BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gt chap. 34
  • Li chwazi apot li yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li chwazi apot li yo
  • Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sou menm sijè a
  • Jezi chwazi douz apot
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi ap anseye sou yon mòn
    Liv istwa biblik mwen an
  • Jezi chwazi 12 apot li yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Premye disip Jezi yo
    Koute gran Anseyan an
Gade plis
Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
gt chap. 34

Chapit 34

Li chwazi apot li yo

SA GEN anviwon ennan edmi depi Jan ki te konn batize moun nan te fè konnen Jezi se Timouton Bondye a e depi Jezi te kòmanse aktivite l. Nan moman sa a, Andre, Simon Pyè, Jan, e petèt Jak (frè Jan), ansanm ak Filip ak Natanayèl (yo rele Batèlmi tou) te vin premye disip Jezi. Ofiramezi, plizyè lòt moun vin suiv Kris avèk yo.

Kounye a, Jezi pare pou l chwazi apot li yo. Se yo menm k ap vin konpayon ki pi pwòch li e yo pral resevwa yon fòmasyon espesyal. Men, anvan Jezi chwazi yo, li monte nan yon mòn e li pase tout nuit lan ap lapriyè, sandout li t ap mande Bondye sajès ak benediksyon. Lè l fè jou, li rele disip li yo e li chwazi 12 ladan yo. Sepandan, piske yo toujou ap aprann nan men Jezi, yo kontinye rele disip.

Sis nan disip Jezi chwazi yo, non yo ekri pi wo a, se yo menm ki te vin premye disip li. Anplis de sa, Jezi chwazi Matye, mesye li t al chèche nan biwo kontribisyon an. Senk lòt disip Jezi chwazi yo se Jida (ki rele Tade tou), Jida Iskaryòt, Simon, yo rele Kananeyen an, Toma, ak Jak pitit Alfe a. Yo te rele Jak sa a Jak Pi Piti a, petèt paske li te pi kout oswa li te pi jèn pase lòt apot ki rele Jak la.

Kounye a, 12 mesye sa yo gentan gen yon bon tan depi yo ansanm ak Jezi e li konnen yo byen. Anfèt, plizyè nan yo se fanmi l. Sandout, Jak ak frè l Jan se kouzen jèmen Jezi. Li pwobab pou Alfe se te frè Jozèf ki papa adoptif Jezi. Kidonk, pitit gason Alfe a, apot Jak, se ta kouzen Jezi tou.

Natirèlman, Jezi pa gen pwoblèm pou l sonje non apot li yo. Men, èske w ka sonje non yo? Bon, yon bagay ki ka ede w se si w ta rive sonje gen de disip ki rele Simon, de ki rele Jak, ak de ki rele Jida. Youn nan Simon yo gen yon frè l ki rele Andre, e youn nan Jak yo gen yon frè l ki rele Jan. Sa a se yon bon fason pou nou sonje non uit nan apot yo. Pami kat lòt yo, gen yon pèseptè (Matye), gen yon disip ki t ap vin gen dout pi devan (Toma), gen youn ki te anba yon pyebwa lè Jezi te rele l (Natanayèl), e gen zanmi l lan Filip.

Onz nan apot Jezi yo se moun Galile, peyi kote Jezi te leve. Natanayèl se moun Kana. Filip, Pyè ak Andre se moun Betsayida, annapre Pyè ak Andre t al abite Kapènawòm. Sanble se nan vil sa a Matye t ap viv. Jak ak Jan te gen biznis lapèch e sanble yo te abite Kapènawòm oubyen toupre. Sanble Jida Iskaryòt, ki t apral trayi Jezi pi devan, se sèl apot ki moun Jide. Mak 3:13-19; Lik 6:12-16.

▪ Kiyès nan apot yo petèt ki fanmi Jezi?

▪ Kiyès ki apot Jezi yo, e ki jan w ka fè pou w sonje non yo?

▪ Ki kote apot yo moun?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje