LESON 10
Mete vi nan sa w ap di
LÈ W mete vi nan sa w ap di nan yon diskou, sa ap fè diskou a vivan. Se vre, li enpòtan pou w jwenn enfòmasyon k ap enstwi moun yo, men se lè w pale yon fason vivan pandan w ap fè diskou a, w ap rive kapte atansyon yo. Kèlkeswa kilti w oswa pèsonalite w, ou kapab mete vi nan sa w ap di.
Pale avèk santiman. Nan yon konvèsasyon Jezi te genyen ak yon fi ki te moun Samari, li te di moun k ap adore Jewova yo dwe adore l “avèk lespri ak laverite”. (Jan 4:24.) Se kè yo ki gen anpil rekonesans pou li ki dwe pouse yo adore l, e yo dwe fè sa ann amoni ak verite yo jwenn nan Pawòl Bondye a. Lè yon moun gen anpil rekonesans konsa nan kè l, sa ap parèt nan fason l ap pale. L ap chofe pou l pale ak lòt moun sou dispozisyon Jewova pran ki montre lanmou li gen pou lèzòm. Ni vizaj li, ni jès l ap fè, ni vwa l ap demontre fason li santi l toutbonvre.
Si se konsa, sa k fè yon oratè ki renmen Jewova e ki gen konfyans nan sa l ap di ka manke mete vi nan yon diskou l ap fè? Se pa sa l pral di yo li dwe prepare sèlman, men tou, li dwe plonje totalman nan sijè a, sa vle di li dwe mete tout kè l ladan l. Ann sipoze yo ba l fè yon diskou sou sakrifis Jezi Kris te bay kòm ranson an. Lè oratè a ap bay diskou a, se pa sèlman ak enfòmasyon pou l ranpli diskou l la, men tou, li dwe demontre rekonesans li pou sa sakrifis Jezi a vle di ni pou li ni pou moun k ap koute l yo. Li bezwen fè rekonesans li genyen pou Jewova Dye e pou Kris Jezi pou bèl dispozisyon sa a vin vivan nan kè l. Li bezwen reflechi sou bèl esperans lèzòm vin genyen grasa sakrifis sa a, kote y ap gen posiblite pou yo viv ak kè kontan pou toutan nan yon paradi sou tè a e y ap gen yon sante ki pafè. Donk, li bezwen pale sou bagay sa yo ak tout kè l.
Bib la fè nou konnen Ezra, yon espè nan Lalwa, yon anseyan ann Izrayèl, “te prepare kè l pou l fouye nan lwa Jewova a, pou l mete l an pratik e pou l anseye dekrè ak jistis ann Izrayèl”. (Ezra 7:10.) Si nou fè menm jan an, sètadi si nou prepare nonsèlman enfòmasyon nou pral bay yo, men tou, nou prepare kè nou, n ap pale ak tout kè nou. Lè nou pale de laverite ak tout kè nou konsa, sa ka jwe yon gwo wòl nan ede moun n ap pale avèk yo vin renmen laverite toutbonvre.
Reflechi sou moun k ap koute w yo. Yon lòt aspè ki enpòtan pou nou rive mete vi nan sa n ap di se konviksyon nou genyen moun k ap koute nou yo bezwen tande sa nou gen pou nou di yo a. Sa vle di, lè w ap prepare diskou a, ou ta dwe nonsèlman fè rechèch k ap itil moun yo, men tou, ou ta dwe mande Jewova pou l gide w nan fason pou w sèvi ak rechèch ou te fè yo pou byen moun ou pral anseye yo (Sòm 32:8; Mat. 7:7, 8). Egzamine poukisa moun k ap koute w yo bezwen tande sa w prepare yo, ki jan y ap bon pou yo e ki jan w ka prezante yo yon fason pou yo konprann enfòmasyon sa yo enpòtan pou yo.
Travay sou diskou a jiskaske w jwenn kèk pwen ki fè w santi w chofe pou w bay li. Menm lè sa w ap di a se pa ide ki nouvo, men fason w abòde sijè a ka nouvo pou moun k ap koute w yo. Si w prepare yon bagay k ap vrèman ede moun k ap koute w yo pou yo ranfòse relasyon yo gen ak Jewova, pou yo gen rekonesans pou dispozisyon l pran yo, pou yo byen fè fas ak presyon ki gen nan lavi a nan sistèm mechan sa a oswa pou yo vin pi efikas nan travay predikasyon an, lè sa a, ou gen tout rezon pou w chofe pou w bay diskou a.
Ki sa pou w fè si se yon lekti yo ba w fè an piblik? Pou w ka mete vi nan lekti a, pa kontante w byen li mo yo, ni pa kontante w mete yo ansanm pou w fè ide yo parèt. Egzamine sijè a byen. Si se yon pòsyon nan Bib la ou pral li, fè kèk rechèch sou li. Asire w ou byen konprann sans pòsyon sa a. Egzamine ki jan l ap pwofitab pou ou e pou moun k ap koute w yo, e li l yon fason pou w fè moun yo pwofite lekti a.
Èske w ap prepare w pou predikasyon? Egzamine sijè w pral prezante a ak vèsè ou panse itilize yo. Anplis, egzamine sa ki nan lespri moun yo. Ki sa yo pale nan nouvèl yo bay yo? Ki pwoblèm moun yo ap rankontre? Lè w byen ekipe pou w montre moun yo Pawòl Bondye a gen solisyon pou pwoblèm ki enkyete yo, ou santi w anvi fè sa, e w vin chofe pou w fè sa tou natirèlman.
Mete vi nan diskou w ap bay. Youn nan pi bon fason ou ka mete vi nan yon diskou w ap bay, se lè w fè moun yo viv diskou a. Sa ta dwe parèt klè nan vizaj ou. Ou dwe demontre w gen konviksyon nan sa w ap di yo, men ou pa dwe pale yon fason otoritè.
Ou bezwen gen ekilib. Gen moun ki gen tandans chofe nan tout sa y ap di. Yo ka bezwen pou yo ede yo konprann yon moun ki twò kwè nan tèt li oswa ki pran abitid met twòp santiman nan sa l ap di, moun k ap koute l yo ap plis konsantre sou li olye yo konsantre sou mesaj l ap bay la. Yon lòt bò, moun ki timid yo bezwen moun ankouraje yo mete plis vi nan sa y ap di.
Lè w mete vi nan sa w ap di e w pran abitid gade moun k ap koute w yo, moun yo ap santi yo chofe pou yo koute w. Apolòs te mete vi nan sa l t ap di, se sa k fè yo pale de li kòm yon bon oratè. Si w kite lespri Bondye chofe w, diskou w ap fè yo ap gen vi ladan yo, e sa ap pouse moun k ap koute w yo aji. — Tra. 18:24, 25; Wom. 12:11.
Se pou w mete vi nan sa w ap di yon fason ki apwopriye ak sijè a. Veye pou w pa chofe pandan tout diskou a nan pwen pou moun k ap koute w yo vin fatige avè w. Lè sa a, tout konsèy ou bay sou fason pou yo aji selon sa yo tande yo pap fè yo ni cho ni frèt. Pwen sa a ede w wè li nesesè pou w prepare diskou w la yon fason pou l gen varyasyon ladan l lè w ap bay li. Bat pou w pa gen yon stil ki frèt. Si w chwazi enfòmasyon w ap prezante yo avèk swen, w ap enterese nan yo ak tout kè w. Men, gen kèk pwen, lè w ap prezante yo, k ap mande pou w mete plis vi ladan yo pase kèk lòt, e ou ta dwe byen konnen ki kote w ap mete yo nan diskou w la.
Se pou w mete vi nan sa w ap di sitou lè w ap prezante pwen prensipal yo. Diskou w la dwe gen kèk pati kote w ap abòde pwen ki pi enpòtan yo, e se sou pwen sa yo diskou a chita. Piske se yo menm ki pwen ki pi enpòtan nan diskou a, an jeneral, se yo w ap itilize pou w motive moun k ap koute w yo. Lè w fin konvenk moun yo, ou bezwen motive yo pou yo aji, ou bezwen montre yo ki byenfè y ap jwenn lè yo aplike sa yo aprann yo. Si w mete vi nan sa w ap di, sa ap ede w touche kè moun yo. Ou pa ta dwe janm fòse mete vi nan sa w ap di nan yon diskou. Ou dwe gen yon rezon ki pouse w fè sa, e se ide w ap egzamine yo k ap ba w rezon sa a.