CHAPIT 4
Poukisa nou dwe respekte otorite?
“Onore tout kalite moun.” — 1 PYÈ 2:17.
1, 2. a) Ki sa k fè li pa toujou fasil pou nou respekte otorite? b) Ki kesyon nou pral egzamine?
ÈSKE sa poko janm rive w pou w wè jan yon timoun piti reyaji lè yo mande l pou l fè yon bagay li vrèman pa vle fè? Sou figi timoun sa a, ou ka wè li yon ti jan kontrarye. Li tande sa paran l mande l fè a, e li konnen li sipoze respekte otorite paran l. Men, li tou senpleman pa vle obeyi. Egzanp sa a byen demontre yon bagay ki konn rive nou tout.
2 Li pa toujou fasil pou nou respekte otorite. Èske pafwa ou twouve li difisil pou w demontre respè pou moun ki gen otorite sou ou? Si sa konn rive w, ou mèt konnen se pa ou menm sèl ki konn gen pwoblèm sa a. N ap viv nan yon epòk kote moun pi pa gen respè pou otorite pase tout lòt epòk. Sepandan, Bib la di nou dwe respekte moun ki gen otorite sou nou (Pwovèb 24:21). Anfèt, si nou vle rete nan lanmou Bondye, li enpòtan anpil pou nou fè sa. Natirèlman, sa soulve kèk kesyon tankou: ‘Ki sa k fè li difisil konsa pou nou respekte otorite? Poukisa Jewova mande nou pou nou respekte otorite, e ki sa k ap ede nou fè sa? Epitou, nan ki domèn nou ka montre nou respekte otorite?’
REZON KI FÈ SA DIFISIL
3, 4. Ki jan peche ak enpèfeksyon te kòmanse, e poukisa enpèfeksyon nou gen nan nou an fè li difisil pou nou respekte otorite?
3 Nou pral fè yon ti pale sou de rezon ki fè li difisil pou nou respekte otorite. Premyèman, nou enpafè. Dezyèmman, moun ki gen otorite sou nou yo enpafè tou. Peche ak enpèfeksyon te kòmanse sa gen lontan, depi nan jaden Edenn, lè Adan ak Èv te rebele kont otorite Bondye. Donk, peche te kòmanse ak rebelyon. Jiska prezan, nou toujou gen tandans rebele, e se yon tandans nou fèt avè l. — Jenèz 2:15-17; 3:1-7; Sòm 51:5; Women 5:12.
4 Akoz enpèfeksyon ki nan nou an, nou plis gen tandans demontre ògèy ak awogans, tandiske imilite se yon kalite ki ra lakay nou, yon kalite nou bezwen travay di pou nou rive genyen l e pou nou konsève l. Menmsi nou gen plizyè ane depi n ap sèvi Bondye fidèlman, nou ka vin dezobeyisan e nou ka vin ògeye. Ann konsidere egzanp Kora. Li te rete atache ak pèp Bondye a fidèlman pandan plizyè peryòd difisil. Sepandan, li te vle vin gen plis otorite e sa te fè l oze rebele kont otorite Moyiz, moun ki te pi enb nan epòk la (Nonb 12:3; 16:1-3). Reflechi tou sou egzanp wa Ozyas. Ògèy te pouse wa sa a antre nan tanp Jewova a, e li te fè yon travay sakre ki te rezève sèlman pou prèt yo (2 Kwonik 26:16-21). De mesye sa yo te peye rebelyon yo a chè. Sepandan, sa k te rive yo a se yon avètisman ki fè nou sonje nou dwe toujou lite pou nou konbat ògèy lakay nou, paske defo sa a fè li difisil pou nou respekte otorite.
5. Ki jan lèzòm itilize otorite yo genyen?
5 Yon lòt bò, moun ki gen otorite yo fè anpil bagay ki lakòz moun pa respekte otorite. Gen anpil nan yo ki mechan, ki maltrete moun oswa ki diktatè. Anfèt, prèske tout istwa lèzòm montre moun ki gen otorite yo toujou sèvi ak pouvwa yo genyen pou yo fè lòt moun abi. (Li Eklezyas 8:9.) Pa egzanp, lè Jewova te chwazi Sayil pou l vin wa, Sayil te yon bon moun, yon moun ki gen imilite. Sepandan, li te vin ògeye e li te vin jalou. Sa te fè l pèsekite David, yon moun ki te fidèl (1 Samyèl 9:20, 21; 10:20-22; 18:7-11). Annapre, David te vin youn nan pi bon wa ki te genyen ann Izrayèl. Epoutan, li te mal sèvi ak pouvwa l te genyen an. Li te pran madanm Ouri, yon desandan Èt, li voye Ouri nan lagè e li fè yo mete l devan nèt nan batay la pou l te ka mouri (2 Samyèl 11:1-17). Vrèmanvre, enpèfeksyon fè li difisil pou lèzòm itilize otorite yo kòrèkteman. Lè moun ki gen otorite yo pa gen respè pou Jewova, yo aji pi mal toujou. Apre yon òm d Eta britanik te fin dekri fason kèk pap katolik te fè pèsekite moun prèske toupatou, men sa l te di: “Pouvwa gen tandans kòwonp moun, e plis yon moun gen pouvwa se plis li kòwonpi.” Toutpandan nou gen istwa sa yo nan lespri nou, annou egzamine kesyon sa a: ‘Poukisa nou dwe respekte otorite?’
POUKISA NOU DWE RESPEKTE OTORITE?
6, 7. a) Ki sa lanmou nou gen pou Jewova pouse nou fè, e poukisa? b) Pou nou soumèt, ki atitid nou bezwen genyen, e ki jan nou ka demontre nou gen yon atitid konsa?
6 Pi gwo rezon nou genyen pou nou respekte otorite se lanmou, sètadi lanmou nou gen pou Jewova, lanmou pou pwochen nou e menm lanmou nou gen pou tèt nou. Nou vle fè kè Jewova kontan paske nou renmen l plis pase tout lòt bagay. (Li Pwovèb 27:11; Mak 12:29, 30.) Nou konnen depi lè Satan te pouse Adan ak Èv rebele kont Jewova nan jaden Edenn, li te konteste souvrènte Jewova, sa vle di dwa Jewova genyen pou l dirije linivè. Depi lè sa a, majorite moun sou tè a pran pozisyon pou Satan e yo refize kite Jewova dirije yo. Se pa ti kontan nou kontan pran pozisyon pou souvrènte Jewova! Lè n ap li deklarasyon enpresyonan nou jwenn nan Revelasyon 4:11 lan, nou santi kè nou ranpli ak lajwa. Pou nou menm, li klè se Jewova ki gen dwa legal pou l dirije linivè. Nou soutni souvrènte l, nou aksepte pou l dirije nou nan lavi n ap mennen chak jou.
7 Respekte otorite Jewova vle di plis pase annik obeyi lè sa pa deranje nou. Nou obeyi Jewova volontèman paske nou renmen l. Sepandan, ap gen kèk moman kote l ap difisil anpil pou nou obeyi l. Nan moman sa yo, n ap bezwen aprann soumèt nou menm jan ak timoun nou te mansyone nan entwodiksyon an. N ap sonje Jezi te soumèt anba volonte Papa l, menm lè sa te parèt difisil anpil pou li. Men sa Jezi te di Papa l: “Se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa w.” — Lik 22:42.
8. a) Nan epòk nou an, ki jan nou ka montre nou soumèt anba otorite Jewova, e ki sa ki ede nou konprann pwennvi Jewova sou kesyon sa a? b) Ki sa k ap ede nou pou nou koute konsèy e pou nou aksepte disiplin? (Gade kare ki gen tit: “Koute konsèy epi aksepte disiplin.”)
8 Se vre Jewova pa pale avèk nou pèsonèlman jodi a. Men, li sèvi ak Pawòl li a e ak moun ki reprezante l sou tè a pou l fè sa. Se sa k fè, lè nou respekte moun Jewova plase sou tèt nou yo ak moun li pèmèt rete nan pozisyon kote yo gen otorite sou nou, se anba otorite Jewova nou soumèt. Si nou ta rebele kont moun sa yo, pa egzanp si nou ta refize aksepte konsèy ak koreksyon yo ban nou, konsèy ak koreksyon ki baze sou Bib la, nou t ap ofanse Bondye. Lè Izrayelit yo t ap plenyen kont Moyiz e yo te rebele kont li, Jewova te konsidere se kont li menm pèsonèlman yo t ap plenyen e se kont li yo te rebele. — Nonb 14:26, 27.
9. Ki sa k fè lanmou nou gen pou pwochen nou ap pouse nou respekte otorite? Bay yon egzanp.
9 Yon lòt rezon ki fè nou respekte otorite se paske nou renmen pwochen nou. Ki sa k fè nou di sa? Ebyen, imajine ou se yon sòlda ki fè pati yon lame. Pou lame sa a ranpòte laviktwa e menm pou l pa kraze, sa depann de fason chak sòlda ap kowopere, fason l ap obeyi ak fason l ap respekte otorite lòt sòlda nan lame a ki sou tèt li. Si w ta rebele, ou t ap febli lame a e ou ta ka menm mete vi tout lòt sòlda parèy ou yo an danje. Se vre, lame lèzòm yo lakòz anpil dega nan monn nan jodi a, men, Jewova gen lame tou, e lame pa l yo se sa ki byen sèlman yo fè. Plizyè santèn fwa, Bib la pale de Jewova kòm “Chèf lame yo”. (1 Samyèl 1:3.) L ap kòmande yon pakèt zanj ki pisan. Pafwa, Jewova konpare sèvitè l yo ki sou tè a ak yon lame (Sòm 68:11; Ezekyèl 37:1-10). Si nou ta rebele kont moun Jewova bay otorite sou nou yo, èske nou pa t ap mete kretyen parèy nou yo ki tankou sòlda an danje? Lè yon kretyen rebele kont yon ansyen, lòt moun nan kongregasyon an ka soufri akoz de sa (1 Korentyen 12:14, 25, 26). Lè yon timoun rebele kont paran l, tout fanmi an ka soufri. Kidonk, lè nou respekte otorite e nou dispoze kowopere, nou montre nou renmen pwochen nou.
10, 11. Lefètke nou toujou vle byen pou tèt nou, ki jan sa pouse nou respekte otorite?
10 Yon lòt rezon ki fè nou respekte otorite se paske nou konnen sa nan enterè nou. Lè Jewova mande nou pou nou respekte otorite, jeneralman li di nou ki byenfè n ap jwenn lè nou fè sa. Pa egzanp, li di timoun yo pou yo obeyi paran yo pou yo ka viv pi lontan e pou yo ka viv byen (Detewonòm 5:16; Efezyen 6:2, 3). Li di nou pou nou respekte ansyen yo nan kongregasyon an, paske si nou pa fè sa, sa pap bon pou nou (Ebre 13:7, 17). E li di nou pou nou respekte otorite ki nan monn nan pou pwòp pwoteksyon nou. — Women 13:4.
11 Èske w pa dakò, lefètke nou konnen rezon ki fè Jewova vle nou obeyi, sa ede nou respekte otorite? Kidonk, annou egzamine ki jan nou ka montre respè pou otorite nan twa domèn ki enpòtan nan lavi a.
RESPÈ NAN FANMI
12. Ki wòl Jewova bay mari a nan fanmi an, e ki jan yon gason ka ranpli wòl sa a?
12 Se Jewova ki etabli fanmi. Antanke yon Bondye ki gen lòd, li etabli l yon fason pou l fonksyone byen (1 Korentyen 14:33). Li bay mari a oswa papa a otorite pou l aji antanke chèf fanmi an. Mari a dwe montre respè pou moun ki sou tèt li a, anpalan de Jezi Kris. L ap montre sa lè li imite fason Jezi egzèse otorite l sou kongregasyon an (Efezyen 5:23). Kidonk, mari a pa dwe abandone responsablite li genyen an, men li dwe akonpli l ak tout li menm. Li pa dwe aji tankou yon diktatè ni li pa dwe di. Men, olye de sa, li dwe gen lanmou, li dwe rezonab e li dwe gen bonte. Li dwe toujou sonje otorite l genyen an gen limit, paske Jewova gen plis otorite pase l.
Yon papa ki kretyen imite fason Kris egzèse otorite l.
13. Ki jan yon madanm oswa yon manman ka jwe wòl li yon fason ki fè Jewova plezi?
13 Yon madanm oswa yon manman dwe aji antanke yon èd oswa yon konpay pou mari l. Li menm tou li gen otorite nan fanmi an paske Labib pale de “lòd manman w ba ou”. (Pwovèb 1:8.) Natirèlman, otorite pa l la vini apre otorite mari a. Yon kretyèn ta dwe montre li respekte otorite mari l, lè li ede l jwe wòl li antanke chèf fanmi an. Li pa dwe rabese mari l, li pa dwe manipile l, ni li pa dwe pran plas li. Olye de sa, li dwe soutni mari l e li dwe kowopere avè l. Lè mari a pran yon desizyon e li pa dakò avè l, li ka di sa l panse avèk respè, men li dwe toujou soumèt. Si mari a pa kwayan, sa ka lakòz madanm nan fè fas ak plizyè sitiyasyon difisil, men, si malgre sa madanm nan toujou soumèt, bon konduit li ka pouse mari a chèche konnen Jewova. — Li 1 Pyè 3:1.
14. Ki sa timoun yo ka fè pou yo fè kè paran yo ak kè Jewova kontan?
14 Timoun yo fè Jewova plezi lè yo obeyi papa yo ak manman yo. Lè yo fè sa, yo onore paran yo tou e yo fè kè paran yo kontan (Pwovèb 10:1). Nan fanmi kote se yon sèl paran k ap leve timoun yo, se menm prensip obeyisans lan timoun yo dwe suiv. Yo dwe konsyan paran k ap leve yo a bezwen pou yo soutni l e pou yo kowopere avè l plis toujou. Nan fanmi kote tout moun jwe wòl Bondye konfye yo a, gen lapè ak anpil lajwa. Sa onore moun ki etabli fanmi an, anpalan de Jewova Dye. — Efezyen 3:14, 15.
RESPÈ NAN KONGREGASYON AN
15. a) Ki jan nou ka montre nou respekte otorite Jewova nan kongregasyon an? b) Ki prensip ki ka ede nou obeyi moun k ap dirije nou yo? (Gade kare ki gen tit: “Obeyi moun k ap dirije nou yo.”)
15 Jewova etabli Pitit Gason l lan kòm dirijan kongregasyon an (Kolosyen 1:13). Jezi li menm etabli “esklav fidèl ki prevwayan an” pou l pran swen pèp Bondye a ki sou tè a nan domèn espirityèl (Matye 24:45-47). Kolèj santral Temwen Jewova yo se “esklav fidèl ki prevwayan an”. Menm jan sa te konn fèt nan kongregasyon premye syèk la, jodi a, ansyen yo resevwa enstriksyon ak konsèy nan men Kolèj santral la, swa dirèkteman, swa pa mwayen reprezantan l yo, tankou siveyan itineran yo. Lè nou menm pèsonèlman nou respekte otorite ansyen yo, se Jewova nou obeyi. — Li 1 Tesalonisyen 5:12; Ebre 13:17.
16. Nan ki sans nou ka di se lespri sen ki etabli ansyen yo?
16 Ansyen yo ak sèvitè ministeryèl yo pa pafè. Yo konn fè erè menm jan avèk nou. Sepandan, yo se “gason kòm kado” Bondye bay pou ede kongregasyon an rete djanm nan domèn espirityèl (Efezyen 4:8). Se lespri sen ki etabli ansyen yo (Travay 20:28). Ki sa k fè nou di sa? Toudabò, pou yon moun kalifye pou l ansyen oswa pou l sèvitè ministeryèl, li dwe ranpli yon seri kondisyon ki nan Pawòl Bondye a ki te ekri anba enfliyans lespri sen (1 Timote 3:1-7, 12; Tit 1:5-9). Anplis de sa, lè ansyen yo ap egzamine si yon frè kalifye pou l jwe wòl sa yo, yo priye Jewova ak tout kè yo pou yo ka jwenn direksyon lespri sen.
17. Nan aktivite kongregasyon an, ki sa k konn fè kretyèn yo kouvri tèt yo pafwa?
17 Nan kongregasyon an, pafwa sa ka rive pa gen ni ansyen ni sèvitè ministeryèl ki disponib pou fè yon seri travay nòmalman se yo ki ta dwe fè yo, tankou dirije reyinyon pou predikasyon. Lè sa a, lòt frè ki batize ka fè travay sa yo. Si pa gen okenn frè batize ki disponib, lè sa a, yon sè ki kalifye ka fè yo. Sepandan, lè yon sè ap fè yon travay nòmalman se yon frè batize ki ta dwe fè l, li dwe kouvri tèt lia (1 Korentyen 11:3-10). Egzijans sa a pa rabese medam yo. Okontrè, li ba yo opòtinite pou yo demontre respè pou prensip otorite Jewova etabli ni nan fanmi an ni nan kongregasyon an.
RESPÈ POU OTORITE NAN MONN NAN
18, 19. a) Ki jan w t ap esplike prensip ki nan Women 13:1-7 la? b) Ki jan nou ka demontre nou respekte otorite ki nan monn nan?
18 Vrè kretyen yo suiv prensip ki nan Women 13:1-7 la alalèt. (Li vèsè yo.) Pandan w ap li vèsè sa yo, w ap remake yo pale de “otorite”. Otorite sa yo reprezante gouvènman ki nan monn nan. Toutotan Jewova pèmèt gouvènman sa yo egziste, yo jwe yon wòl enpòtan. Yo pèmèt plizoumwen gen lòd e yo rann yon seri sèvis ki nesesè. Nou montre nou respekte otorite sa yo lè nou respekte lwa yo fè. Nou veye pou nou peye tout taks nou dwe peye e pou nou ranpli kòrèkteman nenpòt fòmilè oswa nenpòt dokiman gouvènman yo egzije nou ranpli. Nou obeyi nenpòt lwa ki konsène nou menm, fanmi nou, biznis nou oswa byen nou posede. Sepandan, nou pap soumèt devan otorite sa yo nan monn nan si yo mande nou pou nou dezobeyi Bondye. Olye de sa, n ap reponn menm jan ak apot yo ki t ap viv nan premye syèk la: “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm.” — Travay 5:28, 29; gade kare ki gen tit: “Otorite kiyès pou m obeyi?”
19 Yon lòt jan nou montre respè pou otorite ki nan monn nan se nan fason nou konpòte nou. Pafwa, nou ka annafè ak moun ki fè pati gouvènman yo. Apot Pòl te rankontre kèk dirijan tankou wa Ewòd Agripa ak gouvènè Festis. Byenke dirijan sa yo te konn bay move egzanp, Pòl te pale avèk yo avèk respè (Travay 26:2, 25). Nou imite egzanp Pòl, kit fonksyonè n ap pale avè l la se yon dirijan ki gen anpil pouvwa, kit li se yon polisye ki nan zòn lakay nou. Nan lekòl, jèn ki kretyen yo fè efò pou yo demontre respè menm jan an pou pwofesè yo, pou moun ki fè pati direksyon lekòl la e pou lòt anplwaye yo. Natirèlman, se pa moun ki respekte kwayans nou sèlman nou respekte, nou respekte moun ki opoze ak Temwen Jewova yo tou. Anfèt, moun ki pa kwayan yo ta dwe wè nou respekte yo. — Li Women 12:17, 18; 1 Pyè 3:15.
20, 21. Site kèk benediksyon n ap jwenn lè nou demontre respè pou otorite.
20 Se pou nou toujou dispoze demontre respè pou tout moun. Apot Pyè te ekri: “Onore tout kalite moun.” (1 Pyè 2:17). Lè lòt moun santi nou vrèman respekte yo, sa ka fè yon gwo enpresyon sou yo. Sonje sa, kalite sa a vin pi ra chak jou. Lè nou demontre l, se youn nan fason nou montre nou obeyi kòmandman Jezi te bay la, kòmandman ki di: “Se pou limyè nou briye devan lèzòm, konsa y ap ka wè bèl aksyon nou yo e y ap ka bay Papa nou ki nan syèl la glwa.” — Matye 5:16.
21 Nan monn fènwa sa a, moun ki gen bon kè yo santi yo atire pou yo vin nan limyè espirityèl la. Kidonk, lè nou demontre respè nan fanmi nou, nan kongregasyon an e pou otorite ki nan monn nan, sa ka atire kèk moun pou yo vin mache nan limyè a ansanm avèk nou. Ala yon bèl posiblite nou genyen! Menmsi sa pa rive, yon bagay ki sèten sèke, lè nou demontre respè pou lèzòm, nou fè Jewova Dye plezi e sa ede nou rete nan lanmou l. Ki pi gwo rekonpans nou ta ka jwenn pase sa?
a Nan Apendis la, nan atik ki gen tit: “Ki lè yon kretyèn dwe kouvri tèt li, e pou ki rezon?”, yo egzamine kèk sitiyasyon kote nou ka aplike prensip sa a.