BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 107
  • Yo lapide Etyèn

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo lapide Etyèn
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Etyèn “te plen ak favè Bondye ak pisans”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Èske w te konnen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • 3 | Retire lahèn nan lespri w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
  • Èske moun k ap fè sa ki mal ka chanje?
    Koute gran Anseyan an
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 107
Etyèn ap priye pandan mesye yo ki fache anpil ap lapide l.

ISTWA 107

Yo lapide Etyèn

MESYE ou wè ki ajenou an se Etyèn. Li se yon disip Jezi, yon disip fidèl. Men, gade nan ki sa l ye la a ! Moun yo ap kalonnen l anba gwo kout wòch. Poukisa yo rayi Etyèn konsa, opwen y ap fè bagay tèrib sa a ? Ann al gade.

Bondye pèmèt Etyèn fè gwo mirak. Mesye sa yo pa renmen sa. Sa yo fè, yo tonbe diskite avè l sou verite l ap anseye moun yo. Men, grasa anpil sajès Bondye bay Etyèn, li demontre se manti mesye yo ap anseye. Se atò yo fache. Yo mete men sou li. Yo fè moun vin akize l mal.

Gran prèt la mande Etyèn : ‘ Èske sa yo di a se vre ? ’ Etyèn fè yon bèl diskou kote li ba yo repons ki soti nan Bib la. Pou l fini, li esplike jan mechan yo te toujou rayi pwofèt Jewova yo depi lontan. Epi li di yo : ‘ Nou menm jan avèk mesye sa yo. Nou touye Jezi, sèvitè Bondye a. Nou pa obeyi lwa Bondye yo. ’

Tande chèf relijye yo tande sa, yo tèlman fache yo manje dan ! Men, lè sa a, Etyèn leve tèt li anlè, li di : ‘ Men m wè Jezi ki kanpe adwat Bondye nan syèl la ! ’ Menm kote a, mesye yo bouche zòrèy yo, yo fonse sou Etyèn, yo atrap li e yo trennen l pa deyò vil la.

Lè yo rive, yo retire manto sou yo, yo bay yon jennonm ki rele Sol kenbe yo. Èske w wè Sol ? Se konsa, gen nan mesye yo ki pran lapide Etyèn. Etyèn met ajenou jan w ap gade la a. Li priye Bondye, li di : ‘ Jewova, pa pini yo pou move bagay sa a y ap fè a. ’ Li konnen gen nan mesye yo, se chèf relijye yo k ap pouse yo aji. Apre sa, Etyèn mouri.

Lè yon moun fè w yon bagay ki mal, èske w chèche rann mal pou mal ? Èske w mande Bondye pou l vanje pou ou ? Se pa sa ni Etyèn, ni Jezi te fè. Yo te byen aji ata ak moun ki te mal aji avèk yo. Annou wè si n a suiv egzanp yo.

Travay 6:8-15 ; 7:1-60.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje