BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gf leson 13 p. 21
  • Maji ak metye sòsye pa bon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Maji ak metye sòsye pa bon
  • Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Sou menm sijè a
  • Laverite sou maji, fetich ak lougawou
    Èske w jwenn wout lavi ki pap janm fini an?
  • Kite fo relijyon an, pratike vrè relijyon an
    Èske w jwenn wout lavi ki pap janm fini an?
  • Ann aksepte èd Jewova pou n reziste kont espri mechan yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Pwoteje tèt ou kont espri mechan yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Gade plis
Ou kapab vin zanmi Bondye!
gf leson 13 p. 21

LESON 13

Maji ak metye sòsye pa bon

Yon zo tèt mò, yon tretman ki gen rapò ak maji, moun k ap fè maji.

Satan vle w fè maji. Anpil moun fè sakrifis bay zansèt yo oswa bay lwa yo, pou yo jwenn pwoteksyon kont malè ki ka rive yo. Yo fè sa paske yo pè fòs ki nan monn kote lwa yo ye a. Gen moun ki pote bag oswa braslè ki monte. Yo konn bwè swadizan remèd oswa yo konn pran beny ak “remèd” sa yo, paske yo sipoze wanga sa yo gen pouvwa. Gen moun ki sere kèk bagay lakay yo oswa anba tè, paske yo kwè bagay sa yo ka pwoteje yo. Gen lòt ki sèvi ak swadizan remèd monte, paske yo panse sa ap fè biznis yo byen mache, sa ap fè yo pase nan egzamen lekòl oswa sa ap fè yo bon nan yon moun yo renmen.

Pi gwo pwoteksyon w ka jwenn kont Satan, se lè w zanmi Jewova. Jewova Dye ak zanj li yo gen plis pisans lontan pase Satan ak demon l yo (Jak 2:19; Revelasyon 12:9). Jewova tou pare pou l montre li gen fòs pou l ede zanmi l yo, sila yo ki fidèl avèk li toutbonvre. — 2 Kwonik 16:9.

Pawòl Bondye a di: ‘Nou pa dwe fè maji.’ Jewova kondane moun k ap fè maji ak moun k ap fè metye sòsye, paske pratik sa yo fè moun vin dirèk dirèk anba pouvwa Satan Ledyab. — Levitik 19:26.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje