LESON 3
Ki jan n te rive dekouvri verite ki nan Bib la ankò?
Etidyan Labib yo, bò 1870 yo.
Premye nimewo Toudegad, 1879.
Toudegad jodi a.
Bib la te predi, apre lanmò Jezi, gen fo anseyan ki t ap antre nan mitan kretyen premye syèk la e yo t ap tòde verite ki nan Bib la (Travay 20:29, 30). Se egzakteman sa k te rive. Fo anseyan yo te melanje ansèyman Jezi yo ak ansèyman payen, e konsa, anpil moun ki di yo se kretyen men ki pa suiv ansèyman Kris yo vre te vin parèt (2 Timote 4:3, 4). Jodi a, ki jan n ka sèten nou gen konesans egzak sou sa Bib la anseye toutbonvre?
Moman an te rive pou Jewova fè moun konn laverite. Jewova te predi nan ‘tan lafen an, vrè konesans lan t ap vin anpil’. (Dànyèl 12:4.) An 1870, gen yon ti gwoup moun ki t ap chèche laverite ki te vin rekonèt anpil nan doktrin Legliz yo t ap anseye yo pa t baze sou Bib la. Se sa k fè, yo te kòmanse chèche konprann sa Bib la anseye toutbonvre e Jewova te beni yo, li te fè yo konprann bagay espirityèl yo.
Kèk moun ki sensè te pran san yo pou yo etidye Bib la. Etidyan Labib sa yo, ki te la anvan nou e ki te dilijan, te itilize yon bon metòd pou yo etidye Bib la e jis kounye a nou kontinye itilize menm metòd sa a. Yo te egzamine Bib la sijè pa sijè. Lè yo te jwenn yon vèsè ki difisil pou konprann, yo te chèche lòt vèsè ki ka ede yo konprann li. Lè yo te vin gen yon konpreyansyon ki ann amoni ak rès Bib la, yo te ekri l sou papye. Lefètke yo te kite se Bib la ki esplike vèsè ki ladan l yo, yo te rive dekouvri laverite sou non Bondye, sou Wayòm nan, sou objektif Bondye gen ni pou lèzòm ni pou tè a, sou ki kondisyon mò yo ye ak esperans rezirèksyon an. Rechèch yo te fè yo te libere yo anba anpil fo ansèyman ak pratik ki pa nan Bib la. — Jan 8:31, 32.
Rive nan ane 1879, Etidyan Labib yo te konprann lè a te rive pou yo fè tout moun konn verite ki nan Bib la. Se sa k fè, nan menm ane sa a, yo te kòmanse pibliye Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova a, yon peryodik nou toujou pibliye jodi a. Kounye a, n ap fè moun konn verite ki nan Bib la nan 240 peyi e nou fè sa nan plis pase 750 lang. Anvan sa, vrè konesans lan pa t janm anpil konsa!
Apre lanmò Kris, sa k te rive verite ki nan Bib la?
Ki sa k te pèmèt nou dekouvri verite ki nan Pawòl Bondye a ankò?