BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 78
  • Yon ekriti sou mi an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon ekriti sou mi an
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Pawòl ki sou mi an
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Ki sa Bib la di sou Dànyèl?
    Repons Bib la bay
  • Pwen enteresan ki nan liv Dànyèl la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 78
Wa Bèlchatza ak envite l yo pè e yo sezi lè yo wè yon ekriti sou mi an.

ISTWA 78

Yon ekriti sou mi an

KI SA k ap pase la a ? Moun yo nan yon gwo fèt. Wa Babilòn nan envite mil gwo chabrak. Yo sèvi ak gode annò, gode ann ajan ak bòl yo te pran nan tanp Jewova te gen Jerizalèm nan. Bridsoukou, gen dwèt men yon moun ki parèt e li tonbe ekri sou mi an. Tout moun anba sezisman.

Se yon pitit pitit Neboukadnetza ki rele Bèlchatza ki wa kounye a. Li rele byen fò pou fè mennen mesye save l yo ba li. Li di yo konsa : ‘ Nenpòt moun ki kapab li sa ki ekri sou mi an, epi ki esplike m li, m ap ba l anpil kado epi m ap ba l twazyèm pozisyon nan wayòm nan. ’ Men, pa gen youn ki kapab li sa ki ekri sou mi an, alewè pou yo ta esplike l.

Manman wa a tande bri a e li vini nan gran salamanje a. Li di wa a : ‘ Ou pa bezwen pè konsa. Gen yon moun nan wayòm ou an ki konnen dye ki sen yo. Lè granpapa w, Neboukadnetza, te wa, li te mete l alatèt tout mesye save l yo. Li rele Danyèl. Voye chèche l. L ap di w ki satout bagay sa yo vle di. ’

Menm kote a, yo fè Danyèl vini. Danyèl pa vle pran kado. Li kòmanse esplike poukisa yon lè, Jewova te retire Neboukadnetza, anpalan de granpapa Bèlchatza, sou pouvwa a. Danyèl di : ‘ Li te gen anpil ògèy. Jewova te pini l poutèt sa. ’

Epi Danyèl di Bèlchatza konsa : ‘ Men ou menm, ou te konnen tout sa ki te rive l. Malgre sa, ou fè ògèy menm jan avèk Neboukadnetza. Ou pran ni gode, ni bòl ki te nan tanp Jewova a, ou bwè ladan yo. Ou bay dye an bwa ak dye an wòch louwanj. Ou pa onore Gran Kreyatè nou an. Se poutèt sa Bondye voye men an ekri mo sa yo. ’

Yon men ekri MENE, MENE, TEKÈL ak PASIN sou mi an.

Danyèl di : ‘ Men sa ki ekri : MENE, MENE, TEKÈL, PASIN. ’

‘ MENE vle di Bondye konte jou wayòm ou an, li mete yon bout nan li. TEKÈL vle di yo peze w nan balans, yo wè ou pa vo anyen. PASIN vle di yo bay Mèd yo ak Pès yo wayòm ou an. ’

Menm kote Danyèl ap pale a, Mèd yo ak Pès yo te deja kòmanse atake Babilòn. Yo pran vil la e yo touye Bèlchatza. Sa men an te ekri sou mi an reyalize nan menm nuit lan ! Men, ki saki pral rive Izrayelit yo kounye a ? Nou pral aprann sa. Annou wè ki saki pase Danyèl anvan.

Danyèl 5:1-31.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje