BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 86
  • Yo suiv yon etwal

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo suiv yon etwal
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Jewova te pwoteje Jezi
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Astwològ yo vin vizite Jezi
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Astwològ yo vin vizite Jezi
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Kiyès ki te voye swadizan zetwal la?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 86
Astwològ yo suiv yon etwal ki klere.

ISTWA 86

Yo suiv yon etwal

ÈSKE w wè etwal ki byen klere youn nan mesye yo ap lonje dwèt sou li a ? Etwal la te parèt lè yo te kite Jerizalèm. Mesye sa yo soti nan Lès. Yo konn fè etid sou etwal. Yo kwè etwal sa a ki fèk parèt la ap mennen yo kot yon moun ki enpòtan.

Yon etwal ki klere nan syèl la sou Betleyèm.

Lè mesye yo rive Jerizalèm, yo di konsa : ‘ Kote timoun nan ki pral wa Juif yo ? ’ (“ Juif ” se yon lòt non yo bay Izrayelit yo.) Epi yo di : ‘ Premye fwa nou wè etwal timoun nan se lè nou te nan Lès. Se li menm nou vin adore. ’

Lè Ewòd, wa Jerizalèm nan tande sa, sa kontrarye l. Li pa vle pou yon lòt moun vin wa nan plas li. Sa l fè, li rele prèt an chèf yo, li mande yo : ‘ Ki kote wa yo pwomèt la gen pou l fèt ? ’ Yo reponn : ‘ Bib la di se Betleyèm. ’

Sa w tande a, Ewòd rele mesye ki te sot nan Lès yo, li di yo : ‘ Al chèche ki kote timoun nan ye. Lè nou jwenn li, fè m konnen, paske mwen menm tou mwen vle al adore l. ’ An reyalite, Ewòd te vle jwenn timoun nan pou l touye l !

Kounye a, etwal la deplase devan mesye yo, li mennen yo Betleyèm. L al kanpe egzakteman nan zòn kote timoun nan ye a. Lè mesye yo antre anndan kay la, yo jwenn Mari ansanm ak ti Jezi. Yo bay Jezi kado yo pot pou li yo. Men annapre, Jewova avèti yo nan yon rèv pou yo pa retounen kot Ewòd. Yo fè yon lòt wout, y al nan peyi yo.

Lè Ewòd aprann mesye yo retounen lakay yo, li vin byen move. Li pase lòd pou yo touye tout tigason nan vil Betleyèm ki poko depase dezan. Men, Jewova gentan di Jozèf sa nan rèv. Jozèf leve l al nan peyi Ejip ak fanmi an. Apre sa, lè Jozèf aprann Ewòd mouri, li pran Mari ak Jezi, li retounen Nazarèt avèk yo. Se la Jezi grandi.

Kiyès ou panse ki te fè nouvo etwal sa a klere ? Sonje byen, lè mesye yo te fin wè etwal la, se Jerizalèm mesye yo te ale anvan. Satan Ledyab te vle touye Pitit Gason Bondye a e li te konnen wa Ewòd t apral chèche touye l. Sa vle di se Satan ki te fè etwal la klere.

Matye 2:1-23 ; Mika 5:2.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje