BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 112
  • Y al chwe sou yon zile

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Y al chwe sou yon zile
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Jezi kapab pwoteje nou
    Koute gran Anseyan an
  • Jezi mache sou dlo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Yo ta renmen gen yon dirijan ki siperyè lèzòm
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Yon jèn gason ki tonbe dòmi
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 112
Pòl ak lòt moun ki te fè nofraj yo rive bò yon rivaj sou zile Malt.

ISTWA 112

Y al chwe sou yon zile

GADE ! Bato a gen pwoblèm ! Li kraze pak an pak ! Èske w wè moun yo ki lage kò yo nan dlo a ? Genyen ki gentan rive bò rivaj la. Èske se Pòl ki la a ? Ann al wè ki saki rive l.

Sonje Pòl te fè dezan nan prizon Sezare. Apre sa, yo mete li menm ansanm ak kèk lòt prizonye nan yon bato pou y ale Wòm. Pandan y ap pase bò zile Krèt, gen yon gwo tanpèt ki frape yo. Van an tèlman fò, maren yo pa kapab dirije bato a ankò. Yo pa wè solèy lajounen, yo pa wè etwal lannuit. Finalman, apre plizyè jou, moun ki abò yo pèdi espwa pou yo ta chape.

Pòl kanpe, li di yo konsa : ‘ Nanpwen youn nan nou k ap mouri. Se sèl bato a k ap pèdi. Paske yè swa yon zanj Bondye te vin di m konsa : “ Pòl, ou pa bezwen pè ! Fòk ou parèt devan Seza, gouvènè Wòm nan. Bondye ap sove tout moun k ap vwayaje avèk ou yo. ” ’

Sou 14yèm jou tanpèt la, li te anviwon minui, maren yo remake lanmè a pa fon kote yo ye a ! Yo te pè pou yo pa kraze nan resif nan fènwa a. Sa yo fè, yo jete lank. Lè l pral jou, yo wè bòdmè. Yo deside eseye dirije bato a sou plaj la.

Ebyen lè yo prèt pou rive atè, bato a al antre nan yon ban sab. Li pa ka fè ni agoch ni adwat. Vag lanmè a kòmanse ap frape sou li, epi li kraze pak an pak. Ofisye ki alatèt la di konsa : ‘ Tout moun ki konn naje, lage kò nou nan dlo a anvan, naje sot deyò. Rès moun yo, plonje dèyè yo, kenbe moso bwa k ap sot nan bato a. ’ Yo fè sa vre, se konsa tout 276 moun ki te nan bato a rive atè sennesòf jan zanj lan te pwomèt la.

Zile a rele Malt. Abitan nan zòn nan se bon moun yo ye. Yo pran swen tout moun ki te nan bato a. Lè tan an vin pi bon, yo anbake Pòl nan yon lòt bato, yo mennen l Wòm.

Travay 27:1-44 ; 28:1-14.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje