BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 81
  • Yo gen konfyans Bondye ap ede yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo gen konfyans Bondye ap ede yo
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Pèp Bondye a kite Babilòn
    Liv istwa biblik mwen an
  • Pwen enteresan ki nan liv Ezra a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Ou mèt gen konfyans Jewova ap ede w nan moman difisil
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Soti nan egzil nan Babilòn pou rive nan rekonstriksyon miray Jerizalèm
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 81
Ezra ak Izrayelit yo ap priye Jewova.

ISTWA 81

Yo gen konfyans Bondye ap ede yo

PLIZYÈ milye moun fè gwo vwayaj sa a soti Babilòn pou vini Jerizalèm. Men, lè yo rive, yo jwenn Jerizalèm depafini. Pa gen pèsonn k ap viv ladan l. Izrayelit yo gen pou yo refè tout bagay nèt nan peyi a.

Youn nan premye bagay yo fè se yon lotèl pou yo sakrifye bèt bay Jewova. Apre kèk mwa, Izrayelit yo kòmanse bati tanp lan. Men, gen ènmi k ap viv toupre a ki pa dakò. Sa yo fè, yo eseye fè Izrayelit yo pè dekwa pou yo kanpe travay la. Finalman, ènmi yo mande nouvo wa Pès la pou l fè yon lwa pou kanpe travay konstriksyon an.

Ane ale, ane vini. Kounye a, sa gen 17 an depi Izrayelit yo retounen soti Babilòn. Jewova voye pwofèt li yo Agay avèk Zekarya pou di pèp la pou yo rekòmanse konstriksyon an. Pèp la gen konfyans Bondye ap ede yo, epi yo obeyi pwofèt yo. Yo rekòmanse konstriksyon an, menmsi gen yon lwa ki kont sa.

Se konsa, gen yon fonksyonè peyi Pès ki rele Tatenay ki vin mande Izrayelit yo ki dwa yo genyen pou yo bati tanp lan. Izrayelit yo esplike l lè yo te Babilòn, wa Siris te di yo : ‘ Kounye a, nou mèt ale Jerizalèm pou nou rebati tanp Jewova Bondye nou an. ’

Tatenay voye yon lèt Babilòn pou mande si se vre Siris te di sa. Men, Siris te deja mouri. Nouvo wa Pès la pa pran tan pou voye repons lan. Li konfime Siris te di sa toutbon. E, poutèt sa, li di l nan lèt la : ‘ Kite Izrayelit yo bati tanp Bondye yo a. Mwen pase w lòd pou w ede yo. ’ Izrayelit yo te pran apeprè katran pou yo fin bati tanp lan. Se pa ti kontan yo kontan.

Anpil tan pase ankò. Kounye a, sa fè prèske 48 ane depi yo fin konstwi tanp lan. Se yon pèp ki pòv k ap viv Jerizalèm. Ni vil la, ni tanp Bondye a pa parèt bèl pase sa. Ezra, yon Izrayelit k ap viv Babilòn, aprann tanp lan bezwen repare. Ou konn sa l fè ?

Ezra al kot Atakzèsès, ki wa Pès kounye a. Se yon bon wa. Li bay Ezra anpil kado pou l al Jerizalèm. Ezra mande Izrayelit ki Babilòn yo ede l pote kado sa yo Jerizalèm. Gen apeprè 6 000 moun ki dakò pou y ale. Gen anpil ajan, anpil lò ak lòt bagay ki gen anpil valè pou yo pote ale.

Ezra enkyete l paske konn gen mechan sou tout wout la. Yo ka vòlè ajan ak lò ki nan men yo a. Yo ka touye yo. Sa Ezra fè, li reyini tout moun ansanm, tankou jan w wè sa nan foto a. Yo priye Jewova pou l pwoteje yo pandan gwo vwayaj y ap fè pou yo retounen Jerizalèm.

Jewova pwoteje yo vrèman. Apre kat mwa yo fè nan wout, yo rive Jerizalèm sennesòf. Èske sa pa montre Jewova kapab pwoteje moun ki gen konfyans l ap ede yo ?

Ezra chapit 2 a chapit 8.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje