BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 89
  • Jezi netwaye tanp lan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi netwaye tanp lan
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Jezi pwòpte tanp lan
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Li zele pou adorasyon Jewova
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Jezi montre l chofe pou vrè adorasyon an
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Èske bèt yo ale nan syèl?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 89
Jezi chase mesye k ap chanje lajan deyò tanp lan e li chavire tab yo.

ISTWA 89

Jezi netwaye tanp lan

JEZI byen fache la a, pa vre ? Èske w konn poukisa ? Se paske mesye sa yo ki nan tanp Jerizalèm nan, tanp Bondye a, yo ava anpil. Y ap eseye fè yon pakèt lajan sou do moun ki vin adore Bondye yo.

Èske w wè tout ti bèf, mouton ak pijon sa yo ? Ebyen, se nan tanp lan dirèk mesye yo vin vann bèt sa yo. Èske w konn sa k fè sa ? Se paske Izrayelit yo bezwen bèt sa yo pou fè sakrifis pou Bondye.

Lalwa Bondye a di lè yon Izrayelit aji mal, li dwe ofri Bondye yon sakrifis. Gen lòt lè Izrayelit yo dwe ofri sakrifis tou. Men, ki kote yon Izrayelit te ka jwenn bèt pou l sakrifye pou Bondye ?

Genyen ki posede pwòp bèt yo. Yo te kapab ofri yo an sakrifis. Men, anpil Izrayelit pa t gen bèt. Genyen tou ki te rete tèlman lwen Jerizalèm, yo pa t ka mennen yon bèt al nan tanp lan. Donk, moun yo vin nan tanp lan, e yo tou achte zannimo oswa zwazo yo gen bezwen. Men, mesye sa yo te fè moun yo peye twò chè. Yo t ap eksplwate pèp la. Epitou, yo pa t dwe fè komès nan tanp Bondye a.

Se sa k fè Jezi fache konsa. Donk, li chavire tab mesye yo kote lajan an ye a, e li gaye pyès monnen yo. Epitou, li fè kòd sèvi fwèt, li mete tout bèt yo deyò. Li bay mesye k ap vann pijon yo lòd sa a : ‘ Retire yo la a ! Sispann fè kay Papa m nan tounen kote pou n fè komès. ’

Gen nan disip Jezi yo ki ansanm avèk li nan tanp Jerizalèm nan. Lè yo wè sa Jezi fè a, yo sezi. Sa fè yo sonje yon pasaj nan Bib la ki di konsènan Pitit Bondye a : ‘ Lanmou li genyen pou kay Bondye a ap boule anndan l tankou dife. ’

Pandan Jezi nan vil Jerizalèm pou fèt Pak la, li fè anpil mirak. Apre sa, Jezi kite zòn Jide a, li fè wout pou l retounen Galile. Men, pandan li nan wout la, li pase pa distri Samari. Ann wè sa ki pase nan zòn sa a.

Jan 2:13-25 ; 4:3, 4.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje