BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 83
  • Miray Jerizalèm nan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Miray Jerizalèm nan
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Miray Jerizalèm yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Pwen enteresan ki nan liv Neyemya a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • “ Kontinye venk mal la avèk byen ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Neyemi — Sa ki gen nan liv sa a
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 83
Neyemya ak lòt Izrayelit yo travay pou rebati miray Jerizalèm nan.

ISTWA 83

Miray Jerizalèm nan

GADE tout travay Izrayelit yo ap fè la a. Yo okipe y ap konstwi miray Jerizalèm nan. Lè wa Neboukadnetza te kraze vil Jerizalèm, sa gen 152 an, li te kraze miray vil la rapyetè e li te boule pòt yo. Izrayelit yo pa t rebati miray la lè yo te fèk retounen sot Babilòn.

Dapre ou menm, ki jan pèp la santi l pou l wè l ap viv depi tout tan sa a, san pa gen miray ki antoure vil la ? Yo pa santi yo an sekirite. Ènmi ta ka vin atake yo fasilman. Finalman, mesye sa a, Neyemya, ap ede pèp la rebati miray la. Èske w konn kiyès Neyemya ye ?

Neyemya se yon Izrayelit ki soti nan vil Siz, kote Mòdekay ak Estè ap viv. Neyemya t ap travay nan palè wa a. Donk, li te gen posiblite vin bon zanmi Mòdekay ak rèn Estè. Men, Bib la pa di Neyemya t ap travay avèk wa Asyeris mari Estè a. Li t ap travay ak wa Atakzèsès, wa ki te ranplase wa Asyeris la.

Èske w sonje Atakzèsès ? Se bon wa ki te bay Ezra yon pakèt lajan pou pote Jerizalèm pou repare tanp Jewova a. Men, Ezra pa t rebati miray vil la. Annou wè ki jan fè se Neyemya ki te fè travay sa a.

Sa gen 13 an depi Atakzèsès te bay Ezra lajan pou l repare tanp lan. Kounye a, Neyemya se moun k ap sèvi wa Atakzèsès bwason. Sa vle di se li ki sèvi wa a diven, se li k ap veye pou pèsonn pa met pwazon pou wa a. Se yon travay ki gen yon pakèt enpòtans.

Ebyen, yon jou, yon frè Neyemya ki rele Anani vin wè l ansanm ak kèk lòt mesye ki sot ann Izrayèl. Yo esplike l pwoblèm Izrayelit yo ap rankontre, yo esplike l jan miray Jerizalèm yo toujou atè. Kè Neyemya fè l mal lè l tande sa, e li priye Jewova sou sa.

Yon jou, wa a remake jan Neyemya tris. Li mande l : ‘ Sa k fè w tris konsa ? ’ Neyemya esplike l se paske kondisyon yo pa bon menm pou Jerizalèm, epi miray la toujou kraze. Wa a mande l : ‘ Ki sa w vle ? ’

Neyemya reponn : ‘ Kite m al Jerizalèm pou m ka rebati miray la. ’ Wa Atakzèsès se yon bon moun. Li di Neyemya li mèt ale. Li ede l jwenn bwa pou l fè moso nan konstriksyon an. Kou Neyemya rive Jerizalèm, li esplike pèp la pwojè l genyen an. Yo renmen ide a epi yo di : ‘ Annou kòmanse travay la. ’

Kèk Izrayelit k ap rebati miray Jerizalèm nan pandan lòt ap fè gad.

Lè ènmi Izrayelit yo wè jan travay la ap mache, yo di konsa : ‘ N ap monte al touye yo. N ap kanpe travay la. ’ Men, pawòl la rive jwenn Neyemya, e li mete epe ak lans nan men travayè yo. Li di yo : ‘ Pinga nou pè ènmi nou yo. Goumen pou frè nou, pou pitit nou, pou madanm nou, pou kay nou. ’

Pèp la se yon pèp ki brav anpil. Zam yo toujou toupre yo lajounen kou lannuit. Antretan, yo kontinye ap travay. Yo fin konstwi miray la nan 52 jou sèlman. Kounye a, pèp la kapab santi l an sekirite anndan vil la. Neyemya avèk Ezra anseye pèp la lwa Bondye yo, sa fè pèp la kontan.

Men, bagay yo pa t menm ak jan sa te ye anvan yo te mennen Izrayelit yo kòm prizonye nan peyi Babilòn. Se wa Pès la k ap dirije yo kounye a, e yo dwe sèvi l. Men, Jewova pwomèt l ap ba yo yon lòt wa. Wa sa a gen pou l fè pèp la viv anpè. Kiyès wa sa a ? Ki jan li pral mete lapè sou tè a ? Anviwon 450 an pase anvan yo vin jwenn plis enfòmasyon sou sa. Lè sa a, yon tibebe vin fèt e nesans tibebe sa a gen yon pakèt enpòtans. Men, sa a se yon lòt istwa.

Neyemya chapit 1 a chapit 6.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje