BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ssb kantik 66
  • “ Akeyi nou youn lòt ” !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Akeyi nou youn lòt ” !
  • Ann chante louwanj pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Ann akeyi youn lòt
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Ann akeyi youn lòt
    Ann chante pou Jewova
  • Annou viv ann amoni ak non nou pote a
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Annou viv ann amoni ak non nou pote a
    Ann chante pou Jewova
Gade plis
Ann chante louwanj pou Jewova
Ssb kantik 66

Kantik 66 (155)

“ Akeyi nou youn lòt ” !

(Women 15:7)

1. Menm jan Jezi akeyi nou, ann akeyi youn lòt !

Kris te mouri pou frè nou yo, ann ba yo lamenfòt.

Konsa, nou menm ki djanm, annou soutni moun ki fèb yo,

Ann ede yo kenbe lafwa yo nan yon wo nivo.

Wi, bagay pwofèt Bondye yo ekri yo ka ede n,

Grasa andirans nou, yo ka konsole n, fòtifye n.

Kidonk, ann pa eseye fè tèt nou plezi sèlman,

Ann wè enterè frè n kòmsi se te pa nou vrèman.

2. Bondye akeyi moun ki sispann aprann fè lagè.

Talè Jezi Kris pral retabli lapè sou latè.

L’atire tout kalite moun nan tout lang, tout nasyon,

Li met nan kè yo dezi pou suiv lwa l ak atansyon.

E pou glwa Bondye, yon bon akèy, se sa nou ofri

Tout moun, san distenksyon e san n pa janm fè patipri.

Annou chèche imite ospitalite Bondye.

Kòm moun k ap suiv Jezi, nou dwe elaji kè nou vre.

3. Ann ankouraje tout moun pou yo louwe Jewova,

Pou yo chante lwanj li e pou yo jwenn anpil lajwa.

Pou sa fèt, nou dwe toujou preche nan kay, nan lari,

Mesaj konsènan renome Bondye, nan tout peyi.

Wi, privilèj louwe Ya fason s’a pap la ankò.

Se dènye jou mechan yo, nou pap pè di sa byen fò.

Donk, ann renmen frè n, pou moun wè kiyès ki vrè Dye a.

Wi, annou akeyi youn lòt, jan Labib di n fè sa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje