BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gf leson 10 p. 16-17
  • Fason w ka jwenn vrè relijyon an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason w ka jwenn vrè relijyon an
  • Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Sou menm sijè a
  • Adorasyon Bondye apwouve
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Vire do bay fo relijyon!
    Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Ki jan m ka rive jwenn vrè relijyon an?
    Repons Bib la bay
  • Ki jan w ka rekonèt adorasyon ki kòrèk la?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Ou kapab vin zanmi Bondye!
gf leson 10 p. 16-17

LESON 10

Fason w ka jwenn vrè relijyon an

Si w vle vin zanmi Bondye, ou dwe pratike relijyon Bondye apwouve a. Jezi te di “vrè adoratè yo” t ava adore Bondye avèk “laverite”. (Jan 4:23, 24.) Gen yon sèl bon fason pou moun adore Bondye (Efezyen 4:4-6). Vrè relijyon an ap fè moun jwenn lavi ki pap janm fini an, tandiske fo relijyon an mennen nan destriksyon. — Matye 7:13, 14.

Plizyè mesye k ap gade yon Temwen Jewova sou katye yo.

Ou ka rekonèt vrè relijyon an lè w gade sa moun ki ladan l yo ap fè. Piske Jewova bon, moun k ap adore l yo dwe moun k ap fè sa ki byen. Menm jan yon bon pye zoranj bay bèl zoranj, se konsa vrè relijyon an bay moun debyen. — Matye 7:15-20.

Zanmi Jewova yo respekte Bib la anpil. Yo konnen Bib la se pawòl Bondye. Yo li l pou l ka gide yo nan lavi a, pou l ka ede yo rezoud pwoblèm yo genyen, e pou yo konnen Bondye pi byen (2 Timote 3:16). Yo fè efò pou yo mete sa y ap preche a an pratik.

Zanmi Jewova yo gen lanmou youn pou lòt. Jezi te demontre li renmen moun, lè li te aprann yo konnen Bondye, e lè li te geri moun ki te malad yo. Moun k ap pratike vrè relijyon an demontre yo renmen pwochen yo tou. Menm jan ak Jezi, yo pa meprize moun ki pòv oswa ki pa soti nan menm ras avè yo. Jezi di moun yo t ava rekonèt disip li yo, lè yo ta wè jan yo gen lanmou youn pou lòt. — Jan 13:35.

Zanmi Bondye yo onore non Bondye, Jewova. Si yon moun ta refize nonmen non w, ou kwè w t ap pran moun sa a pou bon zanmi w? Non! Lè nou gen yon zanmi, nou rele l nan non l e nou pale an byen de zanmi sa a ak lòt moun. Donk, moun ki vle vin zanmi Bondye ta dwe itilize non l, e yo ta dwe pale lòt moun de li. Jewova vle nou fè sa. — Matye 6:9; Women 10:13, 14.

Tankou Jezi te konn fè sa, zanmi Bondye yo ap anseye lòt moun sou Wayòm Bondye a. Wayòm Bondye a se yon gouvènman nan syèl la ki pral fè tè a tounen yon paradi. Zanmi Bondye yo ap pataje bon nouvèl Wayòm sa a ak lòt moun. — Matye 24:14.

Temwen Jewova yo fè tout sa yo kapab pou yo zanmi Bondye. Yo respekte Bib la e yo gen lanmou youn pou lòt. Anplis, yo onore non Bondye, yo sèvi avè l e yo anseye lòt moun sou Wayòm Bondye a. Temwen Jewova yo ap pratike vrè relijyon an sou tè a jodi a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje