BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ll 5yèm pati p. 12-13
  • Nan epòk delij la, kiyès ki te koute? Kiyès ki pa t koute?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nan epòk delij la, kiyès ki te koute? Kiyès ki pa t koute?
  • Koute Bondye pou w viv pou toutan
  • Sou menm sijè a
  • Lach Noye a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • 5yèm pati
    Koute Bondye
  • Noye bati yon lach
    Liv istwa biblik mwen an
  • Li “t ap mache avèk vrè Dye a”
    Annou imite lafwa yo
Gade plis
Koute Bondye pou w viv pou toutan
ll 5yèm pati p. 12-13

5YÈM PATI

Nan epòk delij la, kiyès ki te koute? Kiyès ki pa t koute?

Pifò moun nan epòk Noye a t ap fè sa ki mal. Jenèz 6:5

Zanj mechan ki te pran fòm kò moun e ki te vin ap viv ak fi sou tè a.

Adan ak Èv te fè pitit, e te vin gen anpil moun sou tè a. Rive yon lè, gen kèk zanj ki te vin rebèl menm jan ak Satan.

Yo te vin sou tè a e yo te pran fòm kò gason pou yo te ka marye ak medam yo. Medam sa yo te fè yon seri pitit gason ki pa t menm jan ak tout moun, yo te brital e yo te gen anpil fòs.

Yon fi kenbe yon tibebe pandan yon tigason ap frape l; Nefilim yo, pitit gason zanj mechan yo, k ap aji avèk vyolans.

Monn nan te vin ranpli ak moun ki t ap fè sa ki mal. Labib fè konnen “lèzòm t ap fè anpil mechanste sou tè a, e tout tandans ki te nan kè yo se fè sa ki mal toutan”.

Noye te koute Bondye, li te bati yon lach. Se te yon gwo batiman. Jenèz 6:13, 14, 18, 19, 22

Noye te koute Bondye.

Noye se te yon bon moun. Jewova te di Noye Li pral detwi mechan yo nan yon delij.

Noye ak fanmi l te bati lach la.

Bondye te di Noye tou pou l bati yon lach, e li te di l pou l fè fanmi l antre ladan l ansanm ak tout kalite bèt.

Noye te avèti moun yo gen yon delij k ap vini, men yo te ri l.

Noye te avèti moun yo gen yon delij k ap vini, men yo pa t koute. Gen kèk ladan yo ki te pase Noye nan rizib, gen lòt ki te rayi l.

Noye ak fanmi l te rasanble bèt yo pou fè yo antre nan lach la.

Lè lach la te fini, Noye te fè bèt yo antre ladan l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje