LESON 28
Pale tankou se yon konvèsasyon w ap fè
AN JENERAL, moun santi yo alèz lè y ap pale ak zanmi yo. Yo tout pale yon fason ki natirèl. Gen ladan yo ki chofe pou yo pale, gen lòt menm ki timid. Men, lefètke yo pale yon fason ki natirèl, sa fè konvèsasyon y ap fè a enteresan.
Lè w ap pale ak yon moun ou pa konnen, li pa apwopriye pou w pale yon fason ki twò amikal oswa yon fason ki twò rilaks. Anfèt, nan kèk kilti, lè yon moun ap fè konvèsasyon ak moun li pa konnen, li toujou kòmanse konvèsasyon yo yon fason ki trè serye. Apre youn fin montre respè pou lòt, nan moman yo wè ki apwopriye, yo ka twouve li bon pou yo kòmanse pale nan yon langaj ki mwens serye ki sanble ak fason yo pale chak jou.
Lè w ap pale sou estrad la, ou dwe montre w gen bon jijman. Si w pale yon fason ki twò rilaks, sa ap retire sou enpòtans reyinyon yo genyen e sa w ap di a ap manke serye. Nan kèk lang, gen kèk ekspresyon yon moun dwe itilize lè l ap pale ak yon granmoun, ak yon pwofesè, ak yon moun ki nan gouvènman an oswa ak yon paran l. (Gade ki mo yo itilize nan Travay 7:2 ak nan Travay 13:16.) Men, se lòt ekspresyon li itilize si l ap pale ak mari l oubyen madanm li oswa yon bon zanmi l. Byenke lè nou sou estrad la, nou pa ta dwe pale yon fason ki twò serye, nou dwe pale yon fason ki montre nou gen respè pou moun yo.
Men, gen plizyè bagay ki ka lakòz yon diskou yon moun ap bay parèt manke vi oswa li twò serye. Youn ladan yo se fason li ranje fraz yo, oubyen mo yo. Lè oratè a ap chèche repete ekspresyon yo egzakteman jan yo ye nan nòt li yo, sa bay pwoblèm. An jeneral, pawòl ki nan yon tèks yon moun ekri konn yon ti jan diferan ak pawòl moun konn itilize lè y ap pale. Se vre, lè w ap prepare yon diskou, souvan w fè rechèch nan yon seri piblikasyon, e li posib pou se yon plan ki tou fèt yo ba w pou w fè diskou a. Men, si w eksprime ide yo egzakteman jan yo parèt nan piblikasyon sa yo oswa w li yo dirèkteman nan plan yo ba w la pandan w ap fè diskou a, l ap difisil pou diskou w la ta sanble ak yon konvèsasyon. Pou diskou w la tankou yon konvèsasyon, eksprime ide yo avèk pwòp mo pa w epi pa itilize fraz ki konplike.
Yon lòt bagay ki ka lakòz sa se lè w manke fè chanjman nan vitès w ap di pawòl yo. Souvan, nan yon diskou ki manke vi e ki twò serye, w ap wè oratè a fè poz ki gen menm longè ant chak mo e li pa chanje vitès li lè l ap pale. Nan konvèsasyon nou fè chak jou, nou konn chanje vitès n ap pale a e souvan, nou konn fè poz ki pa gen menm longè.
Lè w ap pale devan yon pakèt moun, li klè, nonsèlman ou ta dwe pale tankou w t ap fè yon konvèsasyon, men anmenmtan, ou ta dwe ogmante volim vwa w e w ta dwe mete vi nan sa w ap di yon fason pou w ka kapte atansyon yo.
Lè w nan predikasyon, pou w ka pale tankou w t ap fè yon konvèsasyon, ou bezwen pran abitid pale byen chak jou. Sa pa mande pou w fè gwo etid. Men, li bon pou w pale byen, sa ap fè lòt moun koute sa w ap di yo a avèk respè. Pandan w gen pwen sa a nan lespri w, egzamine pou w wè si w bezwen travay sou pwen ki vin apre yo nan konvèsasyon w ap fè chak jou.
Evite itilize ekspresyon ki pa respekte règ gramè yo oswa ki gen tandans fè moun mete w nan menm kategori ak moun vi yo pa ann amoni ak prensip Bondye yo. Ann amoni ak konsèy ki nan Kolosyen 3:8 la, veye pou w pa pale rèd oswa yon fason ki chokan. Yon lòt bò, sa pa vle di ou pa ka itilize mo ak ekspresyon w abitye itilize lè w ap pale chak jou. Se vre, mo sa yo ak ekspresyon sa yo pa gen menm fòs ak pawòl ki ekri yo, men, yo konsidere yo kòm mo ak ekspresyon ki kòrèk moun kapab itilize lè y ap pale.
Evite repete menm ekspresyon yo toutan pou w eksprime chak ide ou ka genyen. Aprann itilize mo ki eksprime byen klè sa w vle di.
Chèche gen sa w vle di a byen klè nan tèt ou, konsa w ap evite repete, san nesesite, mo oswa fraz ou fèk fin di yo. Apre sa, kòmanse pale.
Evite di yon pakèt pawòl pou w pa toufe ide enteresan w ap di yo. Pran abitid itilize fraz ki senp pou w di byen klè pwen ou vle moun yo sonje a.
Pale yon fason ki montre w gen respè pou lòt moun.