BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ll 3yèm pati p. 8-9
  • Ki jan lavi a te ye nan Paradi a?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan lavi a te ye nan Paradi a?
  • Koute Bondye pou w viv pou toutan
  • Sou menm sijè a
  • Gen moun ki pi siperyè pase nou
    Koute gran Anseyan an
  • Sa k fè yo pèdi bitasyon yo a
    Liv istwa biblik mwen an
  • Yo te koute Satan: Ki rezilta sa bay?
    Koute Bondye pou w viv pou toutan
  • 3yèm pati
    Koute Bondye
Gade plis
Koute Bondye pou w viv pou toutan
ll 3yèm pati p. 8-9

3YÈM PATI

Ki jan lavi a te ye nan Paradi a?

Jewova te bay Adan ak Èv anpil bon bagay. Jenèz 1:28

Lè Jewova te fin fè Èv, li te mennen l bay Adan.

Jewova te fè Èv, premye fi a, e li te bay Adan Èv kòm madanm. — Jenèz 2:21, 22.

Lè Jewova te kreye yo, lespri yo ak kò yo te pafè, san okenn defo.

Adan ak Èv ap kontanple Paradi a kote yo rete a.

Yo te abite nan Paradi a, sètadi nan jaden Edenn nan. Se te yon kote ki te bèl anpil, te gen yon gwo rivyè ak pye fwi ak bèt nan jaden an.

Jewova te konn pale avèk yo, li te aprann yo anpil bagay. Si yo te koute l, yo t ap viv pou toutan nan Paradi a sou tè a.

Gen youn nan pyebwa yo Bondye te di pou yo pa manje fwi l. Jenèz 2:16, 17

Pyebwa Jewova te di Adan ak Èv pou yo pa manje ladan l lan.

Jewova te montre Adan ak Èv yon pye fwi nan jaden an e li te di yo si yo manje fwi nan pyebwa sa a, y ap mouri.

Zanj mechan an, Satan Ledyab, k ap sèvi ak yon sèpan pou l pale ak Èv.

Youn nan zanj yo te antre nan fè rebèl ak Bondye. Zanj mechan sa a se Satan Ledyab.

Satan pa t vle Adan ak Èv obeyi Jewova. Konsa, li te sèvi ak yon sèpan pou l di Èv si li manje fwi nan pyebwa sa a, li pap mouri, men l ap vin tankou Bondye. Se te yon manti kri. — Jenèz 3:1-5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje