BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ssb kantik 10
  • Pa krenn yo !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pa krenn yo !
  • Ann chante louwanj pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Pa pè yo!
    Ann chante pou Jewova
  • Pa pè yo!
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Annou suiv Wa gèrye a !
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Pran pozisyon pou Jewova !
    Ann chante louwanj pou Jewova
Gade plis
Ann chante louwanj pou Jewova
Ssb kantik 10

Kantik 10 (27)

Pa krenn yo !

(Matye 10:28)

1. Nou menm pèp mwen, nou mèt vanse

Nan pwoklame Wayòm nan.

Pa tranble devan ènmi,

Bay laverite ak kran.

Fè konnen Jezi gentan Wa,

Nan syèl tout ènmi chase.

Talè li pral mare Dyab la,

Viktim yo ap libere.

(Refren)

2. Kit ènmi yo la pa pakèt,

Kit y ap plede fè menas,

Kit pawòl yo dous anpil,

Se nayif y ap pran nan nas.

Pa pè yo, gèrye fidèl mwen,

Goumen pou kè n pa febli !

M ap prezève moun ki fidèl,

K ap sèvi m san konpwomi.

(Refren)

3. Pa panse m ap janm bliye nou,

Fòs ak boukliye se mwen.

Menmsi lanmò ta met pye,

Mwen gen kle l sa se sèten.

Pa pè ènmi, gèrye kretyen,

Menm lè nou jwenn gwo presyon,

M ap veye sou moun ki fidèl,

Ak mwen y ap jwenn pwoteksyon.

(REFREN)

Pa pè sa yo k ap touye kò,

Men ki pa ka detwi nanm.

Rete fidèl jiska lafen,

M ap ede nou kenbe djanm.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje