Kantik 97 (217)
Annou vin zanmi Jewova
1. Kiyès, o Jewova, k ap zanmi w, Dye lanmou ?
Kiyès w ap bay pèmisyon rete toutan nan tant ou ?
Sil’a, o Dye Trèwo, k ap sèvi w san defo,
Wi, sil’a ki gen kè ki pwòp, ki pa aji an fo.
Kiyès, o Jewova, w ap chwazi pou zanmi ?
Kiyès, toutbon, nan montay sakre w la, k ap gen lavi ?
Sil’a ki byen veye pou l pa blese pwochen l nan fason l pale.
(Refren)
2. Kiyès, o Jewova, k ap ret avè w toutan ?
Kiyès w ap ka tolere e k ap vin zanmi w vrèman ?
Wi, sil’a ki onèt, menm lè li sibi pèt.
Sil’a ki, nan chemen lanmou, mache san l pa regrèt.
Nou vrèman vle, o Dye, kiltive amitye w.
Ede nou konprann volonte w, o Ya, nou sipliye w.
Aksyon n dwe fè w plezi, nou pap trayi w pou n ka kenbe w kòm zanmi.
(Refren)
3. Avèk ou, Jewova, nou vle toujou rete.
Lapè w depase tout bagay, li anlè tout panse.
Pa mwayen Jezi Kris, ou ban n lavi gratis.
Adorasyon w ki pwòp fè anpil moun aprann jistis.
E se pou sa, o Dye, n ap kenbe avèk swen
Bèl amitye w ofri nou, konsa n ap gen yon vi sen.
Ala yon bèl tablo : yon sèl twoupo ki sou montay ou ki wo !
(REFREN)
Jewova, nou swete zanmi ou nètale.