye ki nan dlo a. Li gen anpil pwoblèm, pa vre ? Men yon pwason ki pral vale l ! Èske w konnen kiyès mesye sa a ye ? Li rele Yona. Annou wè ki jan li fè tonbe nan tètchaje sa a.

Yona se pwofèt Jewova. Yon tikras tan apre pwofèt Elicha fin mouri, Jewova di Yona konsa : ‘ Ale nan gran vil Niniv la. Moun yo ap fè anpil mechanste lòtbò a. Mwen vle pou w al pale avèk yo sou sa. ’

Men, Yona pa vle ale. Sa l fè, l al pran yon bato ki prale nan yon lòt direksyon. Jewova pa kontan poutèt Yona sove a. Li fè yon gwo tanpèt van soufle. Van an tèlman fò, bato a prèt pou l koule. Maren yo sitèlman pè, y ap rele dye y ap sèvi yo pou pote yo sekou.

Maren k ap gade pa anba apre yo fin lage Yona nan lanmè a.

Finalman, Yona di yo konsa : ‘ Se Jewova, Bondye ki fè syèl la ak tè a, m ap sèvi. Se sove m ap sove pou m pa fè yon bagay li di m fè. ’ Maren yo di l konsa : ‘ Ki sa pou nou fè avè w pou tanpèt la sispann ? ’

Yona reponn : ‘ Nou mèt lage m nan lanmè a, epi lanmè a ap vin kalm. ’ Maren yo pa vle. Men, piske tanpèt la vin pi fò toujou, finalman, yo lage Yona nan lanmè. Menm kote a, tanpèt la sispann, lanmè a vin kalm.

Pandan Yona ap fè fon, yon gwo pwason vin vale l. Men, li pa mouri. Li pase twa jou twa nuit anndan vant pwason an. Yona regrèt li pa t obeyi Jewova pou l te al Niniv. Ou konn sa l fè ?

Yona priye Jewova pou l mande l sekou. Jewova fè pwason an al rann Yona bò lanmè a. Apre sa, Yona al Niniv. Èske sa pa aprann nou jan li enpòtan pou nou fè kèlkeswa sa Jewova di ?

Liv Yona a.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje