BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 13 p. 36-p. 37 par. 6
  • Sa n aprann nan fason Jezi te fè fas ak tantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sa n aprann nan fason Jezi te fè fas ak tantasyon
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Leson nou ka tire nan tantasyon Jezi yo
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Nou dwe reziste devan tantasyon
    Koute gran Anseyan an
  • Annou “ pran pozisyon kont Satan ” menm jan ak Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Dyab la teste Jezi
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 13 p. 36-p. 37 par. 6
Jezi reziste devan tantasyon Dyab la.

CHAPIT 13

Sa n aprann nan fason Jezi te fè fas ak tantasyon

MATYE 4:1-11 MAK 1:12, 13 LIK 4:1-13

  • SATAN TANTE JEZI

Tousuit apre Jan fin batize Jezi, lespri Bondye mennen l nan dezè Jide a. Jezi gen anpil bagay pou l reflechi sou yo. Lè li t ap batize, ‘syèl la te ouvri’. (Matye 3:16.) Konsa, li te ka sonje sa l te konnen ak sa l te konn fè lè l te nan syèl la. Vrèmanvre, li gen anpil bagay pou l reflechi sou yo!

Jezi pase 40 jou ak 40 nuit nan dezè a. Li pa manje anyen pandan tan sa a. Annapre, nan yon moman li te grangou anpil, Satan Ledyab vin kote l pou l tante l epi li di l: “Si w se yon pitit Bondye, di wòch sa yo pou yo tounen pen.” ​(Matye 4:3). Men Jezi konnen li pa bon pou l sèvi ak pouvwa li genyen pou l fè mirak pou l satisfè dezi pèsonèl li. Se poutèt sa li reziste devan tantasyon sa a.

Men, Dyab la pa kite sa. Li eseye yon lòt metòd. Li bay Jezi yon defi. Li mande l pou l kanpe sou mi tanp lan pou l lage kò l anba. Men, Jezi reziste devan tantasyon pou l fè yon kokenn egzibisyon konsa. Jezi site pawòl ki nan Ekriti yo pou l montre li pa bon pou yon moun pase Bondye anba eprèv nan fason sa a.

Apre sa, nan yon twazyèm tantasyon, Dyab la fè yon jan pou l “montre [Jezi] tout wayòm ki nan monn nan ak glwa ki gen ladan yo”. Epi li di l: “M ap ba w tout bagay sa yo si w met jenou w atè, e ou fè yon jès pou w adore m.” Yon lòt fwa ankò, Jezi refize kareman. Men sa l di l: “Al fè wout ou, Satan!” ​(Matye 4:8-10). Jezi reziste devan tantasyon pou l fè yon bagay mal paske li konnen se Jewova sèlman yon moun dwe bay yon sèvis sakre. Wi, li chwazi rete fidèl anvè Bondye.

Nou ka aprann leson nan tantasyon Jezi te jwenn yo ak nan fason l te fè fas ak yo. Tantasyon sa yo te fèt vre, sa ki montre Dyab la se pa tou senpleman sa ki mal, jan kèk moun pretann sa. Li se yon moun envizib ki reyèl. Anplis de sa, tantasyon sa yo montre tout gouvènman sou tè a anba dominasyon Dyab la e se anba kontwòl li yo ye. Si se pa t sa, ki jan òf Dyab la fè Kris la t ap yon tantasyon vre?

Epi, Dyab la te fè konnen li dispoze rekonpanse Jezi si l fè yon jès pou l adore l, e li menm dispoze ba li tout wayòm ki nan monn nan. Dyab la ka eseye tante nou konsa tou, petèt li ka mete tantasyon devan nou, tankou posiblite pou nou gen richès, pouvwa oswa gwo pozisyon nan monn nan. Se pa ti saj nou montre nou saj lè nou rete fidèl anvè Bondye devan kèlkeswa tantasyon nou jwenn, menm jan Jezi te fè sa! Men, sonje Dyab la te kite Jezi “annatandan l jwenn yon lòt bon okazyon”. (Lik 4:13.) Li ka fè menm bagay la pou nou tou, se sa k fè, nou pa dwe janm sispann veye.

  • Sou ki bagay sanble Jezi t ap reflechi pandan 40 jou li te pase nan dezè a?

  • Ki jan Dyab la eseye tante Jezi?

  • Ki sa nou ka aprann nan tantasyon Jezi jwenn yo ak nan fason l te fè fas ak yo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje