BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 99
  • Nan yon chanm aletaj

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nan yon chanm aletaj
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Soupe Seyè a
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Dènye soupe Jezi ak disip li yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Annou sonje Jewova ak Pitit Gason l lan
    Koute gran Anseyan an
  • Dènye fèt Pak Jezi pral selebre a ap pwoche
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 99
Dènye soupe Jezi ak apot fidèl li yo.

ISTWA 99

Nan yon chanm aletaj

KOUNYE a nou nan de jou apre, se yon jedi swa. Jezi vin ak 12 apot li yo nan gran chanm sa a ki aletaj pou l manje manje Pak la avèk yo. Mesye w wè ki leve ale a se Jida Iskaryòt. Li pral di prèt yo jan yo ka rive arete Jezi.

Nan yè, Jida te al kot prèt yo, li te mande yo : ‘ Ki sa n ap ban m si mwen ede nou kenbe Jezi ? ’ Yo di l : ‘ N ap ba w 30 pyès ann ajan. ’ Kounye a, se kot mesye sa yo Jida prale yon fason pou l ka mennen yo kote Jezi ye a. ’ Èske se pa yon bagay ki tèrib ?

Yo fin manje manje Pak la. Men kounye a, Jezi kòmanse yon lòt repa ki espesyal. Li lonje yon pen bay apot li yo, epi li di : ‘ Manje l, paske sa a reprezante kò mwen mwen pral bay pou nou an. ’ Lèfini, li lonje yon koup diven ba yo, li di : ‘ Bwè li, sa reprezante san mwen ki pral koule pou nou an. ’ Bib la rele seremoni sa a ‘ Soupe Seyè a. ’

Izrayelit yo te konn manje manje Pak la pou yo sonje lè zanj Bondye a te ‘ pase anlè ’ tèt kay yo lè yo te ann Ejip alòske li te touye premye pitit Ejipsyen yo. Men, kounye a, Jezi vle pou disip li yo sonje l e pou yo sonje jan l te bay vi l pou yo. Se poutèt sa li di yo pou yo selebre repa espesyal sa a chak ane.

Lè yo fin manje Soupe Seyè a, Jezi di apot li yo fò yo brav epi fò yo gen gwo lafwa. Finalman, yo chante pou Bondye epi yo kite chanm nan. Li byen ta kounye a, li dwe depase minui. Ann al wè kote yo prale.

Matye 26:14-30 ; Lik 22:1-39 ; Jan chapit 13 a chapit 17 ; 1 Korentyen 11:20.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje