LESON 53
Ankouraje moun yo epi fòtifye yo
KÈLKESWA pwoblèm sèvitè Bondye yo jwenn nan lavi yo, yo ta dwe kapab jwenn ankourajman yo bezwen nan kongregasyon an. Pou sa rive fèt, ansyen yo sitou dwe asire yo diskou ak konsèy yo bay yo ankourajan. Ansyen yo ta dwe demontre yo “tankou yon kachèt kont van, tankou yon refij kont tanpèt lapli, tankou rigòl dlo nan yon tè sèk, tankou lonbray yon mas wòch nan yon tè ki depafini”. — Iza. 32:2.
Si w se yon ansyen, èske diskou w fè yo bay moun k ap koute w yo fòs ak rekonfò? Èske yo ankouraje moun k ap fè efò pou yo sèvi Jewova fidèlman yo? Èske yo ba yo fòs pou yo kontinye fè volonte Bondye malgre pifò moun montre bagay konsa pa enterese yo e malgre opozisyon yo rankontre? Ki sa pou w fè si gen moun pami moun k ap koute w yo ki deprime, ki gen gwo pwoblèm ekonomik oswa k ap lite ak yon maladi grav ki pa gen gerizon pou kounye a? Ou ka ‘fòtifye yo ak pawòl ki soti nan bouch ou’. — Jòb 16:5.
Antanke oratè, sèvi ak okazyon w genyen an pou w ede frè w yo jwenn espwa ak ankourajman ki soti nan Jewova ak nan dispozisyon li pran yo. — Wom. 15:13; Efe. 6:10.
Fè moun k ap koute w yo sonje sa Jewova fè pou yo. Yon fason enpòtan nou ankouraje moun yo se lè nou montre yo Jewova te ede pèp li a nan tan lontan lè pèp li a te jwenn difikilte. — Wom. 15:4.
Jewova te di Moyiz pou l “ankouraje” Jozye e pou l “fòtifye” l anvan Izrayèl te antre nan Latè pwomiz, yon kote ki te gen anpil nasyon ki te ènmi pèp Izrayèl la nan moman sa a. Ki jan Moyiz te fè sa? Devan Jozye, Moyiz te fè tout nasyon an nèt sonje bagay Jewova te fè pou yo lè yo t ap kite Ejip (Det. 3:28; 7:18). Moyiz te raple yo tou viktwa Jewova te fè yo ranpòte sou Amorit yo. Apre sa, men sa Moyiz te di Jozye: “Se pou nou mete kouraj sou nou, se pou nou djanm.” (Det. 31:1-8). Lè w ap chèche ankouraje frè w yo, èske w ede yo jwenn fòs lè w fè yo sonje sa Jewova te fè pou yo?
Pafwa, pwoblèm yo konn tèlman depase moun yo, sa konn fè yo mande tèt yo èske y ap jwenn benediksyon Wayòm nan pral pote yo. Fè yo sonje pwomès Jewova yo se bagay nou ka fè konfyans. — Joz. 23:14.
Nan kèk peyi, frè nou yo anba entèdiksyon gouvènman yo, yo mande yo pou yo pa preche bon nouvèl la. Nan kote sa yo, ansyen yo ki gen sousi pou frè ak sè sa yo ka ede yo jwenn fòs lè yo raple yo eksperyans apot Jezi Kris yo te fè (Tra. 4:1–5:42). Anplis, yo kapab atire atansyon yo sou fason Bondye te mennen evènman yo rakonte nan liv Estè a. Pa gen dout, sa ap ba yo plis kouraj.
Pafwa, gen moun ki asiste reyinyon kongregasyon an, men ki pa fè lòt pwogrè. Yo ka santi Bondye pap janm padone yo paske yo te tèlman mennen yon move vi. Petèt ou ka rakonte yo jan Jewova te aji ak wa Manase (2 Kwo. 33:1-16). Oswa ou ka pale sou moun Korent yo ki te chanje fason yo t ap viv pou yo te vin kretyen, e Bondye te deklare yo jis. — 1 Kor. 6:9-11.
Èske gen moun ki panse lefètke y ap rankontre pwoblèm se yon siy ki montre yo pèdi favè Bondye? Ou ka fè yo sonje sitiyasyon ki te rive Jòb yo e jan Jewova te beni l anpil paske li te kenbe entegrite l fèm devan l (Jòb 1:1-22; 10:1; 42:12, 13; Sòm 34:19). Fo zanmi ki te vin konsole Jòb yo te mal pale lè yo te di l siman se yon peche l fè ki fè bagay sa yo rive l (Jòb 4:7, 8; 8:5, 6). Yon lòt bò, lè Pòl ak Banabas t ap fòtifye disip yo e yo t ap “ankouraje yo pou yo rete nan lafwa”, yo te di yo: “Nou dwe antre nan wayòm Bondye a anba anpil tribilasyon.” (Tra. 14:21, 22). Se konsa tou, jodi a, ou ka fòtifye moun ki jwenn eprèv yo lè w montre yo tout kretyen dwe andire anba tribilasyon, e andirans yo demontre a gen anpil enpòtans nan je Bondye. — Pwo. 27:11; Mat. 24:13; Wom. 5:3, 4; 2 Tim. 3:12.
Ankouraje moun k ap koute w yo medite sou fason Jewova akonpli pwomès li fè nan lavi pa yo. Si w ede yo reflechi sou kèk bagay ki rive nan lavi yo, yo ka wè fason Jewova te deja aji anvè yo, jan l te pwomèt sa. Nan Sòm 32:8, men sa nou li: “M ap fè w vin gen klèvwayans e m ap enstwi w nan chemen ou dwe suiv la. M ap ba w konsèy toutpandan je m sou ou.” Lè w ede moun k ap koute w yo sonje fason Jewova gide yo oswa fason l fòtifye yo, w ap ede yo wè pèsonèlman jan Jewova pran swen yo e jan l ap ede yo nan nenpòt eprèv yo rankontre kounye a. — Iza. 41:10, 13; 1 Pyè 5:7.
Montre yo jan w kontan pou sa Jewova ap fè kounye a. Lè w ap chèche ankouraje frè w yo, atire atansyon yo sou sa Jewova ap fè pou yo kounye a. Lè w pale sou bagay sa yo yon fason ki montre jan yo fè kè w kontan, sa ap ede moun yo vin gen menm santiman ak ou.
Annou pran egzanp fason Jewova ede nou andire anba presyon lavi a. Li montre nou pi bon fason pou nou viv la (Iza. 30:21). Li esplike rezon ki fè gen krim, enjistis, povrete, maladi ak lanmò, e li di nou ki jan li pral efase bagay sa yo. Li mete nou nan mitan yon fanmi frè ak sè ki renmen nou. Li ban nou posiblite pou nou priye l, e sa se yon gwo privilèj. Li ban nou privilèj tou pou nou Temwen l. Li ouvri je nou pou nou wè Kris deja chita sou twòn li nan syèl la e sistèm ki la kounye a rive nan dènye jou l, e talè konsa li pap egziste ankò. — Rev. 12:1-12.
Anplis benediksyon sa yo, gen reyinyon kongregasyon an, asanble yo ak kongrè yo. Lè w pale de privilèj sa yo ak dispozisyon sa yo yon fason ki montre ou gen anpil apresyasyon pou yo, ou ranfòse detèminasyon moun k ap koute w yo pou yo pa neglije okazyon yo genyen pou yo reyini ak frè ak sè yo. — Ebre 10:23-25.
Eksperyans ak rapò ki montre jan Jewova beni efò nou fè nan travay predikasyon an ban nou ankourajman tou. Nan premye syèk la, lè Pòl ak Banabas te nan wout pou y al Jerizalèm, yo te rakonte frè yo an detay ki jan moun nan nasyon yo te konvèti, sa te fè “tout frè yo kontan anpil”. (Tra. 15:3.) Ou menm tou, ou ka fè frè w yo kontan si w pataje kèk eksperyans ankourajan avèk yo.
Ou ka ankouraje moun yo tou lè w ede yo wè sa yo fè gen anpil valè. Felisite yo pou patisipasyon yo nan travay predikasyon n ap fè antanke kretyen an. Gen moun aktivite yo nan travay predikasyon an limite anpil akoz laj yo oswa akoz maladi, men yo demontre yo gen andirans e yo fidèl, felisite yo. Fè yo sonje Jewova pa bliye lanmou yo montre yo gen pou non l (Ebre 6:10). Yon moun ki kenbe yon lafwa solid devan eprèv li jwenn posede yon byen ki gen anpil valè (1 Pyè 1:6, 7). Nou bezwen fè frè ak sè nou yo sonje sa.
Pale sou esperans ou genyen pou lavni an ak tout kè w. Tout moun ki renmen Bondye jwenn anpil ankourajman nan pwomès li te enspire yon seri moun pou yo ekri sou bagay ki gen pou vini yo. Petèt pifò nan moun k ap koute w yo tande pwomès sa yo souvan. Men, apresyasyon ou montre w gen pou pwomès sa yo lè w ap pale de yo ka fè yo vin pi vivan pou moun yo, sa ka fè yo gen konfyans pwomès sa yo ap akonpli e sa ka ede yo gen anpil apresyasyon nan kè yo pou yo. Si w aplike sa w aprann nan Lekòl ministè teyokratik la, sa ka ede w fè sa.
Pa gen moun ki ankouraje pèp Jewova a pase Jewova, ni pa gen moun ki bay pèp li a fòs pase l. Men, ou ka kowopere ak Jewova nan ede moun yo jwenn ankourajman ak fòs li bay. Lè w ap pale devan kongregasyon an, byen sèvi ak okazyon sa a pou w fè sa.