Kantik 105
Syèl la ap pwoklame glwa Bondye
Édition imprimée
(Sòm 19)
1. Syèl la chante tout glwa Jewova genyen.
Nou wè pisans Bondye nan tout sa li kreye.
E chak jounen ap fè louwanj pou li.
Syèl la, zetwal yo fè konnen li se Wa toutbonvre.
2. Lwa Bondye a bon anpil, li bay lavi.
Rapèl li yo gide timoun, granmoun kou jèn.
Sa’l di yo vrè, nou ka fè yo konfyans.
Pawòl li yo jis, yo itil, n’ap suiv yo ak tout kè’n.
3. Krent pou Bondye ap fè nou viv nètale.
Lwa’l yo pi bon lontan pase pi bon lò a.
Direksyon’l bay pwoteje lavi nou.
N’ap fè konnen non Bondye sen, e n’ap toujou ba’l glwa.
(Gade tou Sòm 111:9; 145:5; Rev. 4:11.)