BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • rq leson 9 p. 18-19
  • Sèvitè Bondye yo dwe pwòp

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sèvitè Bondye yo dwe pwòp
  • Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Sou menm sijè a
  • Bondye renmen moun ki pwòp
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Jewova vle pou pèp li a pwòp
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Ki jan nou ka pwòp nan je Bondye?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • “Nou dwe sen”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
Ki sa Bondye vle nou fè?
rq leson 9 p. 18-19

Leson 9

Sèvitè Bondye yo dwe pwòp

Poukisa tout mannyè nou dwe pwòp ? (1)

Ki sa sa vle di pwòp espirityèlman ? (2) pwòp moralman ? (3) pwòp mantalman ? (4) pwòp fizikman ? (5)

Ki kalite pawòl enpwòp nou dwe evite ? (6)

1. Jewova Dye pwòp epi li sen. Li atann pou sèvitè l yo rete pwòp espirityèlman, moralman, mantalman ak fizikman (1 Pyè 1:16). Rete pwòp nan je Bondye mande anpil efò. N ap viv nan yon monn enpwòp. Nou gen yon lit pou n mennen tou kont tandans pa nou pou fè sa ki mal. Men nou pa dwe bay legen.

2. Pwòpte espirityèl : Si nou vle sèvi Jewova, nou pa ka rete kole nan ansèyman ak koutim fo relijyon. Nou dwe rale kò nou nan fo relijyon epi pa soutni l nan okenn fason (2 Korentyen 6:14-18 ; Revelasyon 18:4). Onfwa nou fin aprann laverite sou Bondye, nou dwe pran prekosyon pou moun k ap anseye mansonj pa twonpe nou. — 2 Jan 10, 11.

3. Pwòpte moral : Jewova vle pou adoratè l yo konpòte yo toutan kòm vrè kretyen (1 Pyè 2:12). Li wè tout sa n ap fè menm ankachèt (Ebre 4:13). Nou dwe evite imoralite seksyèl ak lòt pratik enpwòp monn sa a. — 1 Korentyen 6:9-11.

4. Pwòpte mantal : Si nou ranpli lespri nou ak panse pwòp, panse pi, kondwit nou ap pwòp tou (Filipyen 4:8). Men si nou rete ap panse sou bagay enpwòp, sa pral abouti nan move aksyon (Matye 15:18-20). Nou dwe evite anmizman ki ta ka kòwonp lespri nou. Nou kapab ranpli lespri nou ak panse pwòp nan etidye Pawòl Bondye.

5. Pwòpte fizik : Etandone kretyen yo se reprezantan Bondye, yo ta dwe kenbe kò yo ak rad yo pwòp. Nou ta dwe lave men nou apre nou soti nan watè, nou ta dwe lave yo anvan nou manje ak anvan nou manyen bagay moun pral manje. Si w pa gen yon bon sistèm watè, ou fèt pou antere matyè fekal yo (Detewonòm 23:12, 13). Kenbe kò a pwòp ede viv an sante. Kay yon kretyen ta dwe byen ranje e pwòp anndan kou deyò. Kay sa a ta dwe parèt kòm yon bon egzanp nan katye a.

6. Konvèsasyon pwòp : Sèvitè Bondye yo dwe toujou di laverite. Mantè yo pap antre nan Wayòm Bondye a (Efezyen 4:25 ; Revelasyon 21:8). Kretyen pa nan di vye pawòl. Yo pap ni koute ni bay blag betiz, nitou yo pap rakonte istwa sal. Kòm sa k ap sot nan bouch yo se bagay pwòp, y ap parèt distenge nan travay, nan lekòl ak nan vwazinaj la. — Efezyen 4:29, 31 ; 5:3.

[Foto nan paj 19]

Sèvitè Bondye dwe pwòp tout mannyè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje