BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 1 p. 10-p. 11 par. 8
  • De mesaj ki sot nan Bondye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • De mesaj ki sot nan Bondye
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Mesaj ki sot nan syèl la
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Elizabèt fè yon tibebe
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Moun ki pral prepare wout la fèt
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Yon zanj vizite Mari
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 1 p. 10-p. 11 par. 8
Zanj Gabriyèl parèt devan Zakari. Elizabèt ansent.

CHAPIT 1

De mesaj ki soti nan Bondye

LIK 1:5-33

  • ZANJ GABRIYÈL ANONSE NESANS JAN KI KONN BATIZE MOUN NAN

  • ZANJ GABRIYÈL FÈ MARI KONNEN MARI PRAL FÈ JEZI

Nan yon sans, nou ka konsidere tout Bib la kòm yon mesaj ki soti nan Bondye. Papa nou ki nan syèl la ban nou Bib la pou enstriksyon nou. Kounye a, ann fè yon ti pale sou de mesaj espesyal yo te bay sa gen 2 000 ane. Se zanj Gabriyèl, li menm ki “kanpe devan Bondye”, ki pote mesaj sa yo (Lik 1:19). Ki sikonstans ki te oblije zanj Gabriyèl pote de mesaj enpòtan sa yo?

Nou nan anviwon ane 3 anvan epòk nou an. Ki kote Gabriyèl ap bay premye mesaj li a? Nan Jide, nan yon zòn ki gen mòn, sandout nan yon zòn ki pa twò lwen vil Jerizalèm kote Zakari, yon prèt Jewova, ap viv. Mesye sa a ak madanm li, Elizabèt, granmoun, e yo pa gen pitit. Se tou pa Zakari pou l sèvi kòm prèt nan tanp Bondye a nan Jerizalèm. Pandan Zakari nan tanp lan, bridsoukou, Gabriyèl parèt adwat lotèl yo konn boule lansan an.

Nou ka konprann rezon ki fè Zakari pè. Men, zanj Gabriyèl kalme Zakari, li di l: “Ou pa bezwen pè, Zakari, paske Bondye tande siplikasyon w yo. Elizabèt, madanm ou, ap fè yon pitit gason pou ou. Ou dwe rele l Jan.” Gabriyèl fè konnen Jan “ap vin yon moun enpòtan nan je Jewova”, e l ap “prepare yon pèp pou Jewova”. — Lik 1:13-17.

Zakari fè siy ak men l.

Pou Zakari, sa sanble yon bagay ki enposib. Sa k fè l panse konsa? Poutèt laj li menm ak Elizabèt genyen. Donk, Gabriyèl di l: “Poutèt ou pa kwè nan pawòl mwen di w yo, pawòl ki gen pou akonpli nan tan ki fikse pou sa a, w ap bèbè, ou pap ka pale pou jis jou bagay sa yo fèt.” — Lik 1:20.

Pandan tan sa a, moun ki deyò yo ap mande poukisa Zakari pran tout tan sa a anndan tanp lan. Finalman, lè l sot deyò, li pa ka pale, men se sèlman siy li ka fè ak men l, konsa moun yo vin konprann li sot wè yon bagay ki pa nòmal.

Lè Zakari fin fè tan li te gen pou l pase nan sèvis li nan tanp lan, li retounen lakay li. Yon ti tan apre, Elizabèt vin ansent! Pandan Elizabèt ap tann moman pou l akouche a, li ret lakay li pandan senk mwa, san l pa pran kontak ak moun.

Zanj Gabriyèl parèt devan Mari.

Kèk tan apre, zanj Gabriyèl parèt yon lòt fwa ankò. Ak kiyès li pale? Li pale ak yon jèn fi ki pa marye, ki rele Mari e ki abite nan nò Galile, nan vil Nazarèt. Ki sa zanj lan di l? Li di Mari: “Bondye fè w favè.” Apre sa, Gabriyèl di Mari: “Gade! W ap vin ansent, w ap fè yon pitit gason, e ou dwe rele l Jezi.” Epi li di: “L ap vin yon moun enpòtan, y ap rele l Pitit Sila a ki nan pi gwo pozisyon an. [...] Li va dirije tout kay Jakòb la antanke wa pou toutan, e Wayòm li an pap janm fini.” — Lik 1:30-33.

Nou pa bezwen mande fason zanj Gabriyèl dwe te santi l pou privilèj li te genyen pou l bay de mesaj sa yo! Tank n ap li istwa Jan ak Jezi, n ap rive wè aklè rezon ki fè de mesaj sa yo ki te sot nan syèl la enpòtan konsa.

  • Kiyès ki te pote de mesaj enpòtan sot nan syèl la?

  • Bay kiyès li te pote de mesaj sa yo?

  • Dapre ou menm, poukisa li te difisil konsa pou yo kwè mesaj sa yo ki sot nan syèl la?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje