Chapit 37
Jezi konsole yon vèv ki nan lapenn
YON tikras tan apre Jezi fin geri sèvitè ofisye women an, li pran wout pou l al Nayin, yon vil ki nan direksyon sidwès, apre w fin kite Kapènawòm, e gen plis pase 30 kilomèt ki separe Nayin ak Kapènawòm. Disip Jezi yo akonpaye l ansanm ak yon gwo foul moun. Sanble li prèske aswè lè y ap pwoche arebò vil Nayin. Se la yo rankontre yon antèman. Gen moun k ap sot nan vil la ak kadav yon jenn gason pou y al antere l.
Manman jenn gason an nan yon sitiyasyon ki tris anpil piske li se yon vèv e se yon sèl pitit la li te genyen. Sandout, apre lanmò mari l, li te pran kouraj paske li gen yon pitit. Li te mete tout espwa l nan avni pitit li a. Men kounye a, li pa gen pèsonn pou konsole l. Se pa ti lapenn li genyen pandan moun nan vil la pral ansanm avè l nan simityè a!
Lè Jezi wè madanm nan, kè l fè l mal pou l wè gwo tristès li genyen. Se poutèt sa, Jezi pale avè l avèk tandrès, men avèk yon fèmte ki bay vèv la konfyans. Li di l: “Sispann kriye.” Fason Jezi aji a atire atansyon foul la. Se poutèt sa, lè li pwoche e li touche branka yo t ap pote kadav la, moun ki t ap pote l yo kanpe sèk. Tout moun dwe ap mande tèt yo ki sa l pral fè.
Se vre moun ki akonpaye Jezi yo deja wè l fè mirak pou l geri anpil moun malad. Men sanble yo poko janm wè li leve yon moun mouri. Èske l ka fè yon bagay konsa? Jezi bay kadav la lòd, li di l: “Jennonm, mwen di w: Leve!” Epi jennonm nan leve chita. Li kòmanse pale, epi Jezi remèt manman l li.
Lè moun yo wè jennonm nan vivan toutbon, yo pran di: “Gen yon gwo pwofèt ki parèt nan mitan nou.” Gen lòt moun ki di: “Bondye vire je l gade pèp li a.” Nouvèl konsènan aksyon etonan sa a gaye byen vit nan tout Jide ak nan tout zòn ki ozalantou yo.
Jan ki te konn batize moun nan toujou nan prizon, e li ta renmen konnen plis bagay sou sa Jezi ka reyalize. Disip Jan yo rakonte l mirak sa yo. Ki jan l reyaji? Lik 7:11-18.
▪ Ki sa k pase pandan Jezi ap pwoche arebò vil Nayin?
▪ Ki efè sa Jezi wè a gen sou li, e ki sa l fè?
▪ Ki jan moun yo reyaji devan mirak Jezi fè a?