BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gf leson 12 p. 20
  • Ki sa k rive lè yon moun mouri?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa k rive lè yon moun mouri?
  • Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa k rive yon moun lè l fin mouri?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Ki kote zansèt nou yo ye?
    Èske w jwenn wout lavi ki pap janm fini an?
  • Ki kote mò yo ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Ou kapab vin zanmi Bondye!
gf leson 12 p. 20

LESON 12

Ki sa k rive lè yon moun mouri?

Lanmò se kontrè lavi. Lanmò, se tankou yon pwofon somèy (Jan 11:11-14). Mò yo pa ka tande, yo pa ka wè, yo pa ka pale. Mò pa ka reflechi sou anyen (Eklezyas 9:5, 10). Fo relijyon an fè konnen mò yo al viv ansanm ak zansèt yo nan menm monn ak espri yo. Se pa sa Bib la di.

Jezi leve pitit fi Jayiris la.

Moun ki mouri yo pa ka ede nou, e yo pa ka fè nou mal. Anpil moun fè seremoni, yo fè sakrifis bay moun ki mouri paske yo kwè sa ap fè yo plezi. Men, Bondye pa renmen bagay sa yo, paske yo chita sou youn nan manti Satan bay. Seremoni ak sakrifis sa yo pa menm ka fè mò yo plezi nonplis, piske yo pa gen lavi. Nou pa dwe ni pè mò, ni adore mò. Se sèl Bondye nou dwe adore. — Matye 4:10.

Mò yo pral reviv ankò. Jewova pral leve mò yo pou y al viv nan Paradi sou tè a. Sa pral fèt alavni (Jan 5:28, 29; Travay 24:15). Menm jan w ka leve yon moun k ap dòmi, se konsa li fasil pou Bondye leve yon moun ki mouri. — Mak 5:22, 23, 41, 42.

Lide ki fè kwè moun pa mouri toutbonvre a, se yon manti Satan Ledyab gaye. Satan ak demon l yo fè moun kwè lespri mò yo vivan e yo kapab fè nou malad oswa ban nou lòt pwoblèm. Satan ap twonpe moun, pafwa li sèvi ak rèv oswa vizyon pou l fè sa. Jewova kondane moun k ap chèche pale ak mò. — Detewonòm 18:10-12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje