BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 98
  • Sou mòn Olivye a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sou mòn Olivye a
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Jezi retounen nan syèl
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Jezi retounen nan syèl
    Liv istwa biblik mwen an
  • Plizyè santèn moun wè l anvan fèt Pannkòt la
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Apot yo mande yon siy
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 98
Jezi ap pale avèk kèk nan apot li yo sou mòn Olivye a.

ISTWA 98

Sou mòn Olivye a

SE JEZI ki sou mòn Olivye a la a. Kat mesye ki avèk li yo se apot li. Nou gen Andre ak Pyè, se de frè, e nou gen Jak ak Jan, de lòt frè. Se tanp Jerizalèm nan w ap gade pa lòt bò a.

Tanp lan nan Jerizalèm

Sa fè de jou depi Jezi te antre Jerizalèm sou yon ti bourik. Nou nan madi kounye a. Depi granmmaten, Jezi te gentan nan tanp lan. Se la prèt yo te eseye mete men sou li pou yo touye l. Men, yo te pè fè sa paske pèp la renmen Jezi.

Jezi te rele chèf relijye sa yo : ‘ Bann sèpan, ras vipè ! ’ Jezi te di yo konsa Bondye ap pini yo poutèt tout mechanste yo te fè yo. Apre sa, Jezi monte vin sou mòn Olivye a, epi kat apot sa yo kòmanse poze l kesyon. Ou konn ki kesyon y ap poze Jezi ?

Apot yo ap poze Jezi kesyon sou sa ki gen pou pase alavni. Yo konnen Jezi gen pou l elimine tout mechanste sou tè a. Men, yo bezwen konnen ki lè sa ap fèt. Ki lè Jezi ap retounen pou l vin dirije kòm Wa ?

Jezi konnen lè l ap retounen, disip li yo ki sou tè a pap kapab wè l. Paske lè sa a, se nan syèl la l ap ye, e yo pap kapab wè l kote l ye a. Se sa k fè Jezi site pou apot li yo kèk bagay k ap fèt sou tè a lè li va dirije kòm Wa nan syèl la. Ki bagay konsa ?

Jezi di pral genyen gwo lagè. Pral gen epidemi maladi. Pral gen gwo grangou. Yo pral fè anpil vye krim. Pral gen gwo tranblemanntè. Jezi di tou yo pral preche bon nouvèl Wayòm Bondye a tout kote sou tè a. Èske nou wè bagay sa yo ap pase nan epòk nou an ? Wi ! Donk, nou mèt gen asirans Jezi ap dirije kounye a nan syèl la. Talè konsa li pral elimine mechanste nèt sou tè a.

Matye 21:46 ; 23:1-39 ; 24:1-14 ; Mak 13:3-10.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje