BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 73
  • Dènye bon wa Izrayèl la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Dènye bon wa Izrayèl la
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Jozyas te renmen Lwa Bondye a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Yochiya te fè zanmi ak bon moun
    Anseye pitit ou
  • Nou menm jèn, ki jan nou ta renmen lavi n ye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Annou montre nou gen zèl pou kay Jewova a!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 73
Wa Yochiya ak mesye l yo detwi zidòl yo konn sèvi nan fo adorasyon an.

ISTWA 73

Dènye bon wa Izrayèl la

YOCHIYA gen uit an sèlman lè l vin wa nan wayòm de tribi Sid Izrayèl la. Sa vle di, li pa t gen laj pou l wa. Se sa k fè, gen granmoun ki ede l kòmanse gouvène nasyon an.

Lè Yochiya vin gen setan sou pouvwa a, li kòmanse chèche Jewova. Li suiv egzanp yon seri bon wa tankou David, Yewochafat avèk Izkiya. Etan li toujou yon adolesan, li fè yon travay ki mande anpil kouraj.

Sa gen yon pakèt tan depi pifò Izrayelit ap fè sa k pa bon. Yo adore fo dye. Yo met ajenou devan zidòl. Sa Yochiya fè, li met kò l deyò ak mesye l yo pou l desitire fo adorasyon nan peyi a. Se yon gwo travay l ap fè a, paske se pa de moun k ap adore fo dye. La a, w ap gade Yochiya avèk mesye l yo k ap kraze zidòl.

Lèfini, Yochiya bay twa moun responsab reparasyon tanp Jewova a. Yo ranmase kòb nan men pèp la pou mesye yo ka peye fè travay yo. Pandan y ap travay nan tanp lan, gran prèt Ilkya jwenn yon bagay ki enpòtan anpil. Li jwenn liv lalwa Jewova te fè Moyiz ekri depi lontan an. Sa gen yon pakèt ane depi liv la te pèdi.

Yo pote liv la bay Yochiya. Li mande pou yo li l pou li. Etan l ap koute lekti a, li wè pèp la pa fè sa lalwa Jewova a mande. Sa fè l mal anpil. Li chire rad li, tankou jan w ap gade l la a. Li di konsa : ‘ Jewova fache avèk nou paske zansèt nou yo pa fè sa ki ekri nan liv sa a. ’

Wa Yochiya nan lapenn lè yo li lwa Bondye a pou li.

Yochiya mande gran prèt Ilkya pou l chèche konnen ki saJewova pral fè avèk yo. Ilkya ale kot yon pwofèt, yon fi ki rele Oulda, pou l mande l enfòmasyon. Li ba l yon mesaj Jewova ba li pou l pot bay Yochiya. Li di : ‘ Malè ap rive Jerizalèm ansanm ak tout pèp la, paske yo adore fo dye, epi yo fè yon pakèt vye bagay nan tout peyi a. Men, piske ou menm, Yochiya, ou fè sa ki bon, malè sa yo ap rive lè w fin mouri. ’

2 Kwonik 34:1-28.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje