BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • hf seksyon 4 kesyon 1-2
  • Fason pou n byen jere lajan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou n byen jere lajan
  • Fanmi w ka gen kè kontan
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • 1 BYEN PLANIFYE
  • 2 DI SA W PANSE EPI WÈ BAGAY YO JAN YO YE A
  • Èske lajan se rasin tout bagay ki mal?
    Repons Bib la bay
  • Ki jan m ka byen jere lajan m?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Zafè lajan
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
Fanmi w ka gen kè kontan
hf seksyon 4 kesyon 1-2
Yon koup marye k ap byen planifye fason pou yo jere lajan yo.

SEKSYON 4

Fason pou n byen jere lajan

“Kote ki gen dyalòg, plan yo ap mache.” — Pwovèb 20:18.

Nou tout bezwen lajan pou nou bay fanmi nou sa yo bezwen (Pwovèb 30:8). Dayè, “lajan bay yon pwoteksyon”. (Eklezyas 7:12.) Antanke mari ak madanm, li kapab difisil pou n pale de lajan, men, pa kite lajan fè gen pwoblèm nan maryaj nou (Efezyen 4:32). De moun ki marye dwe fè youn lòt konfyans, e yo dwe met tèt yo ansanm lè y ap deside ki fason y ap depanse lajan yo.

1 BYEN PLANIFYE

MEN SA BIB LA DI: “Kiyès nan nou la a ki vle bati yon fò ki pap chita anvan pou l kalkile konbyen sa ap koute l, dekwa pou l ka wè si l gen ase lajan pou l fini l?” ​(Lik 14:28). Li enpòtan anpil pou n met tèt nou ansanm pou n planifye fason n ap itilize lajan nou (Amòs 3:3). Reflechi sou sa n bezwen e reflechi sou kantite kòb nou kapab depanse (Pwovèb 31:16). Se pa paske n gen lajan pou n achte yon bagay ki fè n oblije achte bagay sa a. Fè efò pou n evite fè dèt. Depanse lajan n genyen sèlman. — Pwovèb 21:5; 22:7.

SA W KA FÈ:

  • Si w ret yon ti kòb nan fen mwa a, deside ansanm sa n ap fè avè l.

  • Si w depanse plis pase sa w te planifye, pran bonjan dispozisyon pou n fè mwens depans. Pa egzanp, nou kapab aranje n pou n fè manje olye nou soti al manje deyò.

Yon koup marye k ap reflechi sou gwo depans yo ta ka fè yo.

2 DI SA W PANSE EPI WÈ BAGAY YO JAN YO YE A

MEN SA BIB LA DI: “Veye pou bagay yo fèt yon fason ki dwat, nonsèlman nan je Jewova, men tou nan je lèzòm.” ​(2 Korentyen 8:21). Fè moun ou marye avè l la konnen egzakteman konbyen kòb ou touche ak konbyen w depanse.

Lè w pral fè yon gwo depans, toujou met moun ou marye avè l la okouran (Pwovèb 13:10). Lè w abòde kesyon lajan ansanm ak moun ou marye avè l la, sa ap pèmèt ou gen lapè nan maryaj ou. Pa konsidere lajan w ap touche a kòm lajan pa w, men konsidere l kòm lajan fanmi an. — 1 Timote 5:8.

Yon koup marye k ap gade yon lis pandan y ap achte.

SA W KA FÈ:

  • Se pou nou toule de dakò sou kantite lajan nou chak ka depanse san n pa bezwen di lòt sa.

  • Pa tann se lè gen pwoblèm pou w kòmanse pale sou kesyon lajan ak moun ou marye avè l la.

FASON POU W KONSIDERE LAJAN

Se vre lajan enpòtan, men, pa kite l bay maryaj ou pwoblèm oswa pa kite l fè w ap enkyete w pou granmesi (Matye 6:25-34). Ou pa bezwen gen anpil lajan pou w gen kè kontan nan lavi a. Bib la di: “Evite tout kalite tanta.” ​(Lik 12:15). Maryaj ou gen plis valè lontan pase nenpòt bagay lajan ka achte. Donk, se pou w kontante w ak sa w genyen, pa janm neglije amitye w gen ak Bondye a. Si w fè sa, fanmi w ap gen kè kontan e w ap gen apwobasyon Jewova. — Ebre 13:5.

MANDE TÈT OU...

  • Antanke fanmi, ki sa n ka fè pou n evite dèt?

  • Ki dènye fwa mwen menm ak moun mwen marye avè l la te pale aklè sou kesyon lajan?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje