BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 24 p. 62-p. 63 par. 7
  • Li ogmante aktivite l nan Galile

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li ogmante aktivite l nan Galile
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Rezon ki fè Jezi te vin sou tè a
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • A7-C Prensipal evènman nan lavi Jezi pandan l te sou tè a — Gwo kanpay predikasyon Jezi te fè nan Galile a (1ye pati)
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Li zele pou adorasyon Jewova
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Pwofesi ki te akonpli sou Mesi a
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 24 p. 62-p. 63 par. 7
Pyè, Andre, Jak ak Jan jwenn Jezi.

CHAPIT 24

Li ogmante aktivite l nan Galile

MATYE 4:23-25 MAK 1:35-39 LIK 4:42, 43

  • JEZI AP FÈ YON KANPAY PREDIKASYON NAN GALILE AK KAT DISIP LI YO

  • MOUN TOUPATOU VIN KONNEN PREDIKASYON L LAN AK TRAVAY LI T AP FÈ YO

Jezi gen anpil aktivite nan jounen li pase nan vil Kapènawòm ak kat nan disip li yo, e nan aswè moun Kapènawòm yo mennen tout moun malad yo genyen ba li pou l ka geri yo. Sa fè l pa jwenn tan pou l ret poukont li.

Demen maten byen bonè, pandan l toujou fè nwa, Jezi leve l al deyò poukont li. L ale nan yon zòn ki izole kote l ka priye Papa l san pa gen lòt moun la. Men, Jezi pa rive pase anpil tan poukont li, paske lè yo wè li pa la, “Simon ak moun ki te avè l yo” al dèyè Jezi. Petèt, se Pyè ki te pi chofe pou al chèche l paske Jezi te lakay li. — Mak 1:36; Lik 4:38.

Lè yo jwenn Jezi, Pyè di: “Tout moun ap chèche w.” ​(Mak 1:37). Nou ka konprann rezon ki fè moun Kapènawòm yo vle pou Jezi rete. Yo te vrèman renmen sa l te fè yo, se sa k fè, yo eseye “anpeche l al kite yo”. (Lik 4:42.) Men, èske Jezi te vin sou tè a sitou pou l fè mirak pou l geri moun? Èske Jezi vle fè aktivite l nan zòn sa a sèlman? Ki sa Jezi di sou sa?

Jezi lonje men l sou yon vil ki toupre a pandan l ap pale ak Pyè, Andre, Jak ak Jan.

Men sa Jezi reponn disip li yo: “Ann al lòt kote, nan bouk ki toupre yo, pou m ka preche nan zòn sa yo tou, paske se pou sa mwen vini.” Anfèt, Jezi di moun ki te vle l rete yo: “Mwen dwe al anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa Bondye te voye m.” — Mak 1:38; Lik 4:43.

Vrèmanvre, youn nan gwo rezon ki fè Jezi vin sou tè a se pou l preche konsènan Wayòm Bondye a. Wayòm sa a pral fè non Papa l vin sen e li pral rezoud pwoblèm maladi a pou toutan. Lè Jezi te fè mirak pou l geri moun ki malad yo, se yon fason pou l montre aklè se Bondye ki te voye l. Menm jan an tou, kèk syèk anvan sa, Moyiz te fè mirak pou l te montre se Bondye ki te voye l. — Egzòd 4:1-9, 30, 31.

Donk, Jezi kite Kapènawòm pou l al preche nan lòt vil, e kat disip li yo ale avè l. Kat disip sa yo se Pyè ak frè l la, Andre, epi Jan ak frè l la, Jak. Sonje sa fè yon semèn sèlman depi Jezi te envite yo kòm premye moun k ap akonpaye l nan travay li t ap fè a.

Predikasyon Jezi te fè nan Galile ak kat disip li yo te bay bon rezilta! Anfèt, se toupatou yo t ap pale de Jezi. “Yo t ap pale de li nan tout Siri”, nan zòn ki nan dis vil ki rele Dekapòl la e jis pa lòtbò Rivyè Jouden an (Matye 4:24, 25). Sa vin fè gen gwo foul moun ki soti nan zòn sa yo, sa gen ladan l moun Jide ak moun pa lòt bò Rivyè Jouden an, ki vin suiv Jezi ak disip li yo. Anpil moun mennen moun k ap chèche gerizon ba li. Jezi pa t kite yo ale san li pa t fè sa yo t ap atann li fè a: li geri moun ki malad yo e li chase movèzespri sou moun ki te gen demon sou yo.

  • Ki sa k rive nan demen maten apre jounen aktivite Jezi te pase nan Kapènawòm nan?

  • Poukisa Jezi te vin sou tè a, e poukisa li te konn fè mirak?

  • Kiyès ki akonpaye Jezi nan kanpay predikasyon nan Galile a, e ki rezilta l jwenn?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje