SEKSYON 6
Paran w
Paran w gen anpil eksperyans. Yo deja fè tout eksperyans yon adolesan fè ni nan domèn fizik ni nan domèn afektif. Donk, paran w ta dwe pi bon moun ki ka ede w pandan adolesans ou. Men, pafwa sanble se paran yo menm ki pwoblèm nan, yo pa ede w jwenn yon solisyon vre. Pa egzanp, ou ka konn jwenn youn nan difikilte ki pi ba yo:
□ Paran m toujou ap kritike m.
□ Papa m oswa manman m se esklav dwòg oswa alkòl.
□ Paran m toujou ap fè gwo diskisyon.
□ Paran m pap viv ansanm.
Chapit 21-25 ap ede w jere pwoblèm sa yo ak lòt ankò.
[Gwo foto nan paj 172, 173]