BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 4 p. 16-p. 17 par. 3
  • Mari ansent anvan l marye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mari ansent anvan l marye
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Li ansent san l pa marye
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sa nou ka aprann nan egzanp Mari
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • “Mwen se esklav Jewova!”
    Annou imite lafwa yo
  • Li te “rezone nan kè l”
    Annou imite lafwa yo
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 4 p. 16-p. 17 par. 3
Mari di Jozèf li ansent.

CHAPIT 4

Mari ansent anvan l marye

MATYE 1:18-25 LIK 1:56

  • JOZÈF APRANN MARI ANSENT

  • MARI VIN MADANM JOZÈF

Mari gen kat mwa depi l ansent. Ou sonje, lè li te fèk ansent li t al wè Elizabèt pou l pase yon ti tan avè l nan mòn Jide yo ki nan sid, men kounye a, li retounen lakay li nan vil Nazarèt. Talè konsa, tout moun nan vil sa a pral konnen li ansent. Imajine jan sitiyasyon sa a difisil anpil pou li!

Sa k fè sitiyasyon an pi grav, sèke Mari fiyanse ak yon bòs chapant ki rele Jozèf e ki abite nan zòn li an. E Mari konnen sa lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl la di. Selon lwa sa a, si yon fi ki fiyanse ak yon gason dakò kouche ak yon lòt gason, yo ta dwe kalonnen fi sa a ak kout wòch (Detewonòm 22:23, 24). Kounye a, menm lè Mari pa t fè yon aksyon ki imoral, petèt li t ap mande kòman l pral esplike Jozèf li ansent ak sa k pral rive apre sa.

Piske Mari pati depi twa mwa, se sèten Jozèf pa ka tann pou l wè Mari. Lè yo rankontre, sandout Mari anonse Jozèf nouvèl la. Petèt, Mari fè tout sa l kapab pou l esplike Jozèf se pa mwayen lespri sen li ansent. Men, kòm ou ka imajine, li trè difisil pou Jozèf konprann sa k rive a e pou l kwè.

Jozèf konnen Mari se yon bon fi e li gen bon repitasyon. E sandout li renmen l anpil. Sepandan, kèlkeswa sa Mari te ka di l, ta sanble se pou lòt gason li ansent. Malgre sa, Jozèf pa vle yo touye Mari ak kout wòch ni pou yo dezonore l an piblik. Konsa, li deside divòse avè l an sekrè. Nan epòk sa a, yo te konsidere moun ki fiyanse kòm moun ki marye. Se sa k fè, pou de moun ki fiyanse te kite, se divòse yo te dwe divòse.

Zanj Jewova a parèt devan Jozèf nan yon rèv.

Nan pita, Jozèf al kouche toutpandan li kontinye ap reflechi sou pwoblèm nan. Nan yon rèv, li wè yon zanj Jewova ki vin pale avè l. Zanj lan di l: “Ou pa bezwen pè pran Mari, madanm ou, lakay ou, paske se grasa lespri sen li ansent. L ap fè yon pitit gason, e ou dwe rele l Jezi, paske li pral delivre pèp li a anba peche yo fè.” — Matye 1:20, 21.

Lè Jozèf leve, se pa ti kontan li kontan lefètke li vin konprann byen klè sa k rive a! San pèdi tan, li fè egzakteman sa zanj lan di l la. Li pran Mari lakay li. Anfèt, aksyon sa a tout moun te ka wè a tou sèvi kòm seremoni maryaj la. Sa montre Jozèf ak Mari marye ofisyèlman. Men, Jozèf pa antre nan relasyon seksyèl ak Mari pandan l ansent Jezi a.

Mari chita sou yon bourik e Jozèf mete zafè l yo sou bourik la.

Kèk mwa annapre, Jozèf ansanm ak Mari, ki gwo vant, te pare pou yo fè yon gwo vwayaj pou y al lakay yo nan Nazarèt. Poukisa y ap vwayaje alòske Mari prèske akouche?

  • Ki sa Jozèf dwe panse lè l aprann Mari ansent, e poukisa?

  • Kòman l fè posib pou Jozèf divòse ak Mari alòske yo poko marye?

  • Ki aksyon tout moun te ka wè ki montre Jozèf ak Mari marye?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje