BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • hf seksyon 7 kesyon 1-4
  • Fason pou w anseye pitit ou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou w anseye pitit ou
  • Fanmi w ka gen kè kontan
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • 1 METE PITIT OU ALÈZ POU L PALE AVÈ W
  • 2 FÈ EFÒ POU W KONPRANN SA YO SANTI TOUTBON
  • 3 MONTRE YO NOU WÈ BAGAY YO MENM JAN
  • 4 CHÈCHE GEN YON PLAN
  • Enstwi pitit ou depi l toupiti
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Paran, leve pitit ou avèk amou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Ki jan fanmi w ka gen kè kontan?— Dezyèm pati
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Fanmi w ka gen kè kontan
hf seksyon 7 kesyon 1-4
Yon papa k ap ranje yon bisiklèt ansanm ak pitit li.

SEKSYON 7

Fason pou w anseye pitit ou

“Se pou pawòl sa yo m ap di nou jodi a rete nan kè nou, se pou nou fè yo antre nan tèt pitit nou.” — Detewonòm 6:6, 7.

Lè Jewova te pran dispozisyon pou gen fanmi an, li te bay paran yo responsablite pou yo pran swen pitit yo (Kolosyen 3:20). Antanke paran, ou gen responsablite pou w anseye pitit ou pou l renmen Jewova e pou l vin yon moun ki responsab lè l vin gran (2 Timote 1:5; 3:15). Ou dwe konnen sa k nan kè pitit gason w oswa pitit fi w tou. Nòmalman, egzanp ou enpòtan anpil. W ap pi byen anseye pitit ou Pawòl Jewova a si w met Pawòl sa a nan kè w anvan. — Sòm 40:8.

1 METE PITIT OU ALÈZ POU L PALE AVÈ W

MEN SA BIB LA DI: ‘Prese koute pa prese pale.’ ​(Jak 1:19). Ou ta renmen pou pitit ou santi yo alèz pou yo pale avè w. Yo dwe konnen ou pare pou w koute yo lè yo bezwen pale. Ou bezwen kreye yon bon anbyans yon fason pou yo santi yo alèz pou yo di sa k nan kè yo (Jak 3:18). Si yo panse w pral pran yo agrap e w pral jije yo, yo gendwa pa di w tout sa k nan kè yo. Se pou w pasyan ak pitit ou, e w dwe toujou ba yo asirans ou renmen yo. — Matye 3:17; 1 Korentyen 8:1.

SA W KA FÈ:

  • Toujou disponib pou pitit ou lè yo bezwen pale.

  • Pale ak pitit ou regilyèman, pa tann se lè yo gen pwoblèm sèlman pou w fè sa.

2 FÈ EFÒ POU W KONPRANN SA YO SANTI TOUTBON

MEN SA BIB LA DI: “Moun ki montre yo gen bon konprann ap reyisi nan sa y ap fè.” ​(Pwovèb 16:20). Pafwa w ap bezwen chèche wè pi lwen pase sa pitit ou yo di w pou w ka konprann sa yo santi toutbon. Byen souvan, jèn yo konn egzajere nan sa y ap di oswa yo konn di kèk pawòl yo pa t menm vle di. Bib la di: “Yon moun ki kouri reponn anvan l tande, sa l fè a se bagay moun sòt.” ​(Pwovèb 18:13). Donk, ou pa bezwen kouri fache. — Pwovèb 19:11.

Yon manman ki fache akoz yon bagay pitit li di.

SA W KA FÈ:

  • Kèlkeswa sa pitit ou di, toujou fè atansyon pou w pa entèwonp li oswa pou w pa mal aji.

  • Eseye sonje jan w te santi w lè w te nan laj yo, epi eseye sonje sa k te parèt enpòtan pou ou.

3 MONTRE YO NOU WÈ BAGAY YO MENM JAN

MEN SA BIB LA DI: “Pitit mwen, koute papa w lè l ap ba w disiplin, e pa bliye lòd manman w ba ou.” ​(Pwovèb 1:8). Jewova bay ni manman ni papa otorite sou pitit yo. Ou dwe anseye pitit ou pou yo respekte w e pou yo obeyi w (Efezyen 6:1-3). Timoun yo ka santi lè paran yo pa “byen ini nan menm panse”. (1 Korentyen 1:10.) Si n pa dakò sou yon bagay, fè efò pou n pa montre sa devan timoun yo paske sa ka fè yo pa respekte nou menm jan an ankò antanke paran.

Yon papa k ap disipline yon pitit li an prive pandan manman an nan yon lòt pyès ak lòt pitit la.

SA W KA FÈ:

  • Pale ak moun ou marye avè l la sou fason n ap disipline pitit nou epi antann nou sou sa.

  • Si n pa fin dakò sou fason n ap leve pitit nou, fè efò pou w konsidere pwennvi moun ou marye avè l la.

4 CHÈCHE GEN YON PLAN

MEN SA BIB LA DI: “Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache.” ​(Pwovèb 22:6). Se pa annik konsa w ap rete epi w wè edikasyon pitit ou fèt. Ou bezwen fè yon plan pou w wè ki fason w ap leve pitit ou, sa ki gen ladan l fason w ap disipline yo tou (Sòm 127:4; Pwovèb 29:17). Disipline yon timoun pa vle di ba l pinisyon sèlman, men, sa gen ladan l ede timoun nan konprann rezon ki fè w pa pèmèt li fè tout bagay (Pwovèb 28:7). Anplis de sa, anseye yo pou yo renmen Pawòl Jewova a e pou yo chèche byen konprann prensip Jewova yo (Sòm 1:2). Sa ap ede yo gen yon bon konsyans. — Ebre 5:14.

SA W KA FÈ:

  • Asire w timoun yo wè Bondye kòm yon moun reyèl, yon moun yo ka fè konfyans.

  • Aprann yo idantifye danje nan domèn moral, tankou danje sou Entènèt ak rezo sosyal, ak kòman pou yo evite danje sa yo. Montre yo kòman pou yo evite pran kontak ak moun k ap chèche pwofite moun nan domèn seksyèl.

Yon tigason ki te jwenn fòmasyon nan men paran l pou l vin sèvi Jewova depi l te toupiti jiskaske l batize.

“Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache.”

JEWOVA AP BENI EFÒ W FÈ YO

Antanke paran, ou gen yon asiyasyon espesyal, anpalan de montre pitit ou fason Jewova panse (Efezyen 6:4). Jewova konnen se pa yon ti travay sa ye, men, ou mèt gen asirans rezilta w ap jwenn yo ap fè Bondye jwenn louwanj e y ap ba w anpil kè kontan. — Pwovèb 23:24.

MANDE TÈT OU...

  • Ki jan m ka met pitit mwen alèz pou l pale avè m sou nenpòt ki bagay?

  • Ki sa m ka aprann nan fason lòt paran ap leve pitit yo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje