BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 74
  • Yon mesye ki pa pè moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon mesye ki pa pè moun
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Jeremi pa t sispann pale de Jewova
    Anseye pitit ou
  • Jewova voye Jeremi al preche
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Ann met kouraj sou nou menm jan ak Jeremi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Jeremi pa t sispann sèvi Bondye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 74
Pwofèt Jeremi ap avèti Izrayelit yo avèk kran, men yo ri l.

ISTWA 74

Yon mesye ki pa pè moun

GADE jan moun yo ap pase jennonm sa a nan betiz. Èske w konn kiyès li ye ? Li rele Jeremi. Se yon gwo pwofèt Bondye li ye.

Yon tikras tan apre wa Yochiya te kòmanse kraze zidòl nan peyi a, Jewova fè Jeremi vin pwofèt Li. Men, Jeremi panse li twò jèn pou l pwofèt. Jewova di Jeremi l ap avè l.

Jeremi di Izrayelit yo pou yo sispann fè move bagay. Li di konsa : ‘ Dye moun nasyon yo ap adore yo se fo dye yo ye. ’ Men, anpil Izrayelit ret ap adore estati pase pou yo adore Jewova ki Bondye toutbon an. Lè Jeremi di yo Bondye ap pini yo poutèt mechanste y ap fè, se ri yo ri li.

Se konsa ane ap pase, Yochiya vin mouri. Apre twa mwa, pitit li a Yewoyakim vin wa. Jeremi toujou la ap di pèp la : ‘ Y ap kraze Jerizalèm si nou pa chanje konpòtman nou. ’ Prèt yo met men sou Jeremi, yo di l : ‘ Ou merite mouri pou bagay sa yo w ap di a. ’ Apre sa, yo di prens Izrayèl yo konsa : ‘ Jeremi ap pale vil nou an mal, li dwe mouri. ’

Ki sa Jeremi ap fè kounye a ? Li pa pè ! Li di yo tout konsa : ‘ Se Jewova ki voye m di nou bagay sa yo. Si nou pa chanje jan n ap viv la, Jewova ap kraze Jerizalèm. Men, nou mèt kwè sa m ap di nou la a : si nou touye m, n ap touye yon moun ki pa fè anyen ki mal. ’

Prens yo pa touye Jeremi. Men, Izrayelit yo pa chanje vye konpòtman yo a. Sa k rive, Neboukadnetza, wa Babilòn nan, vin fè lagè ak Jerizalèm. Finalman, Neboukadnetza fè anpil Izrayelit vin sèvitè l. Li bwote plizyè milye ladan yo al Babilòn. Ki jan w t ap santi w si yo ta fòse w al viv nan yon lòt peyi ?

Jeremi 1:1-8 ; 10:1-5 ; 26:1-16 ; 2 Wa 24:1-17.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje