BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 71
  • Bondye pwomèt yon paradi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bondye pwomèt yon paradi
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Ki objektif Bondye pou latè ?
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • “N a wè nan Paradi a!”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Ki objektif Bondye gen pou lèzòm?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Sa k fè yo pèdi bitasyon yo a
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 71
Moun ki kontan k ap viv nan bèl Paradi Izayi pale de li a.

ISTWA 71

Bondye pwomèt yon paradi

SA A se foto yon paradi ki kapab sanble ak sa Bondye te montre pwofèt Izayi a. Izayi t ap viv yon tikras tan apre Yona.

Paradi vle di “ jaden ”. Èske sa pa fè w sonje yon bagay nou te deja wè nan liv sa a ? Jaden sa a sanble anpil avèk bèl bèl jaden Jewova te fè pou Adan ak Èv la, pa vre ? Men, èske tout tè a ap janm vin yon paradi ?

Jewova te di pwofèt Izayi pou l ekri jan paradi li pral bay pèp li a ap ye. Li di : ‘ Lou avèk ti mouton pral viv anpè ansanm. Jèn ti bèf avèk bebe lyon pral manje ansanm. Se timoun piti ki pral okipe yo. Menmsi yon tibebe ap jwe bò kot yon koulèv ki gen venen, anyen pap rive l. ’

Gen anpil moun ki ka di : ‘ Sa pap janm fèt. Te toujou gen pwoblèm sou tè a, ap toujou gen pwoblèm. ’ Men, fè yon ti reflechi : ‘ Ki jan kote Jewova te bay Adan ak Èv abite a te ye ? ’

Bondye te mete Adan ak Èv nan yon paradi. Se sèlman paske yo te dezobeyi Bondye ki fè yo te pèdi bèl kote sa a, ki fè yo vyeyi e yo mouri. Bondye pwomèt li pral bay moun ki renmen l yo menm bagay Adan ak Èv te pèdi yo.

Nan paradi k ap vini an, anyen pap fè moun mal ankò. Pral gen yon lapè total. Tout moun pral an sante epi y ap gen kè kontan. Sa pral fèt jan Bondye te vle pou bagay yo ye okòmansman an. Men, nou pral aprann ki jan Bondye pral fè tout bagay sa yo.

Izayi 11:6-9 ; Revelasyon 21:3, 4.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje