BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • rq leson 1 p. 3
  • Men jan w ka rive konnen sa Bondye vle

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Men jan w ka rive konnen sa Bondye vle
  • Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Sou menm sijè a
  • Bondye pale avèk nou pa mwayen Bib la
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Èske se Bondye ki bay bon nouvèl la vre?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Poukisa w dwe kite Bondye anseye w?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Yon lèt Bondye ki renmen nou ekri nou
    Koute gran Anseyan an
Gade plis
Ki sa Bondye vle nou fè?
rq leson 1 p. 3

Leson 1

Men jan w ka rive konnen sa Bondye vle

Ki bagay enpòtan Bib la aprann nou ? (1)

Ki moun ki mèt Bib la ? (2)

Poukisa w ta dwe etidye Bib la ? (3)

1. Bib la se yon kado presye Bondye bay. Se tankou yon lèt yon bon papa voye bay pitit li yo. Li aprann nou laverite sou Bondye : ki moun li ye, ki jan li wè bagay yo. Li esplike kouman pou nou debouye nou ak pwoblèm yo epi kouman pou nou jwenn vrè bonè a. Se sèl Bib la ki di nou sa nou dwe fè pou fè Bondye plezi. — Sòm 1:1-3 ; Izayi 48:17, 18.

2. Anviwon karant kalite gason te patisipe nan ekri Bib la. Travay la te kòmanse an 1513 anvan epòk nou an e li te fini sou 1600 lane. Bib la fèt ak 66 ti liv. Bondye te enspire moun yo ki te ekri Bib la. Se panse Bondye yo te ekri se pa panse pa yo. Kifè se Bondye nan syèl la ki Mèt Bib la, se pa okenn moun sou latè. — 2 Timote 3:16, 17 ; 2 Pyè 1:20, 21.

3. Bondye te veye aske yo rekopye Bib la korèkteman epi pou yo konsève l. Yo enprime plis Bib pase nenpòt lòt liv. Tout moun pap kontan wè w ap etidye Labib, men pa kite sa estope w. Lavi etènèl ou depann de efò w ap fè pou w konnen Bondye ak efò pou w fè volonte l, menm si w jwenn opozisyon. — Matye 5:10-12 ; Jan 17:3.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje