BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 72
  • Bondye pote wa Izkiya sekou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bondye pote wa Izkiya sekou
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Egzanp: Ezekyas
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Sèt bèje, uit dik: Ki sa sa vle di pou nou jodi a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Zanj Jewova a te pwoteje Ezekyas
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • “O Jewova [...] Mwen fè w konfyans”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 72
Wa Izkiya ouvri lèt wa Asiri yo devan lotèl Jewova a pandan l ap priye.

ISTWA 72

Bondye pote wa Izkiya sekou

ÈSKE w konnen poukisa mesye sa a ap priye Jewova ? Poukisa li etale lèt sa yo devan lotèl Jewova a ? Mesye a rele Izkiya. Li se wa wayòm de tribi Sid Izrayèl la. Li gen anpil tètchaje. Sa k fè sa ?

Se paske lame Asiri a te deja kraze dis tribi Nò Izrayèl la. Jewova kite sa rive paske pèp la t ap fè sa k pa bon. Kounye a, men lame Asiri a vin batay ak wayòm de tribi a.

Wa Asiri a fèk sot voye yon seri lèt bay wa Izkiya. Se lèt sa yo Izkiya depoze devan Bondye la a. Nan lèt sa yo wa Asiri a pase Jewova nan betiz, epi li mande pou Izkiya rann tèt li. Se sa k fè Izkiya priye, li di : ‘ O Jewova, sove nou anba men wa Asiri a. Lè sa a, tout nasyon yo ap konnen se ou menm sèl ki Bondye. ’ Èske Jewova ap koute Izkiya ?

Izkiya se yon bon wa. Li pa tankou move wa wayòm dis tribi Izrayèl yo. Ni li pa tankou papa l, Ahaz, ki te yon wa mechan. Izkiya te pran prekosyon pou l obeyi tout lwa Jewova yo. Se sa k fè, kou Izkiya fin lapriyè, pwofèt Izayi voye yon mesaj Jewova te ba l ba li. Li voye di l : ‘ Wa Asiri a pap gentan antre Jerizalèm. Pa youn nan sòlda l yo pap gentan pwoche kot vil la, ni yo pap gentan tire okenn flèch sou li. ’

Kadav sòlda nan kan lame Asiryen an.

Gade foto ki nan paj sa a. Èske w konnen kadav ki moun ki atè a konsa a ? Se kadav sòlda asiryen yo. Jewova te voye zanj li. Nan yon sèl nuit, li touye 185 000 sòlda asiryen. Lè wa Asiri a wè sa, li bay legen, li retounen lakay li.

Wayòm de tribi a delivre. Pèp la gen lapè pou yon moman. Men, apre lanmò wa Izkiya, yon pitit gason l ki rele Manase vin wa. Ni Manase, ni Amòn, yon pitit li ki te vin ranplase l, yo toule de se move wa. Sa fè peyi a tonbe nan vyolans ak lòt move zak. Pwòp sèvitè wa Amòn asasine l, epi yon pitit li ki rele Yochiya vin wa nan wayòm de tribi a.

2 Wa 18:1-36 ; 19:1-37 ; 21:1-25.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje