BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • hf seksyon 9 kesyon 1-2
  • Adore Jewova an fanmi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Adore Jewova an fanmi
  • Fanmi w ka gen kè kontan
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • 1 FÈ RELASYON W AK JEWOVA VIN PI SOLID
  • 2 PRAN PLEZI NAN ADORASYON AN FANMI AN
  • Yon èd pou fanmi yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Ki sa adorasyon an fanmi an ye?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Adorasyon an fanmi — Èske w ka fè l vin pi enteresan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou”
    Annou pwoche bò kote Jewova
Gade plis
Fanmi w ka gen kè kontan
hf seksyon 9 kesyon 1-2
Yon koup marye k ap etidye Labib ansanm.

SEKSYON 9

Adore Jewova an fanmi

“Adore moun ki fè syèl la [ak] tè a.” — Revelasyon 14:7.

Jan w te aprann sa nan bwochi sa a, Bib la gen anpil prensip ki ka ede ou menm ak fanmi w. Jewova vle pou w gen kè kontan. Li pwomèt ou si w met adorasyon w ap ba li a an premye, “l ap ajoute tout lòt bagay” yo pou ou (Matye 6:33). Li vrèman vle pou w vin zanmi l. Sèvi ak tout okazyon w jwenn pou w devlope yon amitye ak Bondye. Se pi gwo privilèj yon moun ka genyen. — Matye 22:37, 38.

1 FÈ RELASYON W AK JEWOVA VIN PI SOLID

Yon mari k ap preche ansanm ak madanm li.

MEN SA BIB LA DI: “‘M ap vin yon papa pou nou, e n ap vin pitit gason m ak pitit fi m’, se sa Jewova di.” ​(2 Korentyen 6:18). Bondye vle w gen yon amitye sere sere avè l. Lapriyè se youn nan bagay ki ka ede w nan sans sa a. Jewova mande w pou w “priye toutan”. (1 Tesalonisyen 5:17.) Li vrèman anvi tande w k ap di l sa k nan panse w ak sa k ap trakase w (Filipyen 4:6). Lè w priye ak fanmi w, y ap kapab wè jis nan ki pwen Bondye reyèl pou ou.

Se vre w bezwen pale ak Bondye, men, ou bezwen koute l tou. W ap ka fè sa lè w etidye Pawòl li a ak piblikasyon ki baze sou Bib la (Sòm 1:1, 2). Byen reflechi sou sa w aprann yo (Sòm 77:11, 12). Yon lòt fason w ka koute Bondye, se lè w asiste reyinyon yo regilyèman. — Sòm 122:1-4.

Lè w pale ak lòt moun konsènan Jewova, se yon lòt fason ki enpòtan tou pou w fè relasyon w gen avè l la vin pi solid. Plis ou fè sa, se plis w ap santi w pwòch avè l. — Matye 28:19, 20.

SA W KA FÈ:

  • Rezève tan chak jou pou w li Bib la epi pou w priye.

  • Antanke fanmi, met aktivite espirityèl yo anvan detant ak divètisman.

2 PRAN PLEZI NAN ADORASYON AN FANMI AN

Yon papa k ap prepare adorasyon an fanmi an. Annapre, fanmi pran plezi nan adorasyon an fanmi an.

MEN SA BIB LA DI: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” ​(Jak 4:8). Ou bezwen fè yon pwogram pou w fè adorasyon an fanmi an regilyèman, epi w dwe respekte pwogram sa a (Jenèz 18:19). Men, ou bezwen fè plis toujou. Bondye dwe nan lavi w chak jou. Fè relasyon fanmi w gen ak Bondye a vin pi solid, lè w pale de Bondye ak yo ‘pandan w chita lakay ou, pandan w ap mache avèk yo sou wout, pandan w kouche ak lè w leve’. (Detewonòm 6:6, 7.) Fikse objektif pou w aji menm jan ak Jozye. Men sa l te di: “Kanta pou mwen menm ak fanmi m, se Jewova n ap sèvi.” — Jozye 24:15.

SA W KA FÈ:

  • Chèche fè yon bon pwogram selon bezwen chak moun nan fanmi an.

Yon manman k ap li pou tipitit gason l. Yon fanmi k ap jwe yon istwa nan Bib la. Yon papa k ap etidye ak pitit fi l.

SÈVITÈ JEWOVA YO GEN KÈ KONTAN

Pa gen anyen ki pi bon pase adore Jewova Dye. Sa fè l kontan pou l wè ou menm ak fanmi w k ap sèvi l ak tout kè nou. Tank n ap fè sa, se tank n ap vin renmen Jewova, e se tank n ap imite l pi plis toujou (Mak 12:30; Efezyen 5:1). Lè w gen Bondye nan maryaj ou, sa pèmèt relasyon w gen ak moun ou marye avè l la vin pi solid (Eklezyas 4:12; Izayi 48:17). Lefètke w konnen “Jewova, Bondye nou an, ap beni nou”, ou menm ak fanmi w ka gen kè kontan pou toutan. — Detewonòm 12:7.

MANDE TÈT OU...

  • Ki dènye fwa nou te priye ansanm?

  • Ki sa m ka etidye ak fanmi m k ap fè lafwa nou gen nan Jewova a vin pi solid?

YON MESAJ POU CHÈF FANMI YO

  • Pa kite anyen anpeche w fè adorasyon an fanmi an.

  • Fè fanmi an konnen alavans sou ki sa nou pral pale yon fason pou yo ka prepare.

  • Asire w chak moun nan fanmi an la.

  • Kreye yon bèl anbyans k ap pèmèt tout moun alèz.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje