BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yc leson 2 p. 6-7
  • Rebeka te vle fè kè Jewova kontan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Rebeka te vle fè kè Jewova kontan
  • Anseye pitit ou
  • Sou menm sijè a
  • “Wi, mwen vle ale”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Izarak jwenn yon bon madanm
    Liv istwa biblik mwen an
  • De jimo, de moun diferan
    Liv istwa biblik mwen an
Anseye pitit ou
yc leson 2 p. 6-7
Elyezè, Rebeka, sèvitè yo ansanm dis chamo ki nan yon vwayaj byen long pou y al Kanaran.

LESON 2

Rebeka te vle fè kè Jewova kontan

Rebeka se yon fi ki te renmen Jewova. Mari l te rele Izarak. Izarak te renmen Jewova tou. Ki jan Rebeka te fè rankontre ak Izarak? Ki jan l te montre li te vle fè kè Jewova kontan? Ann aprann plis bagay sou Rebeka.

Se Abraram ki te papa Izarak, e se Sara ki te manman l. Yo t ap viv nan peyi Kanaran, yon peyi kote moun yo pa t ap adore Jewova. Men, Abraram te vle pou pitit gason l lan marye ak yon fi ki t ap adore Jewova. Se sa k fè, li te voye sèvitè l la, petèt Elyezè, al chèche yon madanm pou Izarak nan yon zòn ki rele Aràn, yon zòn kote kèk moun nan fanmi Abraram t ap viv.

Rebeka k ap met dlo pou chamo Elyezè yo bwè.

Rebeka te aksepte travay di pou l pran dlo pou chamo yo.

Elyezè te fè vwayaj la ansanm ak kèk lòt sèvitè Abraram. Se te yon vwayaj ki te long anpil. Pou yo te fè vwayaj la, yo te mennen dis chamo ki chaje ak manje ansanm ak kado. Ki jan Elyezè t ap fè konnen ki fi pou l chwazi pou Izarak? Lè Elyezè ak lòt sèvitè yo te rive Aràn, yo te fè yon ti kanpe bò yon pi paske Elyezè te konnen gen moun ki pa t ap pran tan pou yo vin chèche dlo nan pi a. Elyezè te priye Jewova e l te di: ‘Si m mande yon jèn fi pou l ban m yon ti dlo epi l bay ni mwen menm ni chamo m yo dlo, m ap konnen se fi sa a ou chwazi pou Izarak.’

Apre sa, gen yon jèn fi ki te rele Rebeka ki te vin pran dlo nan pi a. Bib la fè konnen li te bèl anpil. Elyezè te mande l si l ka ba l yon ti dlo pou l bwè. Rebeka te reponn: ‘Mèwi! Mwen pral pran dlo pou ou e m ap pran dlo pou chamo w yo tou.’ Ou imajine sa! Chamo se bèt ki bwè anpil dlo lè yo swaf. Donk, Rebeka te oblije fè anpil vwayaj nan pi a pou l pran dlo pou yo. Èske w wè jan l ap travay di nan foto a? — Elyezè te sezi anpil lè l te wè fason Jewova te reponn priyè l.

Elyezè te bay Rebeka anpil bèl kado. Rebeka te envite Elyezè ak lòt sèvitè yo lakay fanmi l. Elyezè te esplike yo rezon ki fè Abraram te voye l Aràn ak fason Jewova te reponn priyè l. Fanmi Rebeka te kontan pou Rebeka marye ak Izarak.

Rebeka t al nan peyi Kanaran ak Elyezè epi l te marye ak Izarak.

Men, èske w panse Rebeka te vle marye ak Izarak? — Rebeka te konnen se Jewova ki te voye Elyezè Aràn. Se sa k fè, lè fanmi Rebeka te mande Rebeka si l vle ale nan peyi Kanaran pou l al marye ak Izarak, Rebeka te reponn: ‘Wi, mwen vle ale.’ San pèdi tan, li te pati ak Elyezè. Lè yo rive nan peyi Kanaran, li te marye ak Izarak.

Lefètke Rebeka te fè sa Jewova te mande l pou l fè, Jewova te beni l. Plizyè ane annapre, Jezi te soti nan fanmi Rebeka! Si w aji menm jan ak Rebeka epi w fè kè Jewova kontan, Jewova ap beni w tou.

LI NAN BIB OU

  • Jenèz 12:4, 5; 24:1-58, 67

KESYON:

  • Ki moun Rebeka te ye?

  • Ki sa k fè Abraram pa t vle pou Izarak marye ak yon fi nan peyi Kanaran?

  • Ki jan Elyezè te fè konnen Rebeka se te fi ki te dwe marye ak Izarak la?

  • Ki sa n ka fè pou n vin menm jan ak Rebeka?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje