BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gt chap. 31
  • Yo kase kèk grap ble yon jou saba

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo kase kèk grap ble yon jou saba
  • Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sou menm sijè a
  • Yo kase kèk grap ble nan jou saba a
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Èske kretyen yo dwe obsève saba?
    Repons Bib la bay
  • Ki sa moun gen dwa fè nan jou saba a
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • “Gen yon lè” pou moun travay ak “yon lè” pou moun pran repo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
gt chap. 31

Chapit 31

Yo kase kèk grap ble yon jou saba

TALÈ konsa, Jezi ak disip li yo pral kite Jerizalèm pou yo retounen Galile. Se sezon prentan, e gen grap ble sou pye nan jaden yo. Disip Jezi yo grangou. Se poutèt sa yo kase kèk grap ble pou yo manje. Men, piske se jou saba, sa yo fè a atire atansyon moun.

Sa pa gen twò lontan depi chèf relijye yo nan Jerizalèm t ap chèche touye Jezi, paske yo pretann li vyole saba. Kounye a, Farizyen yo vin akize Jezi. Yo di l: “Apa disip ou yo ap fè yon bagay yo pa gen dwa fè nan jou saba!”

Farizyen yo pretann, lefètke disip Jezi yo keyi grap ble e yo fwote yo nan men yo pou yo manje, se rekòlte yo rekòlte e se degrennen yo degrennen grenn ble. Men, entèpretasyon strik Farizyen yo fè sou sa ki vrèman reprezante travay pandan saba a fè saba a tounen yon pwa lou, alòske li dwe yon moman ki bay kè kontan, yon moman kote moun jwenn ankourajman nan domèn espirityèl. Se poutèt sa Jezi sèvi ak egzanp nan Ekriti yo pou l montre Jewova Dye pa t janm gen nan entansyon l pou l fè yon aplikasyon strik konsa sou lwa Li te bay sou saba a.

Jezi di lè David ak mesye ki te ansanm avè l yo te grangou, yo te pase nan tabènak la e yo te manje pen yo konn prezante devan Bondye yo. Yo te deja retire pen sa yo devan Jewova e yo te ranplase yo ak pen ki fre, e se prèt yo ki te konn manje pen yo retire yo. Poutan, nan sikonstans sa a, David ak mesye ki te avè l yo pa t koupab poutèt yo te manje pen yo te retire yo.

Jezi bay yon lòt egzanp, li di: “Èske nou pa li nan Lalwa, nan jou saba a, prèt yo travay nan tanp lan, epoutan yo pa koupab?” Anfèt, menm nan jou saba a, prèt yo kontinye touye bèt e yo kontinye fè lòt travay nan tanp lan pou yo prepare sakrifis bèt y ap ofri yo. Jezi di yo: “Ebyen, m ap di nou sa, gen yon moun la a ki pi enpòtan pase tanp lan.”

Jezi reprimande Farizyen yo, li di yo: “Si nou te konprann sa sa vle di: ‘Se mizèrikòd mwen vle, se pa sakrifis’, nou pa t ap kondane moun ki inosan.” Alafen, li di yo: “Paske, Pitit lòm nan se Seyè saba a.” Ki sa Jezi vle di la a? Li vle pale de Wayòm li an k ap pote lapè e ki pral dirije pandan mil an.

Kounye a, sa fè 6 000 an depi limanite ap soufri anba esklavaj terib Satan Ledyab ap fè yo sibi a e depi vyolans ak lagè ap frape chak jou. Yon lòt bò, gran saba ki pral genyen sou rèy Kris la se pral yon moman kote moun ap jwenn repo anba tout soufrans ak move tretman sa yo. Matye 12:1-8; Levitik 24:5-9; 1 Samyèl 21:1-6; Nonb 28:9; Ocheya 6:6.

▪ Ki akizasyon yo lage sou disip Jezi yo, e ki jan Jezi reponn akizasyon sa a?

▪ Ki mankman Farizyen yo genyen Jezi devwale?

▪ Nan ki sans Jezi se “Seyè saba a”?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje