Yon fòmasyon k ap ede w byen pale an piblik e k ap ede w byen anseye
KIT ou jèn, kit ou aje, kit ou se yon gason, kit ou se yon fi, lekòl sa a kapab ede w pale pi byen e li ka fè w vin gen plis kapasite pou w anseye Pawòl Bondye a.
Se siveyan Lekòl ministè teyokratik la k ap bay elèv ki enskri nan lekòl la asiyasyon pou patisipasyon y ap gen nan lekòl la. Nan twa paj ki vin apre yo, w ap jwenn leson y ap konseye w sou yo. Chif ki devan yo se nimewo leson yo, e y ap egzamine leson sa yo nan rès liv la. Nan leson sa yo, w ap jwenn yon esplikasyon sou sa pou w fè pou w vin maton nan divès aspè ki gen nan kesyon byen pale ak byen anseye a e w ap jwenn esplikasyon tou sou rezon ki fè chak aspè sa yo enpòtan. Epitou, w ap jwenn bonjan èd k ap pèmèt ou fè sa yo mande w fè yo.
Liy ki an koulè yo montre w ki pwen ki makònen: 1) ak lekti an piblik, 2) ak konvèsasyon ak yon lòt moun 3) ak yon diskou devan kongregasyon an. Se siveyan lekòl la k ap ba w ki pwen pou w travay. Li pi bon pou w travay pwen yo youn pa youn. Si w fè egzèsis yo ankouraje w fè nan fen leson w ap travay la, l ap bon anpil pou ou. Si w bay prèv ou byen travay pwen yo te ba w travay la, frè k ap konseye w la ap ba w yon lòt pwen pou w travay.
Si patisipasyon yo ba w fè a se yon konvèsasyon ak yon lòt moun, w ap bezwen yon kad. Gen yon lis kad nan paj 82 a, men ou ka chwazi lòt kad ki pa nan lis sa a. Frè k ap konseye w la ka mande w travay yon kad yon fason pou w ka vin gen eksperyans ladan l oswa li ka kite w chwazi kad ou vle a.
Si w li liv sa a e w fè egzèsis yo, menm lè w pa gen yon patisipasyon w ap prepare pou w al fè nan lekòl la, sa ka ede w fè anpil pwogrè. Petèt ou ka etidye yon leson prèske chak semèn.
Kèlkeswa kantite tan ou genyen depi w nan lekòl la oswa depi w ap patisipe nan travay predikasyon an, ou ka kontinye pwogrese. Nou espere w ap byen pwofite fòmasyon y ap ba w nan Lekòl ministè teyokratik la.