Kantik 32
Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen!
1. Lèzòm chaje ak pwoblèm jodi a.
Moun yo pè, yo pa gen okenn espwa.
Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen
Pou’n ka gen lavi san fen.
(REFREN)
Fidèl nou tout dwe rete.
Lwen monn nan nou dwe kanpe,
Kenbe entegrite’n, kenbe laverite.
2. Monn nan chaje ak pyèj, ak tantasyon.
Nou dwe reziste lè’n anba presyon.
Si nou kenbe Pawòl Bondye a fèm,
N’ap ka fè fas ak pwoblèm.
(REFREN)
Fidèl nou tout dwe rete.
Lwen monn nan nou dwe kanpe,
Kenbe entegrite’n, kenbe laverite.
3. Annou sèvi Bondye ak tout kè nou.
Nou dwe lite pou’n ret fidèl chak jou.
Annou preche san nou pa ralanti,
Dènye jou yo pral fini.
(REFREN)
Fidèl nou tout dwe rete.
Lwen monn nan nou dwe kanpe,
Kenbe entegrite’n, kenbe laverite.