BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 110
  • Timote vin ede Pòl

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Timote vin ede Pòl
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Timote te prè e li te dispoze sèvi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • “Pitit mwen nan Seyè a, yon pitit mwen renmen e ki fidèl”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Pòl ak Timote
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Moun nan anpil nasyon vin kretyen
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 110
Pòl ak Timote.

ISTWA 110

Timote vin ede Pòl

JENNONM ou remake ki avèk apot Pòl la rele Timote. Timote ap viv avèk fanmi l yon kote yo rele Lis. Manman l rele Enis, grann li rele Loyis.

Sa fè twa fwa Pòl vizite Lis. Sa ka gen ennan konsa depi Pòl te vin preche ak Banabas nan zòn sa a pandan yon vwayaj predikasyon. Kounye a, Pòl retounen ankò avèk yon zanmi l ki rele Silas.

Èske w konnen ki saPòl ap di Timote la a ? Li mande l : ‘ Èske w pa ta renmen akonpaye Silas avè m ? W ap byen ede nou preche nan kote ki lwen yo. ’

Timote reponn : ‘ Mèwi, mwen ta renmen ale. ’ Yon tikras tan apre sa, Timote kite fanmi l, l ale avèk Pòl ak Silas. Men, anvan nou pale de vwayaj yo a, annou gade ki saki rive Pòl. Sa fè 17 an depi Jezi te parèt sou li sou wout Damas.

Sonje byen, Pòl te al Damas pou l pèsekite disip Jezi yo. Men kounye a, li menm li vin yon disip ! Sa k vin rive, gen ènmi ki fè konplo pou yo touye Pòl paske yo pa renmen sa l ap anseye sou Jezi yo. Men, disip yo ede Pòl chape poul li. Yo fè l antre nan yon pànye e yo desann pànye a pa lòt bò miray vil la.

Apre sa, Pòl al preche Antyòch. Se nan zòn sa a yo te rele disip Jezi yo “ kretyen ” pou premye fwa. Etan Pòl ak Banabas Antyòch, yo voye yo al preche nan peyi ki byen lwen. Youn nan vil yo vizite yo rele Lis, kote Timote abite a.

Kounye a, anviwon ennan apre, Pòl retounen Lis nan dezyèm vwayaj li a. Lè Timote vwayaje ak Pòl ak Silas la, èske w konnen ki kote yo ale ? Annou gade kat la pou nou aprann kèk nan peyi yo.

Kat jeyografik ki montre zòn Pòl ak Timote te vizite yo

Toudabò, yo al Ikonyòm, yon vil ki toupre a. Apre sa, nan dezyèm vil yo ale se Antyòch. Lèfini, yo monte al Twowas, Filip, Tesalonik ak Bere. Èske w wè kote Atèn ye nan kat la ? Pòl preche la tou. Apre sa, yo fè ennan edmi ap preche Korent. Finalman, yo pase yon ti tan Efèz. Epi, yo pran bato, y al Sezare. Etan yo la, yo ale Antyòch lakay Pòl.

Nan konsa, Timote fè plizyè santèn kilomèt ap preche “ bon nouvèl la ” avèk Pòl. Li ede l fonde anpil kongregasyon. Lè w gran, èske w ap sèvi Bondye fidèlman menm jan ak Timote ?

Travay 9:19-30 ; 11:19-26 ; chapit 13 a chapit 17 ; Tr 18:1-22.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje