BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bt chap. 15 p. 117-123
  • Yo “fòtifye kongregasyon yo”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo “fòtifye kongregasyon yo”
  • ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “Kounye a, ann tounen al vizite frè yo” (Travay 15:36)
  • “Yo pete yon sèl lobo” (Travay 15:37-41)
  • “Yo te pale an byen de Timote” (Travay 16:1-3)
  • “Yo te [...] vin pi solid nan lafwa” (Travay 16:4, 5)
  • “Pitit mwen nan Seyè a, yon pitit mwen renmen e ki fidèl”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Timote te prè e li te dispoze sèvi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Mak: li te bay “yon bon kout men nan travay la”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Mak pa t abandone
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
bt chap. 15 p. 117-123

CHAPIT 15

Yo “fòtifye kongregasyon yo”

Siveyan k ap vizite kongregasyon yo ede yo vin pi solid nan lafwa

Travay 15:36–16:5

1-3. a) Kiyès ki nouvo konpayon vwayaj Pòl la? Fè yon ti pale de li. b) Ki sa nou pral aprann nan chapit sa a?

PÒL ak Timote ap mache sou wout wòch ki separe vil yo. Toutpandan Pòl ap gade Timote k ap mache bò kote l la, l ap reflechi sou tout sa k ap tann misye. Timote se yon jèn gason ki gen tout fòs li sou li, petèt li nan fen adolesans li oubyen li nan kòmansman ventèn li. Tank y ap mache, se tank Timote ap kite lakay li dèyè, e nan fen jounen an, yo gentan byen lwen vil Lis ak Ikónyòm. Ki sa k ap tann yo? Pòl plizoumwen konnen sa k ap tann yo, paske se dezyèm vwayaj l ap fè kòm misyonè. Li konnen yo pral jwenn yon pakèt danje ak yon pakèt pwoblèm. Kòman Timote pral fè fas ak sitiyasyon sa yo?

2 Pòl gen konfyans nan Timote, e petèt jèn gason sa a ki gen imilite pa gen tout konfyans sa a nan tèt li. Gen kèk bagay ki te rive sa pa gen twò lontan ki fè Pòl wè nesesite pou l gen yon bon konpayon vwayaj. Pòl konnen travay moun k ap vizite kongregasyon yo e k ap fòtifye yo gen pou yo fè a mande pou yo gen bonjan detèminasyon e pou yo gen tèt ansanm. Sa k fè se konsa Pòl wè bagay yo? Petèt, youn nan rezon yo se yon dezakò li te gen ak Banabas, sa ki te lakòz yo separe.

3 Nan chapit sa a, nou pral aprann kèk bagay sou pi bon fason pou nou regle dezakò yo. Anplis, nou pral aprann poukisa Pòl te chwazi Timote kòm konpayon vwayaj li e n ap konprann wòl enpòtan siveyan sikonskripsyon yo jwe jodi a.

“Kounye a, ann tounen al vizite frè yo” (Travay 15:36)

4. Ki sa Pòl te vle fè nan dezyèm vwayaj li te fè kòm misyonè a?

4 Nan chapit ki vin anvan an, nou te wè ki jan yon delegasyon ki te gen kat frè ladan l, anpalan de Pòl, Banabas, Jida ak Silas, te ankouraje frè ak sè nan kongregasyon Antyòch la lè yo te fè yo konnen desizyon kolèj santral la sou kesyon sikonsizyon an. Ki sa Pòl te fè apre sa? Li te pwopoze Banabas pou yo fè yon lòt vwayaj. Li te di l: “Kounye a, ann tounen al vizite frè yo nan chak vil kote nou te anonse pawòl Jewova a, pou nou wè kòman yo ye.” (Tra. 15:36). Pòl pa t mande Banabas pou y al bay frè sa yo ki te fèk konvèti yon vizit konsa konsa. Liv Travay la fè nou konnen poukisa Pòl te vle fè yon dezyèm vwayaj kòm misyonè. Premyèman, sa t ap pèmèt li kontinye fè konnen desizyon kolèj santral la te pran an (Tra. 16:4). Dezyèmman, antanke yon siveyan ki t ap vizite kongregasyon yo, Pòl te detèmine pou l ankouraje frè ak sè yo yon fason pou l ede yo vin pi solid nan lafwa (Wom. 1:11, 12). Ki jan òganizasyon Temwen Jewova yo suiv egzanp apot yo jodi a?

5. Ki jan Kolèj santral nan epòk nou an bay kongregasyon yo direksyon ak ankourajman?

5 Jodi a, Kris sèvi ak Kolèj santral Temwen Jewova yo pou l dirije kongregasyon yo. Frè ki nan Kolèj santral yo, yon seri frè ki fidèl e ki gen esperans pou y al viv nan syèl la, sèvi ak divès mwayen pou yo bay kongregasyon yo ki sou tout tè a direksyon ak ankourajman. Yo fè sa pa mwayen lèt, piblikasyon sou Entènèt ak piblikasyon enprime, reyinyon ak lòt mwayen ankò. Mete sou sa, Kolèj santral la chèche kenbe yon kontak sere ak chak kongregasyon. Se pou sa yo itilize siveyan sikonskripsyon yo. Sou tout tè a, Kolèj santral la nome plizyè milye ansyen ki kalifye pou yo sèvi kòm siveyan sikonskripsyon.

6, 7. Bay kèk responsablite siveyan sikonskripsyon yo genyen.

6 Jodi a, lè siveyan sikonskripsyon yo ap vizite kongregasyon yo, yo fè efò pou yo bay chak moun nan kongregasyon an atansyon e pou yo ba yo ankourajman ki soti nan Bib la. Ki jan yo fè sa? Yo suiv egzanp kretyen premye syèk yo, pa egzanp, Pòl. Men sa Pòl te di yon siveyan menm jan avèk li: “Preche pawòl la, fè sa san pèdi tan, ni nan tan favorab, ni nan tan difisil, korije moun, reprimande yo, ankouraje yo, fè sa avèk anpil pasyans e avèk ladrès nan fason w ap anseye. [...] Travay antanke moun k ap evanjelize.” — 2 Tim. 4:2, 5.

7 Ann amoni ak pawòl sa yo, siveyan sikonskripsyon yo, ansanm ak madanm yo si yo marye, patisipe nan divès aspè ki gen nan travay predikasyon an ak frè ak sè ki nan kongregasyon y ap vizite yo. Siveyan sikonskripsyon yo se moun ki zele nan travay predikasyon an e yo se bon anseyan. Tousa gen yon bon efè sou twoupo a (Wom. 12:11; 2 Tim. 2:15). Youn nan bèl kalite yo genyen, sèke yo gen lanmou ki pouse yo fè sakrifis. Yo bay tout yo menm nan sèvis la, pafwa yo vwayaje anba move tan e gende lè menm y al nan zòn ki danjere (Flp. 2:3, 4). Epitou, lè siveyan sikonskripsyon yo ap vizite kongregasyon yo, yo bay diskou ki baze sou Bib la, konsa yo ankouraje frè ak sè yo, yo anseye yo e yo ba yo konsèy ki fèm. Tout frè ak sè nan kongregasyon yo ap jwenn byenfè lè yo byen egzamine konduit siveyan sikonskripsyon yo e yo imite lafwa yo. — Ebre 13:7.

“Yo pete yon sèl lobo” (Travay 15:37-41)

8. Ki jan Banabas te reyaji devan pwopozisyon Pòl te fè l la?

8 Banabas te dakò ak Pòl pou y al “vizite frè yo”. (Tra. 15:36.) Yo te byen travay ansanm deja antanke konpayon vwayaj e yo toude deja byen konn ni zòn yo t apral vizite yo, ni moun yo (Tra. 13:2–14:28). Donk, sanble se te yon bon ide pou yo vwayaje ansanm ankò pou y al vizite frè yo. Men, te gen yon pwoblèm. Travay 15:37 fè nou konnen: “Banabas te byen deside pou l mennen Jan, ki rele Mak tou, avèk yo.” Se pa t mande Banabas te mande Pòl pou yo fè sa, vèsè a di li “te byen deside” pou l mennen Mak, kouzen l lan, nan vwayaj sa a yo t apral fè kòm misyonè a.

9. Poukisa Pòl pa t dakò ak Banabas?

9 Pòl pa t dakò ak Banabas. Poukisa? Men sa liv Travay la fè n konnen: “Pòl pa t dakò pou yo mennen [Mak] avèk yo, paske li te kite yo depi Panfili e li pa t akonpaye yo nan travay la.” (Tra. 15:38). Mak te akonpaye Pòl ak Banabas nan premye vwayaj yo t ap fè kòm misyonè a, men li pa t fin fè vwayaj la avèk yo (Tra. 12:25; 13:13). Yo te fèk kòmanse vwayaj la e yo te nan zòn Panfili, lè Mak te kite yo e li t al lakay li Jerizalèm. Bib la pa di pou ki rezon li te kite mesye yo, men sanble apot Pòl te konsidere sa l te fè a kòm yon bagay ki montre li manke responsab. Petèt Pòl te panse misye pa vrèman yon moun yo ka fè konfyans nan sans sa a.

10. Sou ki sa dezakò Pòl ak Banabas la te debouche, e ki sa yo te fè apre sa?

10 Men, Banabas te deside pou l mennen Mak avèk li. E Pòl li menm te deside pou l pa mennen misye. Travay 15:39 di: “Lè sa a, yo pete yon sèl lobo, e sa vin lakòz yo chak fè yon bò.” Banabas pran Mak avèk li, yo pran bato, y al nan zile Chip, kote Banabas te fèt la. Pòl, bò kote pa l, te fè sa l te prevwa fè a. Men sa Bib la fè n konnen: “Pòl li menm chwazi Silas, epi, apre frè yo fin remèt Pòl nan men Jewova pou ba l favè san parèy la, li ale.” (Tra. 15:40). Donk, Pòl ak Silas “travèse Siri ak Silisi, toutpandan [yo] t ap fòtifye kongregasyon yo”. — Tra. 15:41.

11. Ki kalite konsa ki nesesè pou nou genyen pou n pa kite yon pwoblèm dire ant nou menm ak yon moun ki te fè nou yon bagay ki mal?

11 Istwa sa a ka fè nou chak sonje nou se moun ki enpafè. Pòl ak Banabas se de moun kolèj santral la te chwazi pou reprezante l, e pi devan, sanble Pòl te vin fè pati kolèj santral la tou. Men malgre sa, nan sikonstans sa a, Pòl ak Banabas te kite se tandans peche ki nan yo a ki pouse yo aji. Èske yo te kite pwoblèm sa a dire nan mitan yo? Byenke se te de moun ki enpafè, yo te gen imilite e yo te gen panse Kris la. Sandout, rive yon lè, yo te aji jan de frè ta dwe aji, e youn te padone lòt (Efe. 4:1-3). Pi devan, Pòl ak Mak te travay ansanm nan kèk lòt responsablite yo te genyen nan òganizasyon Bondye aa. — Kol. 4:10.

12. Ki kalite siveyan yo dwe demontre jodi a pou yo ka imite Pòl ak Banabas?

12 Pòl ak Banabas pa t moun ki te gen abitid fè kont ak moun. Banabas te yon moun ki renmen moun e ki renmen bay, se poutèt sa, byenke bon non l se te Jozèf, apot yo pa t konn rele l nan bon non l, yo te konn rele l Banabas ki vle di “Pitit konsolasyon”. (Tra. 4:36.) Pòl li menm, tout moun te konnen l kòm yon moun ki gen afeksyon ak bonte lakay li (1 Tes. 2:7, 8). Jodi a, tout siveyan kretyen yo, sa ki gen ladan l siveyan sikonskripsyon yo tou, dwe imite Pòl ak Banabas. Yo dwe toujou chèche demontre imilite nan relasyon yo ak frè ak sè yo e yo dwe demontre yo renmen lòt ansyen yo e yo renmen tout twoupo a. — 1 Pyè 5:2, 3.

“Yo te pale an byen de Timote” (Travay 16:1-3)

13, 14. a) Kiyès Timote te ye, e ki jan Pòl dwe te rankontre l? b) Sa k fè Pòl te pran tan l pou l suiv Timote? c) Ki responsablite yo te konfye Timote?

13 Nan dezyèm vwayaj Pòl te fè kòm misyonè a, li te ale nan zòn Galasi. Nan zòn sa a, te deja gen kèk kongregasyon. Finalman, “li [te] rive Dèbe, apre sa l al Lis”. Bib la fè nou konnen: “Nan vil sa a [Lis], te gen yon disip ki rele Timote. Manman l te yon Juif e li te yon disip tou, men papa l te yon Grèk.b” — Tra. 16:1.

14 Sanble, se nan premye vwayaj Pòl te fè nan zòn sa a ozanviwon ane 47 epòk nou an li te rankontre fanmi Timote. Kounye a, pandan dezyèm vwayaj la, sa vle di de oswa twazan apre, Pòl te pran tan l pou l suiv Timote. Poukisa? Paske frè yo te “pale an byen de [li]”. Nonsèlman frè nan vil kote l te ye a te apresye l, men tou menm frè ki pa t nan kongregasyon l lan te konnen li gen bon repitasyon. Bib la fè nou konnen ni frè nan Lis yo ni frè nan Ikónyòm yo, yon vil ki te nan yon distans 30 kilomèt parapò ak Lis, te pale an byen de Timote (Tra. 16:2). Anba direksyon lespri sen, ansyen yo te konfye Timote yon gwo responsablite, byenke li te jèn lè sa a. Li te gen pou l akonpaye Pòl ak Silas nan travay yo t ap fè antanke siveyan k ap vizite kongregasyon yo. — Tra. 16:3.

15, 16. Sa k fè Timote te gen yon bon repitasyon?

15 Ki sa k te fè Timote gen yon bon repitasyon konsa byenke li te jèn? Èske se paske li te entèlijan, li te gen bèl aparans oswa li te gen anpil kapasite tou natirèlman? Se vre, byen souvan, bagay konsa enpresyone lèzòm. Yon lè, menm pwofèt Samyèl te kite aparans moun twonpe l. Men, Jewova te fè l sonje: “Fason lòm wè bagay yo se pa konsa Bondye wè yo. Lòm wè sa je l ba li, men Jewova li menm, li wè sa k nan kè yon moun.” (1 Sam. 16:7). Donk, se pa t yon seri kapasite natirèl Timote te genyen ki te fè l gen bon repitasyon sa a pami lòt kretyen yo, men se pito yon seri bèl kalite li te genyen.

16 Plizyè ane apre, apot Pòl te pale sou kèk nan bèl kalite Timote te genyen yo. Pòl te pale de bon etadespri Timote te genyen, lanmou li te genyen ki te pouse l fè sakrifis pou l ede frè ak sè l yo, e jan li te montre l zele pou l ranpli responsablite l (Flp. 2:20-22). Tout moun te konnen Timote tou kòm yon moun ki te gen “yon lafwa ki san ipokrizi”. — 2 Tim. 1:5.

17. Ki jan jèn yo ka suiv egzanp Timote jodi a?

17 Jodi a, gen anpil jèn ki imite Timote lè yo chèche kiltive yon seri kalite Jewova renmen. Konsa, menm lè yo jèn, yo gen yon bon repitasyon devan Jewova e devan pèp li a (Pwo. 22:1; 1 Tim. 4:15). Yo demontre yo gen yon lafwa ki san ipokrizi, yo pa pran pòz y ap suiv prensip Bondye yo lè yo devan kèk moun epi pou yo gen yon lòt konduit lè moun sa yo pa la (Sòm 26:4). Menm jan ak Timote, anpil jèn gen posiblite pou yo jwe yon wòl enpòtan nan kongregasyon an. An reyalite, lè jèn sa yo chèche kalifye pou yo vin pwoklamatè bon nouvèl la epi yo vwe lavi yo bay Jewova e yo batize, sa ankouraje tout moun ki renmen Jewova k ap viv bò kote yo!

“Yo te [...] vin pi solid nan lafwa” (Travay 16:4, 5)

18. a) Ki privilèj Pòl ak Timote te genyen antanke siveyan ki t ap vizite kongregasyon yo? b) Ki benediksyon kongregasyon yo te jwenn?

18 Pòl ak Timote te travay ansanm pandan anpil ane. Antanke siveyan ki t ap vizite kongregasyon yo, yo te akonpli anpil misyon kolèj santral la te ba yo. Liv Travay la fè n konnen: “Etan y ap vwayaje, yo fè moun ki nan vil kote yo pase yo konnen desizyon apot yo ak ansyen ki nan Jerizalèm yo te pran, pou moun yo ka soumèt devan desizyon sa yo.” (Tra. 16:4). Li klè, kongregasyon yo te suiv direksyon ak enstriksyon apot ak ansyen nan Jerizalèm yo te bay. Lefètke kongregasyon yo te obeyi, sa te bay bon rezilta: “Kongregasyon yo te kontinye ap vin pi solid nan lafwa, e de jou an jou, yo te vin gen plis moun.” — Tra. 16:5.

19, 20. Poukisa kretyen yo ta dwe obeyi “moun k ap dirije” nan òganizasyon an?

19 Menm jan an tou jodi a, Temwen Jewova yo jwenn anpil benediksyon lè yo obeyi enstriksyon yo resevwa nan men “moun k ap dirije” nan òganizasyon an, e yo fè sa ak tout kè yo (Ebre 13:17). Piske monn nan se chanje l ap chanje tankou sèn nan pyès teyat, li vrèman enpòtan pou kretyen yo manje manje espirityèl “esklav fidèl ki prevwayan an” ba yo san pèdi tan (Mat. 24:45; 1 Kor. 7:29-31). Lè nou fè sa, sa ka fè nou pa kite laverite e sa ka ede n ret san tach parapò ak monn nan. — Jak 1:27.

20 Menm jan Pòl, Banabas, Mak ak lòt ansyen nan premye syèk la Bondye te chwazi pou al viv nan syèl la se te moun ki enpafè, siveyan kretyen yo nan epòk nou an, sa gen ladan l manm Kolèj santral la, se moun ki enpafè tou (Wom. 5:12; Jak 3:2). Men, piske Kolèj santral la byen suiv Pawòl Bondye a e yo byen suiv egzanp apot yo, yo montre yo merite pou frè ak sè yo fè yo konfyans (2 Tim. 1:13, 14). Kòm rezilta, kongregasyon yo vin pi djanm, yo vin pi solid nan lafwa.

TIMOTE TE TRAVAY TANKOU YON ESKLAV “POU BON NOUVÈL LA KA PWOGRESE”

Timote se te yon moun ki te konn ede apot Pòl e li te gen anpil valè nan je apot la. Apre de mesye sa yo te fè anviwon 11 an ap travay kòtakòt, men sa Pòl te anmezi pou l ekri konsènan Timote: “Mwen pa gen pèsonn ki gen menm atitid avè l, pa gen pèsonn tankou l ki gen sousi pou nou toutbon. [...] Nou konnen li fè prèv li, paske, menm jan yon pitit konn fè pou papa l, se konsa li travay ansanm avèk mwen tankou yon esklav pou bon nouvèl la ka pwogrese.” (Flp. 2:20, 22). Timote te travay di pou l fè travay predikasyon an pwogrese, sa te fè Pòl renmen l anpil, konsa, Timote kite yon bon egzanp pou nou.

Timote.

Papa Timote te Grèk e manman l te Juif. Sanble li te leve nan vil Lis. Depi lè l te toupiti, Enis, manman l, ak Loyis, grann li, te anseye l Ekriti yo (Tra. 16:1, 3; 2 Tim. 1:5; 3:14, 15). Sanble ni yo menm ni Timote te vin kretyen pandan premye vizit Pòl te fè nan vil Lis la.

Distans pou Pòl retounen nan vil sa a kèk ane apre, Timote, ki sanble te nan fen adolesans li oswa nan kòmansman ventèn li, te deja fè bonjan pwogrè piske “frè Lis ak frè Ikónyòm yo te pale an byen de [li]”. (Tra. 16:2.) Lespri Bondye te “anonse” kèk bagay sou Timote, e ann amoni ak bagay sa yo, Pòl ak ansyen nan kongregasyon an te rekòmande Timote pou yon fòm sèvis espesyal (1 Tim. 1:18; 4:14; 2 Tim. 1:6). Timote t apral vin konpayon Pòl nan sèvis misyonè a. Li t apral oblije kite fanmi l. E kòm li t ap gen pou l vizite moun ki Juif, li te oblije aksepte Pòl sikonsi l, yon fason pou Juif yo pa t jwenn rezon pou yo plenyen. — Tra. 16:3.

Timote te vwayaje anpil. Li te preche ak Pòl ak Silas nan vil Filip, li te preche ak Silas nan vil Bere e li te preche poukont li nan Tesalonik. Lè l te rankontre ak Pòl ankò nan Korent, li te pote bon nouvèl pou li. Li te pale l de lanmou ak fidelite kretyen Tesalonik yo te montre yo genyen malgre yo te nan tribilasyon (Tra. 16:6–17:14; 1 Tes. 3:2-6). Lè Pòl te resevwa nouvèl ki te boulvèse l konsènan kretyen Korent yo pandan l Efèz, li te deside voye Timote tounen Korent (1 Kor. 4:17). Annapre, pandan Pòl Efèz toujou, li voye Timote ak Eras Masedwàn. Men, lè Pòl t ap ekri kretyen Wòm yo, Timote te avèk li ankò nan Korent (Tra. 19:22; Wom. 16:21). Sa yo se sèlman kèk nan vwayaj Timote te fè pou l preche bon nouvèl la.

Lè nou wè ankourajman Pòl te bay Timote nan 1 Timote 4:12, sa ede n konprann Timote te yon ti jan pè sèvi ak otorite l. Men sa Pòl te di l: “Pa janm kite pèsonn meprize w paske w jèn.” Sepandan, Pòl te gen ase konfyans nan Timote pou l te voye l nan yon kongregasyon ki te gen pwoblèm e li te ba l enstriksyon ki vin apre a: “Bay kèk moun enstriksyon pou yo pa anseye yon lòt doktrin.” (1 Tim. 1:3). Anplis, Pòl te ba l otorite pou l nome ansyen ak sèvitè ministeryèl nan kongregasyon an. — 1 Tim. 5:22.

Yon lòt rezon ki te fè Pòl renmen Timote anpil se paske Timote te gen yon seri bèl kalite. Bib la aprann nou jenòm sa a te yon bon zanmi pou Pòl, li te yon konpayon ki fidèl e li te montre li renmen Pòl. Konsa, li te tankou yon pitit pou Pòl. Se pou sa Pòl te ekri l pou di l li sonje jan l te kriye, pou di l li te anvi wè l e li t ap priye pou li. Tankou yon papa ki renmen pitit li, Pòl te bay Timote konsèy tou poutèt li te konn “ap malad souvan”. Sanble maladi sa a se te yon pwoblèm lestomak. — 1 Tim. 5:23; 2 Tim. 1:3, 4.

Premye fwa Pòl te nan prizon nan vil Wòm nan, Timote te avèk li. Timote te pran prizon tou, menm lè se te pou yon ti tan (Flm. 1; Ebre 13:23). De mesye sa yo te gen yon gwo atachman youn pou lòt, nou kapab wè sa paske lè Pòl te santi yo pa t lwen touye l li te voye chèche Timote. Men sa l te voye di l: “Fè tout sa w kapab pou w vin kote m tousuit.” (2 Tim. 4:6-9). Men, Bib la pa di si Timote te gentan rive atan pou l wè Pòl, konseye li te renmen anpil la.

MAK TE GEN ANPIL PRIVILÈJ

Nan Evanjil Mak te ekri a, nou aprann moun ki te vin arete Jezi yo te eseye met men sou “yon jennonm”, men misye te chape anba men yo e “li kouri kò touni”. (Mak 14:51, 52.) Piske se sèl Mak, ki te rele Jan Mak tou, ki rakonte istwa sa a, petèt se li ki “jennonm” yo te eseye met men sou li a. Si se sa, sanble Mak te gen omwen kèk kontak ak Jezi.

Mak k ap koute e k ap pran nòt toutpandan yon ansyen ap pale.

Anviwon 11 an apre evènman sa a, nan peryòd kote Ewòd Agripa t ap pèsekite kretyen yo, gen “yon bon kantite disip” nan kongregasyon Jerizalèm nan ki te reyini lakay Mari, manman Mak, pou yo priye. Se lakay manman Mak apot Pyè t ale lè yon zanj Jewova te fin delivre l nan prizon (Tra. 12:12). Kidonk, sanble kay Mak te grandi a se yon kay kretyen yo te itilize pou yo fè reyinyon. Sandout, li te konn premye disip Jezi yo byen, e yo te gen yon bon enfliyans sou li.

Mak te travay kòtakòt ak yon bon kantite siveyan nan kongregasyon kretyen premye syèk la. Selon sa nou konnen, premye privilèj li te genyen nan kongregasyon an se travay bò kote Banabas, ki te kouzen l, ansanm ak apot Pòl nan asiyasyon yo te genyen nan Antyòch ki te nan Siri a (Tra. 12:25). Lè Banabas ak Pòl te fè premye vwayaj yo kòm misyonè a, li te vwayaje avèk yo. Toudabò, yo t al Chip, apre sa, yo t al Azi Minè. Pandan yo la, Mak retounen Jerizalèm pou yon rezon nou pa konnen (Tra. 13:4, 13). Apre dezakò ki te genyen ant Banabas ak Pòl konsènan Mak la, jan Travay chapit 15 montre nou sa, Mak ak Banabas te kontinye sèvis yo antanke misyonè nan Chip. — Tra. 15:36-39.

Sanble, nan ane 60 oubyen 61 epòk nou an, Mak ak Pòl te deja bliye tout sa ki te gen rapò ak dezakò sa a nèt, piske Mak te vin ap travay bò kote Pòl ankò, men fwa sa a se te nan vil Wòm. Men sa Pòl te ekri kretyen nan kongregasyon Kolòs yo pandan l te nan prizon nan vil Wòm: “Aristak, ki prizonye ansanm avè m, voye salye nou. Mak, kouzen Banabas la, voye salye nou tou. (Se konsènan li menm nou te jwenn enstriksyon pou nou byen akeyi l si l vin jwenn nou.)” (Kol. 4:10). Kidonk, Pòl te gen entansyon voye Mak, ki te Wòm nan moman an, al reprezante l nan Kolòs.

Ant ane 62 ak ane 64 epòk nou an, Mak te travay ansanm ak apot Pyè nan Babilòn. Jan nou te wè sa nan chapit 10 liv sa a, yo te vin gen yon relasyon sere sere, paske Pyè te pale de Mak, ki te pi jèn pase l, kòm “pitit gason [l]”. — 1 Pyè 5:13.

Finalman, ozanviwon ane 65 epòk nou an, lè apot Pòl te nan prizon yon dezyèm fwa nan Wòm, gade sa li te ekri Timote, konpayon sèvis li, ki te Efèz: “Pran Mak vin avè w, paske li itil mwen pou sèvis la.” (2 Tim. 4:11). Pa gen dout nan sa, Mak te reyaji byen vit lè l te aprann sa e li te kite Efèz pou l al Wòm. Nou pa bezwen mande ki jan Banabas, Pòl ak Pyè te apresye Mak!

Pi gwo privilèj Mak te genyen nan sèvis Bondye a, se privilèj pou Jewova enspire l pou l ekri youn nan Evanjil yo. Selon anpil moun, se pa mwayen apot Pyè Mak te jwenn pifò nan enfòmasyon l te ekri yo. Lè nou konsidere enfòmasyon ki nan Evanjil Mak la, yo ta sanble gen rezon, piske Evanjil sa a gen yon seri detay ladan l, se sèlman yon moun ki te la lè bagay sa yo te pase, tankou Pyè, ki te ka konnen yo. Men, sanble se pandan Mak te Wòm, li te ekri Evanjil li a, se pa pandan l te avèk Pyè nan Babilòn. Sanble se toudabò pou moun ki soti nan nasyon yo li te ekri l, piske li itilize yon pakèt mo laten e li tradui yon seri ekspresyon ebre moun ki pa Juif yo pa t ap konprann fasil.

a Gade kare ki gen tit “Mak te gen anpil privilèj”.

b Gade kare ki gen tit “Timote te travay tankou yon esklav ‘pou bon nouvèl la ka pwogrese’”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje