BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • cf chap. 2 p. 14-23
  • “ Chemen an e laverite a e lavi a ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Chemen an e laverite a e lavi a ”
  • “Vin suiv mwen”
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Yon wòl esansyèl nan objektif Jewova
  • Se sèlman Pitit Gason an ki konn Papa a fen e byen
  • “ Mwen se chemen an ”
  • “ Mwen se [...] laverite a ”
  • “ Mwen se [...] lavi a ”
  • Ki jan w ap reyaji ?
  • Poukisa nou dwe suiv “Kris”?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • ‘Pitit la vle fè moun konnen Papa a’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Kiyès Jezi Kris ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Jezi: Se kle pou lavi nou gen sans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
“Vin suiv mwen”
cf chap. 2 p. 14-23

CHAPIT 2

“ Chemen an e laverite a e lavi a ”

Foto nan paj 14

“ Suiv mwen. ”

1, 2. Poukisa sa t ap enposib pou nou pwoche bò kote Jewova poukont nou, e ki sa Jezi Kris te fè pou nou sou pwen sa a ?

ÈSKE sa pa janm rive w pou w pèdi ? Petèt ou sonje yon lè ou te deplase pou w al vizite yon zanmi oswa yon manm fanmi w epi ou te gen difikilte pou w jwenn kote a. Èske nan moman ou te nan yon wout ou pa fin byen konnen, ou te fè yon ti kanpe e ou te mande yon moun pou l oryante w ? Imajine ki jan w t ap santi w, si w ta tonbe sou yon moun ki byenveyan, e olye pou l annik di w ki wout pou w fè, li ta di w pito : “ Annik suiv mwen. M ap mennen w kote w prale a. ” Se pa ti soulaje ou t ap santi w soulaje !

2 Nan yon sans, Jezi Kris fè yon bagay konsa pou nou. Poukont pa nou, li t ap enposib pou nou pwoche bò kote Bondye. Akoz peche ak enpèfeksyon lèzòm eritye, yo pèdi, “ yo lwen lavi ki pou Bondye a ”. (Efezyen 4:17, 18.) Nou bezwen èd pou nou oryante nou. Jezi, Egzanp byenveyan nou an, pa annik kontante l ban nou konsèy ak oryantasyon. Li fè plis pase sa. Jan nou te wè sa nan chapit 1 an, Jezi envite nou, li di : “ Vin suiv mwen. ” ​(Mak 10:21). Sepandan, li ban nou rezon solid tou pou nou aksepte envitasyon sa a. Yon lè, Jezi te di : “ Mwen se chemen an e laverite a e lavi a. Pèsonn pap vin jwenn Papa a eksepte pa mwayen mwen. ” ​(Jan 14:6). Annou egzamine kèk rezon ki fè se sèlman pa mwayen Pitit Gason an nou ka pwoche bò kote Papa a. Apre sa, sou baz rezon sa yo, n ap egzamine nan ki sans, vrèmanvre, Jezi se “ chemen an e laverite a e lavi a ”.

Yon wòl esansyèl nan objektif Jewova

3. Poukisa se pa mwayen Jezi pou nou pwoche bò kote Bondye ?

3 Men pwen ki pi enpòtan an : Se pa mwayen Jezi pou nou pwoche bò kote Bondye, paske Jewova chwazi bay Pitit Gason l lan wòl ki pi enpòtan ana. Papa l fè l tounen pyès santral nan reyalizasyon tout objektif Li yo (2 Korentyen 1:20 ; Kolosyen 1:18-20). Pou nou konprann wòl esansyèl Pitit Gason an jwe, nou bezwen reflechi sou sa k te pase nan jaden Edenn nan, kote premye koup imen an te met ak Satan pou yo rebele kont Jewova. — Jenèz 2:16, 17 ; 3:1-6.

4. Ki kesyon rebelyon ann Edenn nan te soulve, e ki sa Jewova te deside fè pou l rezoud kesyon an ?

4 Rebelyon ki te fèt ann Edenn nan te soulve yon kesyon ki gen anpil enpòtans nan tout linivè : Èske Jewova Dye byen egzèse dominasyon l sou kreyati l yo ? Pou Jewova rezoud kesyon fondamantal sa a, li te wè li nesesè pou yon pitit gason espirityèl pafè vin sou tè a. Misyon pitit gason sa a t apral ranpli a pa ta ka pi enpòtan pase sa : bay lavi li pou l jistifye souvrènte Jewova e pou l sèvi kòm yon ranson pou l sove limanite. Si pitit gason yo chwazi a ta rete fidèl jiska lamò, li t ap pèmèt yo rezoud tout pwoblèm rebelyon Satan an te soulve yo (Ebre 2:14, 15 ; 1 Jan 3:8). Men, nou konnen Jewova gen pitit gason espirityèl pafè pa milyon (Dànyèl 7:9, 10). Kiyès ladan yo li te chwazi pou ranpli kokenn misyon sa a ? Jewova te chwazi “ sèl Pitit Gason li fè a ”, sila annapre yo t apral konnen antanke Jezi Kris. — Jan 3:16.

5, 6. Ki jan Jewova te demontre li te fè Pitit Gason l lan konfyans, e sou ki sa konfyans sa a te baze ?

5 Èske chwa Jewova a ta dwe etone nou ? Jamè ! Papa a te gen tout konfyans li nan sèl Pitit Gason li fè a. Plizyè syèk anvan Pitit Gason l lan vin sou tè a, Jewova te predi Pitit Gason sa a t ap rete fidèl malgre li t ap pase anba tout kalite soufrans (Izayi 53:3-7, 10-12 ; Travay 8:32-35). Reflechi sou sa sa enplike. Menm jan ak tout lòt kreyati entèlijan, Pitit Gason an te gen libète pou l deside, li te kapab chwazi pwòp fason l ap mennen lavi l. Epoutan, Jewova te tèlman gen konfyans nan li, li te predi Pitit Gason l lan t ap rete fidèl. Sou ki sa konfyans sa a te baze ? Li te baze sou konesans. Jewova te konnen Pitit Gason l lan yon fason entim e li te konnen jis nan ki pwen Pitit Gason l lan vle fè L plezi (Jan 8:29 ; 14:31). Pitit Gason an renmen Papa l e menm jan an tou, Jewova renmen Pitit Gason L lan (Jan 3:35). Papa a ak Pitit Gason an gen lanmou youn pou lòt, e lanmou sa a fòme yon lyen inite ak konfyans antre yo ki pa ka kraze. — Kolosyen 3:14.

6 Etandone wòl enpòtan Pitit Gason an jwe, etandone konfyans Papa a genyen nan li, e etandone lanmou ki lye Papa a ak Pitit Gason an ansanm, èske nou bezwen mande si se sèlman pa mwayen Jezi nou ka pwoche bò kote Bondye ? Men, gen yon lòt rezon ki fè se Pitit Gason an sèl ki ka mennen nou kot Papa a.

Se sèlman Pitit Gason an ki konn Papa a fen e byen

7, 8. Poukisa Jezi te kapab di, avèk rezon, pèsonn pa konn Papa a fen e byen “ eksepte Pitit Gason an ” ?

7 Nou dwe ranpli kèk kondisyon pou nou ka gen aksè bò kote Jewova (Sòm 15:1-5). Kiyès ki pi byen konnen pase Pitit Gason an sa sa mande pou yon moun viv ann amoni ak prensip Bondye yo e pou l jwenn apwobasyon L ? Jezi te di : “ Papa m remèt mwen tout bagay, e pa gen pèsonn ki konn Pitit Gason an fen e byen eksepte Papa a, e pa gen pèsonn ki konn Papa a fen e byen eksepte Pitit Gason an ak kèlkeswa moun Pitit Gason an vle revele l. ” ​(Matye 11:27). Annou wè poukisa Jezi te ka di, avèk rezon e san l pa egzajere, pèsonn pa konn Papa a fen e byen “ eksepte Pitit Gason an ”.

8 Antanke moun ki “ fèt an premye nan tout kreyasyon an ”, Pitit Gason an gen yon entimite san parèy avèk Jewova (Kolosyen 1:15). Imajine relasyon pwòch Papa/Pitit ki te devlope ant yo menm depi yon kantite tan moun pa ka konte, lè se sèlman yo de a ki te egziste — depi nan kòmansman kreyasyon an jiskaske yo te kreye lòt kreyati espirityèl (Jan 1:3 ; Kolosyen 1:16, 17). Reflechi sou opòtinite espesyal sa a Pitit Gason an te genyen lè l te bò kote Papa l, li t ap aprann pwennvi Papa l sou bagay yo e li t ap aprann volonte L, prensip Li yo ak chemen L yo. Vrèmanvre, li pa egzajere pou yon moun di Jezi konn Papa l pi byen pase nenpòt lòt moun. Siman entimite sa a te pèmèt Jezi revele kiyès Papa l ye yon fason pèsonn lòt moun pa t kapab.

9, 10. a) Ki fason Jezi te revele Papa l ? b) Pou nou gen apwobasyon Jewova, ki sa nou dwe fè ?

9 Ansèyman Jezi yo reflete konesans presi li genyen sou panse ak santiman Jewova e sou sa Li mande adoratè L yo fèb. Men, Jezi te revele kiyès Papa l ye yon lòt fason ki pwofon. Jezi te di : “ Moun ki wè m wè Papa a tou. ” ​(Jan 14:9). Jezi te imite Papa l pafètman nan tout sa l te di e nan tout sa l te fè. Donk, lè nou li sa Bib la di sou Jezi, anpalan de pawòl pisan e atiran li te itilize nan ansèyman li, konpasyon ki te pouse l geri moun, e mete l te konn mete l nan plas lòt moun, sa ki te fè l kriye yon lè, nou ta ka byen imajine Jewova k ap di e k ap fè bagay sa yo (Matye 7:28, 29 ; Mak 1:40-42 ; Jan 11:32-36). Pawòl ak aksyon Pitit Gason an te reflete pafètman chemen ak volonte Papa a (Jan 5:19 ; 8:28 ; 12:49, 50). Kidonk, pou nou gen apwobasyon Jewova, nou bezwen koute ansèyman Jezi yo e nou bezwen suiv egzanp li. — Jan 14:23.

10 Piske Jezi konnen Jewova yon fason entim e li imite l pafètman, se pa etonan pou Jewova deside se pa mwayen Pitit Gason an pou nou pwoche bò kote Papa a. Avèk baz sa a ki pèmèt nou konprann rezon ki fè se sèlman pa mwayen Jezi nou ka vin kot Jewova, annou pale kounye a konsènan sans pawòl sa yo Jezi te di : “ Mwen se chemen an e laverite a e lavi a. Pèsonn pap vin jwenn Papa a eksepte pa mwayen mwen. ” — Jan 14:6.

“ Mwen se chemen an ”

11. a) Poukisa se sèlman pa mwayen Jezi nou ka vin gen yon bonjan relasyon avèk Bondye ? b) Nan ki sans pawòl ki rapòte nan Jan 14:6 yo mete aksan sou pozisyon san parèy Jezi okipe a ? (Gade nòt anba paj la.)

11 Nou deja aprann li pa posib pou nou pwoche kot Bondye eksepte pa mwayen Jezi. Reflechi espesyalman sou sa sa vle di pou nou. Jezi se “ chemen an ” nan sans se sèlman pa mwayen li nou ka vin gen bonjan relasyon avèk Bondye. Sa k fè sa ? Jezi te montre l fidèl jiska lamò, e konsa, li te bay lavi l an sakrifis kòm ranson (Matye 20:28). San dispozisyon ranson sa a, li t ap enposib pou nou gen aksè bò kote Bondye. Peche kreye yon baryè ant lèzòm ak Bondye, paske Jewova sen e donk li pa ka janm apwouve peche (Izayi 6:3 ; 59:2). Men, sakrifis Jezi a retire baryè a, li founi pwopisyasyon ki nesesè a pou kouvri peche (Ebre 10:12 ; 1 Jan 1:7). Si nou aksepte dispozisyon Bondye pran pa mwayen Kris e si nou mete lafwa nou nan dispozisyon sa a, nou ka jwenn favè Jewova. Pa gen okenn lòt fason pou nou vin “ rekonsilye ak Bondye ”c. — Women 5:6-11.

12. Nan ki sans Jezi se “ chemen an ” ?

12 Jezi se “ chemen an ” anrapò ak lapriyè. Se sèlman pa mwayen Jezi nou ka vin kot Jewova nan lapriyè avèk asirans l ap tande demann nou fè ak tout kè nou yo (1 Jan 5:13, 14). Jezi li menm te di : “ Si nou mande Papa a yon bagay, l ap ban nou li nan non mwen. [...] Mande e n ap resevwa, pou lajwa nou vin konplè. ” ​(Jan 16:23, 24). Yon fason apwopriye, nan non Jezi, nou ka pwoche bò kote Jewova nan lapriyè e nou ka rele L “ Papa nou ”. (Matye 6:9.) Jezi se “ chemen an ” nan yon lòt sans ankò : grasa egzanp li bay. Jan nou te note sa anvan, Jezi te imite Papa l pafètman. Konsa, egzanp Jezi montre nou fason pou nou viv pou nou ka fè Jewova plezi. Kidonk, pou nou pwoche bò kote Jewova, nou dwe suiv tras Jezi. — 1 Pyè 2:21.

“ Mwen se [...] laverite a ”

13, 14. a) Kòman Jezi te veridik nan pawòl li ? b) Pou Jezi te “ laverite a ”, ki sa l te dwe fè, e poukisa ?

13 Jezi te toujou di laverite konsènan pawòl pwofetik Papa l (Jan 8:40, 45, 46). Yo pa t janm jwenn pawòl twonpri nan bouch Jezi (1 Pyè 2:22). Menm opozan l yo te rekonèt li anseye “ chemen Bondye ann akò avèk laverite ”. (Mak 12:13, 14.) Sepandan, lè Jezi te di : “ Mwen se [...] laverite a ”, li pa t ap senpleman fè referans ak konnen li te fè moun konnen laverite nan pawòl li, nan predikasyon l ak nan ansèyman l. Sa te enplike plis bagay toujou, wi, plis bagay lontan.

14 Pa bliye plizyè syèk alavans, Jewova te enspire ekriven biblik pou yo ekri yon pakèt pwofesi sou Mesi a oswa Kris la. Pwofesi sa yo te bay detay sou sa k t apral pase konsènan lavi li, ministè li ak lanmò li. Anplis de sa, Lwa Moyiz la te gen modèl pwofetik oswa lonbray pwofetik ki te dirije atansyon sou Mesi a (Ebre 10:1). Èske Jezi t ap montre li fidèl jiska lamò, konsa pou l ta akonpli tout sa ki te pwofetize sou li yo ? Se sèlman lè sa a Jewova t apral revele li se Bondye vrè pwofesi. Pwa lou sa a te chita sou zepòl Jezi. Nan fason Jezi te viv, sètadi chak mo li te di, chak aksyon li te poze, li te fè modèl pwofetik yo tounen reyalite (2 Korentyen 1:20). Donk, Jezi se te “ laverite a ”. Se kòmsi laverite pawòl pwofetik Jewova a te tounen reyalite yonfwa Jezi te parèt. — Jan 1:17 ; Kolosyen 2:16, 17.

“ Mwen se [...] lavi a ”

15. Sa sa vle di pou nou egzèse lafwa nan Pitit Gason an, e ki rezilta nou ka jwenn si nou fè sa ?

15 Jezi se “ lavi a ”, paske se sèlman pa mwayen li menm nou ka resevwa lavi a, sa vle di “ lavi toutbon an ”. (1 Timote 6:19.) Labib di : “ Moun ki egzèse lafwa nan Pitit Gason an gen lavi etènèl. Moun ki dezobeyi Pitit Gason an pap wè lavi, men kòlè Bondye rete la sou li. ” ​(Jan 3:36). Sa sa vle di pou nou egzèse lafwa nan Pitit Gason Bondye a ? Sa siyifi nou gen konviksyon nou pa ka gen lavi san li menm. Anplis de sa, sa vle di nou demontre lafwa nou nan travay nou fè, nou kontinye aprann nan men Jezi, e nou fè tout sa nou kapab pou nou suiv ansèyman l ak egzanp li (Jak 2:26). Konsa, lefètke nou egzèse lafwa nan Pitit Gason Bondye a, sa mennen nou nan lavi etènèl : lavi nan syèl la antanke espri imòtèl pou yon “ ti twoupo ” kretyen ki wen ak lespri, e lavi imen pafè nan yon paradi terès pou “ yon gwo foul ” “ lòt mouton ”. — Lik 12:32 ; 23:43 ; Revelasyon 7:9-17 ; Jan 10:16.

16, 17. a) Ki jan Jezi pral montre li se “ lavi a ” menm pou moun ki mouri yo ? b) Ki konfyans nou ka genyen ?

16 E moun ki gentan mouri yo ? Jezi se “ lavi a ” pou yo menm tou. Yon tikras tan anvan Jezi te leve zanmi l Laza sot nan lanmò, li te di Mat, sè Laza a : “ Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Yon moun ki egzèse lafwa nan mwen, menmsi l mouri, l ap jwenn lavi. ” ​(Jan 11:25). Jewova konfye Pitit Gason l lan “ kle lanmò ak kle adès ”, li ba l pouvwa pou l resisite moun (Revelasyon 1:17, 18). Avèk kle sa yo, Jezi glorifye ap ouvri baryè adès e konsa, l ap libere tout moun tonm ki la pou moun ale a te kenbe. — Jan 5:28, 29.

17 “ Mwen se chemen an e laverite a e lavi a. ” Ak fraz tou senp sa a, Jezi te rezime objektif lavi li ak ministè li sou tè a. Pawòl sa yo gen anpil sans pou nou jodi a. Pa bliye, Jezi te kontinye fraz sa a lè l te di : “ Pèsonn pap vin jwenn Papa a eksepte pa mwayen mwen. ” ​(Jan 14:6). Pawòl Jezi yo gen menm fòs jodi a ak lè li te pwononse yo a. Donk, nou ka gen yon konfyans total kapital si nou suiv Jezi, nou pap janm pèdi wout nou. Se li menm, e se sèlman li menm k ap montre nou chemen ki mennen kot “ Papa a ”.

Ki jan w ap reyaji ?

18. Ki sa sa enplike pou nou vrèman suiv Jezi ?

18 Lè nou konsidere wòl esansyèl Jezi jwe e lè nou konsidere konesans entim li genyen sou Papa li, nou gen bonjan rezon pou nou suiv Pitit Gason an. Jan nou te wè sa nan chapit anvan an, pou nou vrèman suiv Jezi, sa mande aksyon, sa mande plis pase pawòl nan bouch oswa santiman. Suiv Kris enplike pou nou modle lavi nou sou ansèyman l yo ak egzanp li (Jan 13:15). Liv etid w ap li la a ka ede w nan efò w ap fè nan sans sa a.

19, 20. Ki sa liv etid sa a gen ladan l k ap ede w nan efò w ap fè pou w suiv Kris ?

19 Nan chapit ki vin apre yo, n ap etidye lavi ak ministè Jezi avèk swen. Yo divize chapit sa yo an twa seksyon. Premyèman, n ap gen yon ide jeneral sou kalite Jezi yo e sou fason l te konn aji. Dezyèmman, n ap egzamine egzanp li bay nan preche e nan anseye avèk zèl. Twazyèmman, n ap egzamine jan li te demontre lanmou. Apati chapit 3 a, gen yon kare pou fè revizyon ki rele “ Ki jan w ka suiv Jezi ? ”. Vèsè ak kesyon ki nan pati sa a la pou yo ede nou medite sou fason nou ka imite Jezi nan pawòl nou ak nan aksyon nou.

20 Grasa Jewova Dye, ou pa oblije pèdi, ou pa oblije rete lwen l akoz peche ou eritye a. Avèk amou, e sa te koute l chè, li te voye Pitit Gason l lan pou l montre nou chemen pou nou vin gen bonjan relasyon avèk Li (1 Jan 4:9, 10). Nou swete pou sa pouse w, pou sa ankouraje w reponn gwo lanmou sa a lè w aksepte envitasyon Jezi te bay e lè w aji ann amoni ak envitasyon l lan ki di : “ Suiv mwen. ” — Jan 1:43.

a Wòl Pitit Gason an tèlman enpòtan, Labib ba li yon seri non ak tit pwofetik. — Gade kare ki nan paj 23 a.

b Gade pa egzanp pawòl Jezi ki rapòte nan Matye 10:29-31 ; 18:12-14, 21-35 ; 22:36-40.

c Nan Jan 14:6, lefètke yo sèvi ak pwonon pèsonèl “ mwen ” ansanm ak atik defini “ an ”, sa mete aksan sou pozisyon san parèy Jezi okipe a, li fè konnen li se chemen an, sèl chemen nou ka pase pou nou pwoche kot Papa a.

Kèk tit yo bay Jezi Kris

Amèn (sa vle di “ se pou sa fèt konsa ” oswa “ sètènman ”). Li se Sila a pwomès Bondye yo jwenn akonplisman sèten nan li a. — 2 Korentyen 1:19, 20.

Papa etènèl. Jewova ba l pouvwa ak otorite pou l bay lèzòm posiblite pou yo gen lavi etènèl nan lapèfeksyon sou tè a. — Izayi 9:6.

Gran Prèt. Li ka pirifye nou anba peche e li ka libere nou anba efè mòtèl peche a. — Ebre 3:1 ; 9:13, 14, 25, 26.

Wa dè wa. Antanke yon wa selès Bondye nome, Jezi gen plis pisans lontan pase nenpòt dirijan sou tè a. — Revelasyon 17:14.

Prens lapè. Antanke Chèf nan Wayòm Bondye a, Jezi pral etabli yon lapè sou tè a k ap global e ki pap janm fini. — Izayi 9:6.

Konseye estrawòdinè. Konsèy Jezi toujou pratik e li toujou pafè. Si nou suiv konsèy li, sa ap pèmèt nou jwenn delivrans. — Izayi 9:6 ; Jan 6:68.

Pawòl la. Li se Pòtpawòl Jewova. — Jan 1:1.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje