BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 103
  • Anndan yon chanm ki fèmen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anndan yon chanm ki fèmen
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Tonm nan vid, Jezi vivan!
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • “Mwen wè Seyè a!”
    Annou imite lafwa yo
  • Jezi resisite
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Bondye pa bliye Pitit Gason l lan
    Koute gran Anseyan an
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 103
Bondye resisite Jezi e li parèt devan disip yo.

ISTWA 103

Anndan yon chanm ki fèmen

APRE Jan ak Pyè fin vire kite tonm kote yo te mete kò Jezi a, Mari te rete la poukont li. Li pran kriye. Epi li panche tèt li pou l gade anndan tonm nan, tankou nou te wè l nan foto anvan an. Li wè de zanj anndan tonm nan ! Yo mande l : ‘ Poukisa w ap kriye konsa ? ’

Mari reponn : ‘ Yo retire Seyè m nan, mwen pa konn ki kote yo mete l. ’ Epi Mari fè yon ti vire, li wè yon mesye. Mesye a mande l : ‘ Kiyès w ap chèche ? ’

Mari panse mesye a se jadinye a, se dwe li menm ki pran kò Jezi. Li di l konsa : ‘ Si se ou ki retire l, di m ki kote w mete l. ’ Men, an reyalite, se avèk Jezi Mari ap pale. Li pran fòm kò yon moun Mari pa rekonèt. Men, kou Jezi rele l nan non l, li wè se Jezi. Li kouri al di disip yo konsa : ‘ Mwen wè Seyè a. ’

Nan pita, pandan de nan disip yo ap mache nan yon ti bouk yo rele Emayis, gen yon mesye ki vin ap mache bò kote yo. Sa fè disip yo lapenn poutèt yo touye Jezi. Men, etan yo kontinye ap mache, mesye a ap esplike yo anpil bagay nan Bib la ki soulaje yo. Finalman, etan yo kanpe pou yo manje, disip yo rekonèt se Jezi. Apre sa, Jezi disparèt devan yo. Menm kote a, de disip sa yo kouri al Jerizalèm pou y al di apot yo sa.

Pandan tout bagay sa yo ap pase, Jezi parèt sou Pyè tou. Lòt disip yo sezi tande sa. Kounye a, de disip yo monte Jerizalèm al kot apot yo. Yo esplike yo jan Jezi te parèt sou yo tou nan wout la. Epi, pandan y ap pale konsa, gen yon bagay estrawòdinè ki rive. Ou konn ki sa ?

Gade foto a pou w wè. Jezi rete konsa li parèt nan chanm nan malgre pòt la fèmen. Se pa ti kontan disip yo kontan ! Èske se pa yon gwo jou pou yo ? Sa fè konbyen fwa Jezi parèt sou disip li yo ? Èske w rive sou senk fwa ?

Apot Toma pa t avèk yo lè Jezi te parèt la. Se sa k fè, lè disip yo di l : ‘ Nou wè Seyè a ! ’ Toma di toutotan li pa wè Jezi ak pwòp je l, li pap kwè. Ebyen, sou uit jou, disip yo te ansanm nan yon chanm fèmen. Fwa sa a, Toma te la avèk yo. Jezi parèt bridsoukou anndan an. Se kounye a Toma resi kwè.

Jan 20:11-29 ; Lik 24:13-43.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje