BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bt chap. 9 p. 69-76
  • “Bondye pa gen patipri”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Bondye pa gen patipri”
  • ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “Li te toujou ap sipliye Bondye” ​(Travay 10:1-8)
  • “Pyè t ap poze tèt li kesyon sou sans vizyon sa a” ​(Travay 10:9-23a)
  • Pyè “mande yo pou yo batize” ​(Travay 10:23b-48)
  • “Yo sispann diskite avè l e yo bay Bondye glwa” ​(Travay 11:1-18)
  • “Gen yon bonkou moun ki te vin kwè” (Travay 11:19-26a)
  • “Yo voye sekou bay frè” yo (Travay 11:26-30)
  • Kònèy resevwa lespri sen
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Pyè al kay Kònèy
    Liv istwa biblik mwen an
  • Premye kretyen yo fas a lwa Moyiz la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • “Sa te vin lakòz yon gwo diskisyon”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
Gade plis
‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
bt chap. 9 p. 69-76

CHAPIT 9

“Bondye pa gen patipri”

Kretyen yo kòmanse preche moun lòt nasyon ki pa t sikonsi yo

Travay 10:1–11:30

1-3. Ki vizyon Pyè te fè, e poukisa nou bezwen konprann siyifikasyon vizyon sa a?

NOU ann otòn ane 36 epòk nou an, gen yon bon ti solèy k ap chofe Pyè pandan l ap priye sou do yon kay ki toupre lanmè nan vil Jope. Sa gen plizyè jou depi yo ba l fè yon ti rete nan kay sa a. Lefètke li dakò rete nan kay sa a, sa montre, nan yon sans, li pa gen prejije. Paske mèt kay la, ki rele Simon, se yon bòs tanè, e se pa tout Juif ki t ap dakò rete lakay yon moun konsaa. Poutan, Pyè pral aprann yon gwo leson konsènan Jewova, yon Bondye ki pa gen patipri.

2 Pandan Pyè ap priye, li fè yon vizyon. Sa l wè nan vizyon an se bagay ki ta ka bay kèlkeswa Juif la pwoblèm. Li wè yon veso ki tankou yon gwo twal len yo kenbe nan kat pwent li k ap desann sot nan syèl la. Ladan l, gen yon pakèt bèt ki pa pwòp selon Lalwa. Lè Pyè tande yon vwa ki di l pou l touye bèt sa yo e pou l manje yo, li reponn li di: “Jamè, Seyè! Paske, mwen pa janm manje anyen ki kontamine e ki pa pwòp.” Men, vwa a di l: “Sispann di bagay Bondye pirifye se bagay ki kontamine.” Vwa a ba l repons sa a pandan twa fwa (Tra. 10:14-16). Lè Pyè fin fè vizyon an, li bwouye, men nan yon tikras tan li t apral konprann siyifikasyon l.

3 Ki siyifikasyon vizyon Pyè te fè a genyen? Li enpòtan pou nou konprann siyifikasyon vizyon sa a, paske gen yon verite ki pwofon nou ka aprann ladan l konsènan fason Jewova wè moun. Antanke vrè kretyen, nou pa kapab bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a si nou pa aprann gen menm pwennvi ak Bondye konsènan moun yo. Pou nou ka rive konprann vizyon Pyè a, annou egzamine kèk bagay enteresan ki te pase nan menm moman sa a ki te gen rapò ak vizyon an.

“Li te toujou ap sipliye Bondye” ​(Travay 10:1-8)

4, 5. Kiyès Kònèy te ye, e ki sa k te rive l pandan l t ap priye?

4 Sa Pyè pa t konnen, sèke nan lavèy, nan vil Sezare, ki nan yon distans 50 kilomèt anviwon nan nò Jope, Bondye te fè yon mesye ki rele Kònèy fè yon vizyon. Kònèy se te yon ofisye nan lame women an, se te yon moun ki te “gen atachman [...] pou Bondye”b. Anplis, li te bay bon egzanp nan fason li pran swen fanmi l, paske se “li menm ak tout moun lakay li [ki] te gen [...] lakrentif pou Bondye”. Kònèy pa t konvèti nan relijyon juif la, se te yon moun lòt nasyon ki pa t sikonsi. Epoutan, li te konn fè anpil byen pou Juif ki te nan nesesite yo, li te konn ede yo nan domèn materyèl. Li “te toujou ap sipliye Bondye”. — Tra. 10:2.

5 Kònèy t ap priye Bondye ozanviwon twazè nan aprèmidi lè l te wè yon zanj nan yon vizyon ki di l: “Bondye tande priyè w yo, e li sonje byen w fè pou moun ki pòv yo.” ​(Tra. 10:4). Zanj lan te di l voye kèk mesye al chèche apot Pyè, e se sa l te fè. Antanke yon moun lòt nasyon ki pa t sikonsi, Kònèy t apral viv yon bagay li potko gen posiblite viv anvan sa: li t apral resevwa mesaj delivrans lan.

6, 7. a) Bay yon egzanp ki montre Bondye reponn priyè moun ki sensè yo fè pou yo montre yo ta renmen konnen kiyès li ye. b) Ki sa nou rive konprann grasa egzanp konsa?

6 Èske jodi a Bondye reponn priyè moun ki sensè yo fè pou yo montre yo ta renmen konnen kiyès li ye? Annou pran yon egzanp ki te pase. Gen yon dam nan peyi Albani ki te aksepte yon Toudegad yon sè te ofri l. Toudegad sa a te gen yon atik konsènan fason paran yo ka byen leve pitit yoc. Li te di sè a: “Imajine sa! Mwen te fèk ap priye Bondye pou m mande l ede m leve pitit fi m yo. Se Bondye ki voye w. Ou ban mwen egzakteman enfòmasyon m te bezwen yo!” Ni dam nan ni pitit fi l yo te kòmanse etidye Labib, e pi devan, mari l te vin etidye Labib tou.

7 Èske se yon bagay ki rive yon lè konsa? Non! Se pa ni de ni twa fwa yon bagay konsa rive, e sa rive toupatou sou tè a. Sa tèlman rive souvan nou pa ka di se sou chans sa rive. Ki sa sa fè nou konprann? Premyèman, Jewova reponn priyè moun ki gen bon kè k ap chèche konnen l (1 Wa 8:41-43; Sòm 65:2). Dezyèmman, zanj yo ap soutni travay predikasyon an. — Rev. 14:6, 7.

“Pyè t ap poze tèt li kesyon sou sans vizyon sa a” ​(Travay 10:9-23a)

8, 9. Ki sa Bondye te fè Pyè konnen pa mwayen lespri sen l, e ki jan Pyè te reyaji?

8 Pandan Pyè te toujou sou do kay la e li “t ap poze tèt li kesyon sou sans vizyon sa a”, mesye Kònèy te voye yo pwoche bò kay Pyè te ye a (Tra. 10:17). Èske Pyè, ki te fin di pandan twa fwa li pap manje bagay ki pa t pwòp selon Lalwa, t ap aksepte ale ak mesye sa yo pou l antre lakay yon moun lòt nasyon? Bondye te fè konnen volonte l nan sitiyasyon sa a pa mwayen lespri sen l. Li te di Pyè: “Gade! Gen twa mesye k ap mande pou ou. Leve, desann anba a, epi ale avèk yo san w pa gen okenn dout, paske se mwen ki voye yo.” (Tra. 10:19, 20). Siman vizyon Pyè te fè a te prepare l pou l soumèt li anba direksyon lespri sen.

9 Lè Pyè aprann se Bondye ki te mande Kònèy pou li voye kote l, li te envite mesye yo, ki te moun lòt nasyon, antre e li te “fè yo rete avèk li”. (Tra. 10:23a.) Apot Pyè ki te yon moun obeyisan te kòmanse fè chanjman nan pwennvi l apre l te fin aprann plis bagay sou volonte Bondye.

10. Ki jan Jewova dirije pèp li a, e ki kesyon l ap bon pou nou chak poze tèt nou?

10 Jis jodi a, se tikras pa tikras Jewova ede pèp li a konprann volonte l (Pwo. 4:18). Pa mwayen lespri sen l, li gide “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Mat. 24:45.) Pafwa, yo ka ban nou kèk eklèsisman sou fason nou te konprann Pawòl Bondye a oswa yo ka fè kèk chanjman nan fason òganizasyon Jewova a fonksyone. L ap bon pou nou chak mande tèt nou: ‘Ki jan m reyaji lè gen chanjman sa yo? Èske m kite lespri sen Bondye gide m pou m aksepte chanjman sa yo?’

Pyè “mande yo pou yo batize” ​(Travay 10:23b-48)

11, 12. Ki sa Pyè te fè lè l te rive Sezare, e ki sa l te aprann?

11 Nan jou apre Pyè te fin fè vizyon an, li menm ansanm ak nèf lòt moun, sa vle di twa mesye Kònèy te voye yo ansanm ak “sis frè” juif ki te soti Jope, te pran wout pou y al Sezare (Tra. 11:12). Pandan Kònèy t ap tann Pyè, li te rasanble “fanmi l ak bon zanmi l” yo. Sandout, yo tout se te moun lòt nasyon (Tra. 10:24). Lè Pyè rive, li fè yon bagay li pa t ap janm panse l t ap fè: Li antre lakay yon moun lòt nasyon ki pa t sikonsi. Men sa Pyè te di: “Nou konnen trè byen yon Juif pa gen dwa mele ak yon moun lòt nasyon, ni l pa gen dwa pale avè l. Epoutan, Bondye montre m mwen pa dwe konsidere pèsonn kòm moun ki kontamine, oubyen kòm moun ki pa pwòp.” ​(Tra. 10:28). Kounye a, Pyè te vin rann li kont vizyon li te resevwa a pa t aprann li sèlman ki kalite manje yon moun dwe manje, men li te aprann li yon pi gwo leson toujou, sèke li pa dwe “konsidere pèsonn [moun lòt nasyon yo ladan l tou] kòm moun ki kontamine”.

Pyè ansanm ak moun ki te avè l yo k ap antre lakay Kònèy.

“Natirèlman, Kònèy t ap tann yo, e li te rasanble fanmi l ak bon zanmi l.” — Travay 10:24.

12 Tout moun ki te la yo te pare pou yo koute Pyè ak tout kè yo. Kònèy di Pyè: “Nou tout nou la a devan Bondye pou n tande tout bagay Jewova ba w lòd pou w di.” (Tra. 10:33). Imajine jan w t ap santi w si yon moun ki enterese nan bon nouvèl la ta di w yon pawòl konsa! Lè Pyè te pran lapawòl, li te di yon bagay ki gen anpil fòs. Li te di: “Vrèmanvre, mwen rann mwen kont Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” ​(Tra. 10:34, 35). Pyè te aprann Bondye pa gade sou ras yon moun, sou nasyonalite l oswa sou nenpòt lòt bagay moun ka wè pou l aksepte moun sa a pwoche kote l. Pyè te kòmanse bay moun ki te la yo temwayaj sou travay predikasyon Jezi te fè a, sou lanmò l e sou rezirèksyon l.

13, 14. a) Lè Kònèy ak moun lòt nasyon yo te konvèti nan ane 36 epòk nou an, ki sa sa te montre? b) Poukisa nou pa ta dwe jije moun yo sou aparans?

13 Gen yon bagay ki potko janm fèt ki rive: “Pandan Pyè kontinye ap pale sou bagay sa yo”, lespri sen desann sou “moun ki soti nan lòt nasyon” ki te la yo (Tra. 10:44, 45). Nan istwa yo rakonte nan Bib la, se sèlman nan ka sa a yo fè n konnen lespri sen te desann sou moun anvan yo batize. Pyè te rann li kont se yon siy ki montre Bondye apwouve moun sa yo, se pou sa “li [te] mande yo pou yo batize”. (Tra. 10:48.) Lè moun lòt nasyon sa yo te konvèti nan ane 36 epòk nou an, sa te montre peryòd kote Jewova te gen yon relasyon espesyal ak Juif yo te bout (Dàn. 9:24-27). Nan okazyon sa a, lè Pyè te pran latèt pou li bay moun yo temwayaj sou Wayòm Bondye a, se itilize l te itilize twazyèm “kle Wayòm syèl la”, e se te dènye kle a (Mat. 16:19). Sa te pèmèt moun lòt nasyon ki pa t sikonsi yo vin kretyen Bondye chwazi pa mwayen lespri sen pou y al nan syèl la.

14 Jodi a, antanke pwoklamatè Wayòm nan, nou rekonèt “Bondye pa gen patipri”. (Wom. 2:11.) Volonte Bondye se “pou tout kalite moun sove”. (1 Tim. 2:4.) Kidonk, nou pa dwe janm jije moun yo sou aparans oswa sou lòt bagay nou ka wè. Travay nou se bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a, e sa mande pou n preche tout moun, kèlkeswa ras yo, nasyonalite yo, aparans yo ak relijyon yo.

“Yo sispann diskite avè l e yo bay Bondye glwa” ​(Travay 11:1-18)

15, 16. Poukisa kèk kretyen ki te Juif te tonbe diskite ak Pyè, e ki jan Pyè te esplike yo rezon ki fè l te aji jan l te aji a?

15 Pyè te pran direksyon Jerizalèm, sandout, li te enpasyan pou l fè moun Jerizalèm yo konnen sa k te rive a. Men, sanble nouvèl la te gentan rive anvan l, moun yo te gentan konnen moun lòt nasyon yo te “resevwa pawòl Bondye a”. Kou Pyè rive, “moun ki te pou sikonsizyon yo tonbe kritike l”. Yo pa t kontan dèske l te antre “lakay moun ki pa sikonsi e [li te] manje avèk yo”. (Tra. 11:1-3.) Anfèt, disip sa yo ki te Juif pa t gen pwoblèm pou moun lòt nasyon yo vin disip Kris. Men selon yo menm, pou moun lòt nasyon yo te adore Jewova yon fason ki akseptab, yo te dwe obeyi Lalwa, sa ki t ap mande pou yo sikonsi. Li klè, li te difisil pou kèk nan disip ki te Juif yo sispann suiv Lwa Moyiz la.

16 Ki esplikasyon Pyè te ba yo pou l ede yo konprann rezon ki fè l te aji jan l te aji a? Selon Travay 11:4-16, li te ba yo kat prèv ki montre se Bondye ki t ap dirije evènman yo: 1) Bondye te ba l yon vizyon (vèsè 4-10), 2) Bondye te ba l enstriksyon pa mwayen lespri sen (vèsè 11, 12), 3) yon zanj te parèt devan Kònèy (vèsè 13, 14) e 4) lespri sen te desann sou moun lòt nasyon yo (vèsè 15, 16). Pou fini, Pyè poze yon kesyon ki te ka vrèman konvenk moun yo, li di: “Kidonk, si Bondye ba yo [moun lòt nasyon ki te vin kretyen yo] menm kado [lespri sen] l te ban nou an [Juif yo], nou menm ki kwè nan Seyè Jezi Kris, kiyès mwen ye pou m ta ka bloke Bondye?” — Tra. 11:17.

17, 18. a) Ki desizyon kretyen ki te Juif yo te oblije pran apre Pyè te fin esplike yo sa k te rive a? b) Ki sa k ka fè l difisil pou nou kontinye gen inite nan kongregasyon an, e ki kesyon l ap bon pou nou chak poze tèt nou?

17 Sa Pyè te di yo te oblije kretyen ki te Juif yo pran yon desizyon. Èske yo t ap kapab retire tout ti tras prejije yo gen nan kè yo? Èske yo t ap konsidere nouvo disip sa yo ki soti nan lòt nasyon yo kòm kretyen menm jan avèk yo? Men sa Bib la di nou: “Lè yo [apot yo ak lòt kretyen ki te Juif yo] tande bagay sa yo, yo sispann diskite avè l e yo bay Bondye glwa, yo di: ‘Kidonk, Bondye pèmèt moun ki nan nasyon yo repanti tou pou yo ka gen lavi.’” ​(Tra. 11:18). Bon etadespri yo te genyen an te pèmèt moun nan kongregasyon an rete ini.

18 Jodi a, li ka pa fasil pou moun k ap adore Bondye toutbonvre yo kontinye gen inite nan mitan yo, paske yo soti “nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang”. (Rev. 7:9.) Se sa k fè, nan anpil kongregasyon, nou jwenn moun ki soti nan divès ras, nan divès kilti e ki pa gen menm edikasyon. Nan sans sa a, l ap bon pou nou chak mande tèt nou: ‘Èske m derasinen tout ti tras prejije nan kè m? Èske m pran detèminasyon pou m pa janm kite bagay ki lakòz divizyon nan monn nan, tankou fyète moun genyen pou peyi yo, tribi yo, kilti yo oswa ras yo, gen enfliyans sou fason mwen trete frè m ak sè m yo?’ N ap sonje sa k te rive Pyè (Sefas) kèk ane apre premye gwoup moun ki te fè pati lòt nasyon yo te vin kretyen. Li te kite yon seri moun ki gen prejije enfliyanse l, li te “rale kò l sou” moun lòt nasyon ki te vin kretyen yo, e Pòl te oblije reprimande l (Gal. 2:11-14). Annou toujou veye pou nou pa gen prejije nan kè nou.

“Gen yon bonkou moun ki te vin kwè” (Travay 11:19-26a)

19. Kiyès kretyen nan Antyòch ki te Juif yo te kòmanse preche, e ki rezilta yo te jwenn?

19 Èske disip Jezi yo te kòmanse preche moun lòt nasyon ki pa t sikonsi yo? Gade sa k te pase yon ti tan apre nan Antyòch ki te nan Siri ad. Te gen yon pakèt Juif ki t ap viv nan vil sa a, men pa t gen pwoblèm ant Juif yo ak moun lòt nasyon yo. Donk, Antyòch se te yon bon tèritwa pou kretyen yo preche moun lòt nasyon yo. Se nan vil sa a kèk disip ki te Juif te kòmanse fè “moun ki pale grèk yo” konnen bon nouvèl la (Tra. 11:20). Se pa t Juif ki te pale grèk yo sèlman yo te preche, men tou yo te preche moun lòt nasyon yo. Jewova te beni travay predikasyon an, e te “gen yon bonkou moun ki te vin kwè”. — Tra. 11:21.

ANTYÒCH KI TE NAN SIRI A

Antyòch ki te nan Siri a te bò rivyè Owont, li te nan nòdès waf Selesi a ki nan zòn Meditèrane nan yon distans apeprè 20 kilomèt, e li te nan nò Jerizalèm nan yon distans apeprè 550 kilomèt (Tra. 13:4). Se Selekis Iye Nikatò, premye wa nan wayòm Selesid la, ki te fonde Antyòch nan ane 300 anvan epòk nou an. Antyòch, kapital wayòm sa a, te vin gen anpil enpòtans rapidman. Nan ane 64 anvan epòk nou an, Ponpe, yon jeneral women, te fè Siri tounen yon peyi ki anba dominasyon Women yo, e li te chwazi Antyòch kòm kapital Siri. Nan premye syèk epòk nou an, vil sa a se te twazyèm pi gwo vil apre Wòm ak Aleksandri, poutèt kantite moun ak richès li te genyen.

Se Antyòch pifò aktivite komèsyal peyi Siri ak pifò aktivite gouvènman an te fèt. Se la yo te pote tout machandiz peyi Siri pou yo te ka voye yo lòt kote nan zòn Meditèrane a. Gen yon biblis ki di: “Piske l te toupre fwontyè ki ant zòn Grèk ak Women yo te domine yo ak peyi ki te nan zòn lès yo, se te yon vil ki te gen plis melanj kilti pase tout lòt vil ki te gen kilti grèk yo.” Te gen anpil Juif Antyòch, e Flaviyis Jozèf, yon istoryen juif, fè nou konnen Juif yo “te fè anpil nan Grèk [ki t ap viv Antyòch yo] konvèti nan relijyon yo a”.

20, 21. Ki jan Banabas te montre li se yon moun ki rekonèt limit li, e ki jan nou menm tou nou ka montre nou rekonèt limit nou nan travay predikasyon an?

20 Kongregasyon Jerizalèm nan te voye Banabas Antyòch pou l te ka preche moun nan vil sa a ki te dispoze koute bon nouvèl la. Men, sanble te tèlman gen moun ki enterese nan bon nouvèl la, Banabas pa t ka fè travay la poukont li. Kiyès moun ki te ka pi apwopriye pou ede Banabas pase Sòl, ki t apral vin apot nasyon yo (Tra. 9:15; Wom. 1:5)? Èske Banabas t ap konsidere Sòl kòm yon moun ki nan konpetisyon avè l? Okontrè, Banabas te montre li se yon moun ki rekonèt limit li. Li te ale Tas, l al chèche Sòl e li mennen Sòl Antyòch pou Sòl ka ede l. Yo toule de te pase yon ane ap fòtifye disip ki te nan kongregasyon Antyòch la. — Tra. 11:22-26a.

21 Ki jan nou ka montre nou rekonèt limit nou nan travay predikasyon an? Nou chak gen kalite pa nou e nou gen kapasite pa nou. Pa egzanp, yon moun gendwa maton nan bay temwayaj enfòmèl oswa nan preche kay an kay, epoutan, li santi l mare lè pou l retounen vizite moun yo oubyen pou l kòmanse etid Labib ak yo. Si w ta renmen vin pi maton nan kèk aspè nan travay predikasyon an, poukisa w pa mande yon moun ki maton pou l ede w? Lè w fè sa, w ap jwenn pi bon rezilta nan travay predikasyon an e w ap gen plis kè kontan. — 1 Kor. 9:26.

“Yo voye sekou bay frè” yo (Travay 11:26-30)

22, 23. Ki jan frè nan Antyòch yo te demontre lanmou yo, e ki jan pèp Bondye a fè menm jan an jodi a?

22 Se Antyòch “Bondye te fè yo rele disip yo Kretyen” pou premye fwa (Tra. 11:26b). Non sa a Bondye te fè disip yo genyen an te vrèman apwopriye pou yo paske yo t ap suiv egzanp Kris nan tout aspè nan lavi yo. Lè moun lòt nasyon yo te vin kretyen, èske te gen bon relasyon ant yo menm ak kretyen ki te Juif yo? Èske youn te konsidere lòt kòm frè? Ann egzamine sa ki te rive lè te gen yon gwo grangou ki te frape Jide nan ane 46 epòk nou ane. Nan tan lontan, gwo grangou te konn sakaje malere yo anpil piske yo pa t konn gen kòb sere ni yo pa t konn gen manje an rezèv. Sanble anpil nan kretyen ki te Juif ki t ap viv Jide yo se malere yo te ye, se sa k fè, lè gwo grangou an te frape Jide, yo te bezwen manje ak lòt bagay ki te nesesè. Lè frè Antyòch yo, moun lòt nasyon ki te vin kretyen yo ladan l tou, aprann sa, “yo voye sekou bay frè ki t ap viv nan Jide yo”. (Tra. 11:29.) Se te yon bèl fason yo te demontre lanmou yo gen pou frè yo!

23 Se konsa sa ye pami pèp Bondye a jodi a. Lè nou aprann frè nou yo nan bezwen, kit se nan yon lòt peyi, kit se nan peyi pa nou, nou chèche mwayen pou nou ede yo ak tout kè nou. Lè yon katastwòf natirèl frape, tankou siklòn, tranblemanntè ak sounami, san pèdi tan, komite filyal yo mete komite sekou sou pye pou pran swen frè ak sè nou yo ki viktim. Tout efò sa yo nou fè pou nou ede frè ak sè nou yo montre nou fè pati yon fanmi kote youn renmen lòt. — Jan 13:34, 35; 1 Jan 3:17.

24. Ki jan nou ka montre nou byen konprann tout enpòtans vizyon Pyè te fè a?

24 Antanke vrè kretyen, nou byen konprann tout enpòtans vizyon Pyè te fè sou do kay nan vil Jope a nan premye syèk la. N ap sèvi yon Bondye ki pa gen patipri. Li vle nou bay yon temwayaj konplè sou Wayòm li an, sa ki gen ladan l pou nou preche tout moun kèlkeswa ras yo, nasyonalite yo ak pozisyon yo nan sosyete a. Kidonk, annou pran detèminasyon pou nou bay tout moun ki vle koute bon nouvèl la posiblite pou yo byen reyaji devan l. — Wom. 10:11-13.

Frè ak sè k ap repare do yon kay.

Lè frè nou yo nan bezwen, nou chèche ede yo ak tout kè nou.

KÒNÈY AK LAME WOMEN AN

Pou zòn Jide, biwo santral Leta yo ak katye jeneral militè women yo te nan vil Sezare. Yon gouvènè women te konn dirije yon lame ki gen ant 500 a 1 000 kavalye e ki gen senk gwoup sòlda ki t ap mache apye. Yon gwoup ki konplè te gen anviwon 600 sòlda. An jeneral, se moun ki te nan zòn ki anba dominasyon Wòm yo yo te pran nan lame a olye yo te chwazi sitwayen women. Pifò sòlda Jide yo te nan Sezare, men te gen ti twoup sòlda ki te gaye nan tout Jide. Youn nan yo te gen baz li nan Fò Antónya, ki te nan Jerizalèm, se la yo te toujou ye e yo te konn veye mòn Tanp lan ak vil la. Men, lè fèt Juif yo, yo te konn voye plis sòlda nan vil sa a pou si ta gen dezòd.

Te gen ofisye ki te konn dirije gwoup ki te gen anviwon 100 sòlda. Nan Travay 10:1, yo di Kònèy te yon ofisye konsa, ki te konn dirije batayon yo te rele batayon italyen an, sanble se nan Sezare batayon sa a te tabli baz li. Petèt, se batayon sa a yo te rele Dezyèm batayon italyen ki gen sitwayen women ki chwazi antre nan lamef. Ofisye yo te gen gwo pozisyon nan sosyete a ak nan lame a, e yo te rich. Sanble yo te konn peye yo 16 fwa kantite kòb yo te bay senp sòlda yo.

f An laten, yo te di Cohors II Italica voluntariorum civium Romanorum. Gen prèv ki montre batayon sa a te nan Siri nan ane 69 epòk nou an.

a Gen kèk Juif ki te konn meprize bòs tanè yo paske travay y ap fè a fè yo manyen po bèt ak kadav bèt, e anplis, lè y ap fè travay yo, yo sèvi ak yon seri bagay ki bay degoutans. Bòs tanè yo pa t gen dwa antre nan tanp lan, e kote yo gen biznis yo a pa t dwe pre yon vil. Li te dwe gen 22 mèt pou pi piti ki separe l ak vil la. Petèt se kapab youn nan rezon ki fè se “toupre lanmè” kay Simon te ye. — Tra. 10:6.

b Gade kare ki gen tit “Kònèy ak lame women an”.

c Tit atik la se te “Konsèy ki fyab pou nou elve pitit nou.” Li te parèt nan Toudegad 1ye novanm 2006, paj 4-7.

d Gade kare ki gen tit “Antyòch ki te nan Siri a”.

e Jozèf, yon istoryen juif, te pale de “gwo grangou” sa a ki te frape Jide sou rèy anperè Klod (ane 41-54 epòk nou an).

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje