BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ssb kantik 15
  • Chemen estrawòdinè lanmou an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Chemen estrawòdinè lanmou an
  • Ann chante louwanj pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • “Bondye se lanmou”
    Ann chante pou Jewova
  • “Bondye se lanmou”
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Annou kiltive lanmou ki pa janm fayi a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • “Se pou nou kontinye mache nan lanmou”
    Annou pwoche bò kote Jewova
Gade plis
Ann chante louwanj pou Jewova
Ssb kantik 15

Kantik 15 (35)

Chemen estrawòdinè lanmou an

(1 Korentyen 13)

1. Bondye lanmou an mande nou,

Pou nou suiv chemen lanmou.

Ann kite lanmou pou Bondye

Gide tout aksyon n chak jou.

Menmsi n gen lafwa, konesans,

Don lang ak don pwofesi,

Si nou pa ta genyen lanmou,

Tousa t ap pou granmesi.

2. Nou gendwa ap preche anpil,

Andire pèsekisyon.

Ki pwofi sa t ap pot pou nou,

Si mobil nou pa ta bon ?

Lanmou trè pasyan e li bon,

Li rejte vye ajisman,

Li pa jalou, li pa fè wè,

Li gen tak, li byenveyan.

3. Vrè lanmou pa janm irite,

Sa ki mal pa fè l plezi.

Li solid, li konn andire,

Nan sa ki dwat li rejwi.

Lafwa, lespwa, lanmou ap la,

Toutotan n sèvi Bondye.

Men, sa k pi estrawòdinè,

Se lanmou Bondye mete.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje